It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Showing posts with label Anakopopilis. Show all posts
Showing posts with label Anakopopilis. Show all posts

Thursday, May 24, 2018

Eta Jenero : Demokrasi, Pouvwa Politik ak Avni peyi Dayiti pa Stanley Lucas


Ampil nan moun ki vle pran e ekzèse pouvwa politik nan peyi dayiti parese ampil. Ampil ladan yo refize chita e reflechi sou kompleksite problèm ke peyi a ak pèp la ap viv . Yo refize chita e reflechi pou fè yon minimom de preparasyon k ap pèmèt yo dirije byen si pèp la bayo pouvwa leta nan eleksyon.

Ampil lidè peyi dayiti parese e enkonpetan
 Rezilta parès  sa a fè ke ampil nan moun k ap fè politik pa genyen okenn referans ideolojik. Program elektoral yo se yon pakèt slogan ki pa kanpe sou anyen serye an matyè de politik piblik. Akoz desa tout lajounen n ap obsève yon pakèt enprovizasyon, pale anpil nan radyo, san sibstans ki p ap mennen peyi a okenn kote.Yo champyon nan kritike e yo absan nan propoze solisyon. Paske pa gen preparasyon, planifikasyon e oganizasyon tout lajounen yo sètoblije ap entèvni e reponn sou kriz konjonktirèl paske popilasyon an nan yon zonn ou yon lòt pran lari e ap rele anmwe  e revandike pou yon problèm ke yo genyen. Dirijan politik toutbon pa fonksyone konsa. Dirijan politik toutbon toujou òganize pati politik pa yo, planifye alavans pou aji, antisipe problèm yo e solisyone yo. Lidè peyi dayiti ki parese e enkonpetan refize fèsa. Se pou rezon sa kifè ke lidè politik pa kapab genyen eleksyon paske yo pa genyen anyen pou ofri pèp la. Politik la se menmjan ak ekonomi, jwèt òf e demand ekziste ladanl tou. Demand la soti nan mitan pèp la e wol pâti politik yo se pou yo ofri bon machandiz solisyon. Pati politik yo pa fèssa. Se pousa ampil lidè politik anakopopilis toujou nan konplo pou pran pouvwa san eleksyon.

Jesyon leta : bouba won, pete kare
Pou nou mete koze sa a sou po tanbou, jesyon leta koute yon pakèt lajan pa rapò ak kèk minis ak direktè jeneral k ap regle zafè pèsonèl yo e kèk palmantè k ap menase tout lajounen , paske yo bezwen pozisyon nan ekzekitif la ak lajan. Reyalite sa fè ke yon pâti nan lajan leta ki ta dwe ale solisyone problèm pèp la depanse nan regle zafè pèsonèl. Kansè sa a ekziste nan leta a depi kèk jou. Leta pa kapab kontinye jere konsa paske  lè w rantre nan lojik sa a p ap gen ni mwayen ni resous ki rete pou reponn a bezwen pèp la e retire peyi a nan mizè e mennen l nan devlopman. Rezilta reyalite a  fè leta absan nan yon pakèt zonn nan peyi dayiti. Lè’w analize pifon ou dekouvri tou ke leta pa gen mwayen finansye pou peye pou tout pos e strikti ke konstitisyon an kreye. Se pousa moun k ap réfléchi yo pa sezi wè ke gen de fwa plizyè biwo leta konn pase ampil mwa san leta pa ka peye yo. Reyalite a sèke depi kèk tan nou gen yon leta bounda won, pete kare. Men pèsonn pa vle manyen e solisyone problèm sa a.  Depi plizyè ane pase yo solisyone problèm sa a, dirijan yo pito rantre nan defisi bidjetè ak yon seri de manèv ki foure nou pifon nan trou a.

Yon seri de nouvo lougawou
Kanta pou koripsyon se yon kansè ki rive jis nan zo. Akizasyon kont Prezidan, Premye Minis, Minis, Direktè Jeneral ki vòlè fè kenken tout lajounen nan radyo. Men pi gro vòlè k ap piye leta yo pa janm pale de yo. Radyo pè pèdi piblisite nan men yo. Yon pati nan sektè prive tradisyonèl la ansanm ak nèg sosyete sivil ap piye leta  depi plis ke 40 an, san yo pa gen pozisyon ofisyèl. Ekip lougarou sa a ki nan prive e nan sosyete sivil sou woulman e trafik infliyans tout lajounen nan palè nasyonal, nan primati, nan ministè yo, nan direksyon jeneral yo elatrye. Yo toupatou tankou sansi k ap pede souse leta. Leta se chwal papa yo. Lè yo pa mete moun pa yo nan kabinè ministeryèl ou nan lot pozisyon pou fè pou yo, fok ou maton ampil pou jwen tras dega ke yo fè andedan leta a travè kontra ou acha bidon.

Minotri, Petrokaribe, Gwoup de Boudon, Gwoup Blakawout, lougawou deyò
 Gade sakpase a Minotri, PL-480, biwo ak pwosesis monetizasyon nan achte e vann gaz, Varreux 1, 2 e 3, Petrokaribe wa komprann. Kom lougarou sayo ki nan prive e nan sosyete sivil pa gen pozisyon ofisyèl, tankou soumaren anba dlo lanmè, ou pa ka wè yo si ou pa maton. Kanta jesyon 1 milya 700 milyon Petrokaribe sou 3 Prezidan e 6 Premye Minis li malfèt. Menmsi genyen bagay kifèt lè ou konsidere projè ki komanse ki pa fini e projè kote lajan an depanse e projè yo pafèt, ou konstate ke gen problèm e jesyon an te kafèt pibyen. Fòk nou di tou te gen enkonpetans tou ladan l. Pandan 10 zan ke program saa ekziste genyen otorite leta ki asosye ak kèk nèg sektè prive kinan Gwoup de Boudon, Gwoup Blakawout elatrye melanje ak kèk blan ki mete ansanm pou volè yon pâti nan lajan petrokaribe. Si’w onèt w ap rekonèt ke genyen bagay kifèt toutbon ak lajan petrokaribe, te genyen enkonpetans e genyen tou volè ladan l. Pou nou wè klè nou dwe pran san nou pou nou separe diferan kategori sa yo. Moun serye gen dwa aprann pa dako sou strateji nan itilizasyon resous sa yo. Malerezman politik patizan anakopopilis melanje ak enkonpetans politik nèg ki vle pouvwa san eleksyon, ampeche peyi dayiti jwen laverite sou program sa. Sanble se lè bagay yo ranje Venezuela ke Ayiti pral jwen laverite sou kesyon sa a. Moun ki nan piye leta yo fonksyone byen ak moun ki nan trafik dwòg, moun k ap pote bwat lajan bayo e moun ki nan sistèm bankè e finansye kap ede yo blanchi lajan dwòg. Yo mete tèt ansanm pou kenbe sistèm nan anplas.

Yon gro krim kont pèp Ayisien
Depi 30 an, amplis de koripsyon anndan leta e pon ki ekziste ak dwòg dilè ki nan Johnson & Johnson, genyen tou jesyon èd entènasyonal la, ki genyen ampil koripsyon, trafik infliyans ak gaspiyaj sistematik k ap fèt. Jan blan yo kraze lajan èd bilatéral, miltilateral e donasyon prive pou Ayiti apre 12 Janvye 2010, bagay sa reprezante yon gro krim kont pèp Ayisien. Anakopopilis ki pè blan pa pale de sa ditou. Poutan se plis pase 13 milya dola ameriken ke sa reprezante. Wap remake tou nan dosye trafik dwòg Johnson & Johnson, blan yo de tanzantan ranmasse ti trafikan men gwo bankye kap blanchi yo pa enkyete. Okontrè gro pot politik louvri pou yo nan kapital peyi etranje yo e yo toujou chita nan tout reyinyon ak resepsyon ofisyèl. Dosye ipokrit sa merite analize.

Kase ren koripsyon an
Tout bagay sa yo merite pou ranje, men se pa yon travay fasil. Fòk ou gen ampil kouraj, karaktè, metòd, konpetans ak detèminasyon, fòk ou pa yon ti visye ki renmen lajan e pare pou sakrifye tèt ou pou kase ren koripsyon sa yo nan peyi dayiti. Lè ou komanse kase ren koripsyon an ou dwe metodik, disipline e fè atansyon pou’w pa mouri tankou Robert Marcelo oubyen pran koudeta tèlman kowompi yo awogan e pwuisan.

Eritaj 30 an lavaj sèvo
Sa nap viv la depi  apeprè 30 an, se pa yon aksidan ke li ye. Se eritaj yon ideoloji ki reyalize yon lavaj sèvo nan tèt pèp la e ki tabli tou yon sistèm jesyon ki gen pou l koule nou tout si nou pa chanje sa. Premye faz lavaj sèvo sa fèt de 1986 a 1990. Nan premye faz la, anakopopilis yo kraze tout valè tradisyonèl ke pèp la te kwè ladan l, ansanm ak kèk enstitisyon. Yo kraze kwayans relijye, valè moral nou ak valè ke travay e edikasyon te reprezante. Granmoun, jènn, fanm, gason, tout sosyete a te kwè nan travay kom zouti, mwayen kap pèmèt ou ateri ak rèv ke ou genyen nan lavi’w. Sosyete a te kwè nan travay ak konsyans latè, travay ak konsyans lekol, travay ak konsyans nan inivèsite, travay ak konsyans kom profesè, kom pè, kom pastè, kom peyizan elatrye. Depi 1986 ideolog anakopopilis chanje sa e kraze valè sa ke yo rele travay. Yo fè ampil malere kwè ke san edikasyon, san konpetans, san yo pa travay yo ka rive nenpot ki kote ke yo vle nan lavi. Se konsa anakopopilis yo pral kreye e kalé granmanjè, chimè, militan elatrye. Yo pral fòse tout moun konpetan retire kò yo, travayè pral fè revandikasyon san travay, elèv pral mande promosyon san etidye e san konpetans e eksperyans tout moun pral vle prezidan, premye minis, minis, direktè jeneral, senatè, depite, majistra, casec, delegue, elatrye. Pou kore koze sa yo, anako yo lage nan radyo chak jou yon kilti deba ki chita sou otodenigreman de tout sak Ayisien. Nan lavaj sèvo sa, anako fè ampil Ayisien pèdi konfyans nan tèt yo e fè kwè tou ke se blan ki ka fè. Anako yo tankou yon kansè kraze konsyans nasyonal la ampil kote. Fòk patriyòt levekanpe kont sa anvan pita pitris.

Ideoloji anakopopilis la fè peyi a fè bak
Rezilta :  lè’w chita pale ak majorité lidè pâti politik e yon pâti nan gro otorite leta pou poze problèm e chache solisyon ou mande kisa moun sa yo ap fè nan pozisyon sa yo tèlman yo enkonpetan e pa gen kalifikasyon pou pòs ke yo okipe. Se konsa leta anakopopilis tabli e fonksyone depi 30 an. Nan demokrasi pou leta a mache byen  e pou gen progrè fòk pati politik yo fonksyonèl e fòk tou lè 3 branch leta yo genyen ampil moun ki gen kompetans ak eksperyans landan yo ke pati politik mete. Nan nivo sa a, nou fè ampil bak òz de ideoloji anakopopilis la. Si pati politik yo pa solid e fonksyonèl sa pral genyen yon enpak negatif dirèk sou 3 branch pouvwa leta yo e sou sosyete sivil la. Nou dwe travay pou remambre pâti yo pou nou rive genyen 6 pati politik solid nan peyi dayiti.

Dezyèm faz lavaj sèvo
Dezyèm faz lavaj sèvo a sa fèt a pati de 1992. Li komanse ak anbago ke Aristide ak lavalas mete sou peyi dayiti e sou pèp la an 1992. Anbago sa a pral kraze kolònn vètebral ekonomik peyi a e l ap kraze tou anviwonman peyi dayiti. Pa genyen ekriven ayisien ki ekri vrèman sou katastròf ekonomik e anviwonmantal sa e analize siyifikasyon li sou avni peyi dayiti ak pèp la e mizè nap viv jodia. Dezyèm faz sa a pral kontinye ak Aristide ki mande 2 debakman solda etranje nan peyi dayiti. Aristide fè 22 mil solda ameriken debake an 1994. Lè ameriken yo deside retounen lakay yo an 1995, Aristide pral fè 17 mil solda nasyonzini debake an 1995. Prezans 20 an solda etranje nasyonzini nan peyi dayiti pral gen yon empak katastrofik sou mantal Ayisien. Prezans militè nasyonzini yo pral kreye yon empwuisans alalfwa senbolik e reyèl nan mitan yon pati nan pèp la. Prezans militè blan yo pral devlope yon filozofi nan mitan yon pati nan nouvo e ansyen jenerasyon Ayisien ka pral kwè se blan an ki kapab e ki dwe pran tout afè nou anchaj. Nan desizyon konze sa yo anakopopilis lavalas yo lage pouvwa reyèl nan men blan yo pandan ke tankou popetwèl yo kenbe pozisyon leta yo e fè makak ak machin ofisyèl,  sirènn nan lari a. Desizyon krakè anakopopilis yo reprezante yon gro kou nan mantal anpil nan jènn yo e reprezante yon fom de lavaj sèvo.

Kansè anakopopilis la
Tankou nou te di l piwo, toujou nan dezyèm faz la, ideoloji anakopopilis yo apre ke yo fè anpil Ayisien pèdi konfyans nan tèt yo, anako yo tabli nan radyo yon kilti otodenigreman pèmanan de tout sa ki Ayisien. Kòm rezilta politik otodenigreman anako yo, ampil granmoun tankou jènn pral pèdi konfyans nan Ayiti e avni nasyon an. Anako yo fè ampil moun kwè ke nasyon an pa kapab jere tèt li. Nan filozofi anako a kelkeswa inisyativ, projè, solisyon ke yon Ayisien propoze, anako yo kritike l e detrui l.  Anako yo toujou vle montre ke Ayisien pa kapab e Ayisien pa gen solisyon. Anako yo  pa janm ka gade aspè pozisitf Ayisien. Ideoloji otodenigreman anakopopilis yo afebli konsyans nasyonal la, kreye ampil divizyon e demanbre anviwonman sosyal ki te konn pèmèt Ayiti lontan nan tèt ansanm kanpe anfas tout danje ki te menase l e menase pèp la. Kòm rezilta de ideoloji kansè sa a ke anakopopilis yo simaye pandan 20 an, konsyans nasyonal ki te ekziste kay majorité Ayisien vle disparèt. Eritaj Aristide ak lavalas kite pou nou se yon kansè ki ka detrui nou tout si anyen pafèt.

Pou fini…
Se pousa moun ki pa kontamine pa kansè ideoloji otodenigreman anakopopilis yo dwe leve tèt yo, kanpe, goumen kont lavaj sèvo sa pou remambre konsyans nasyonal nou. Fok nou reaprann viv ansanm toutbon. Aprann viv ansanm, chita ansanm, dialogue ansanm pa kapab yon taktik pou jwen moso pouvwa politik san eleksyon. Li dwe yon mouvman reyèl pou remambre konsyans nasyonal, poze problèm konplèks yo e inove e kreye solisyon toutbon ki pou pèmèt nou soti nan trou ke ideoloji anakopopilis la lage nou. Se la petèt, si eta jenero yo byen oganize e reyisi nou ka kreye yon fenèt pou yon avni miyò pou peyi dayiti. Sa dwe komanse ak chanjman règ jwèt politik la ki se konstitisyon an, kreyasyon yon ideoloji ki remambre konsyans nasyonal peyi a e yon vizyon nasyonal klè pou 50 an kap vini la. Eske ou vle soti nan pyèj otodenigreman ke deba sal konjonktirèl yo ap ankouraje e ki ede ideloji kansè anakopopilis yo detrui Ayiti plis chak jou oubyen eske ou vle levekanpe travay pou chanje sa, pou ou bati konsyans nasyonal la?

Saturday, May 17, 2014

Evalyasyon Demokrasi Nan Peyi Dayiti pa Stanley Lucas


Apre yon diskisyon sou radyo Enèji Boston Samdi 17 Me, mwen deside pale de kisa demokrasi a ye e evalye eta demokrasi peyi dayiti. Lè wa pale de sitiyasyon osinon nan ki eta ke demokrasi andedan nenpot ki peyi ye, ou dwe evalye 7 karakteristik pou detèmine eske demokrasi ap vanse osinon eske lap fè bak. Jodia a se ekzèsis sa a ke nou pral fè pou nou gade ansanm ki kote nou ye e kisa ki dwe fèt pou nou vanse nan peyi nou Ayiti.

Premye evalyasyon: Patisipasyon sitwayen yo nan lavi politik la
Nan pati sa a n a pral analize si sitwayen yo patisipe efektivman nan desizyon politik peyi a, paske, san patisipasyon reyèl, sitwayen yo pa gen demokrasi. Nan yon sistèm demokratik, sitwayen yo patisipe dirèkteman nan desizyon politik, lè yal vote. Nan peyi nou gen 4.5 milyon sitwayen ki kapab vote. Nou poko konnen ki pousantaj nan 4.6 milyon Ayisyen kap viv aletranje ki elijib pou vote. Fok lalwa ak KEP la defini sa e mete estrikti pousa. Sitwayen yo gen 2 jan ke yo kapab vote.


Premye jan an se lè yo patisipe pèsonèlman nan diskisyon yo e ke yo vote pou bay opinion yo sou yon kesyon. Sitwayen peyi dayiti te fèsa le 29 Mas 1987 lè yo tal vote pou apwouve konstitisyon 1987 la. Lè ekzèsis sa a fèt yo rele sa demokrasi dirèk.

Dezyèm jan an se lè sitwayen yo al vote pou chwazi kèk lot sitwayen pou al reprezante yo andedan leta a. Nan 2 ka sa yo peyi dayiti fè anpil progrè depi 1986 pou rive jodia. Men genyen jefo ki dwe fèt pou ke sosyete a ede sitwayen yo gen plis konesans kap pèmèt yo analize pi byen ki stil chwa ki devan yo. Nan yon peyi ki gen 56 pousan analfabèt, sitwayen yo pandan 20 lane pran gwo koutba ak desepsyon nan chwa politik ke yo te fè. Yo chwazi kandida nan Lavalas, Lespwa ak INITE ki pa realize sa yo te pwomèt. Kandida sa yo lè yo vin chef, yo bliye pèp la ke yo kite nan plis mizè.
Kesyon ki poze jodia nan kad patisipasyon politik sitwayen yo, se kisa nou ta dwe fè, antan ke sosyete, pou ranfòse kapasite sitwayen yo, pou yo wè pi klè, lè yap chwazi moun pou dirije peyi a? Kisa ki kapab fèt onivo edikasyon politik nan baz pèp la, pou ede’l pran mwens move kou lè y ap chwazi dirijan magouyè e vole, dirijan chat nan sak?  Jodia gen anpil sitwayen kap plenyen de move kou ke yo pran nan men Aristide ak Lavalas ki pa respekte pawòl yo e de koutba yo pran nan men Preval ak Lespwa e INITE ki pa remèt anyen tou. Pwen sa a mande gwo refleksyon, pou nou kapab fè patisipasyon politik la pi efikas, pou ke demokrasi nou kontinye vanse. Entelektyèl yo ta dwe fè gwo jefò pou kompran fenomèn sa a e pou yo pwoduy kèk rekomandasyon ak strateji pou ede peyi a sou kesyon sa a.


Dezyèm evalyasyon: Egalite
Lè ou ap konstwui oun sistèm demokratik yon sèten egalite fèt pou egziste ant sitwayen yo. Lè diskisyon ap fèt sou egalite nan yon sosyete demokratik, genyen de moun ki panse ke, sou yon fòm ou sou yon lòt, fòk sosyete a chèche ekilibre egalite ant sitwayen yo. Pou moun sa yo, egalite sa a, ki ta dwe ekziste, se yon bagay ki obligatwa. Gen lòt moun ki panse ke reyalizasyon egalite sa a se yon bagay ki enposib. Genyen yon twazyèm gwoup moun ki panse ke men’m si egalite sa ta posib, li pa ta swetab. Nan oun vizyon jeneral, lè nap pale noumenm de egalite nan yon sosyete demokratik, kisa nou vle di pasa?  Noumenm lè nou pale de egalite, nou wè 5 bagay. Egalite politik, egalite devan lalwa, egalite pou chak sitwayen jwen menm chans nan sosyete a, egalite ekonomik ak egalite sosyal ke nou rele egalite respè tou.


Kisa sa vle di egalite politik et ki kote nou ye nan sa?
Kom nou nan yon demokrasi patisipativ e repwezantativ, egalite politik vle di dwa pou chwazi moun ka pral dirije’w e dwa ke ou genyen pou vin kandida tou. Nan konsiderasyon sa yo, chak sitwayen dwe jwen yon kote poul vote lib libè, e vot chak sitwayen gen menm valè, lè y ap konte vot yo. Fòk nou pa bliye di ke pou ou kapab vote, fòk ou se yon sitwayen. Chak peyi k ap konstwui yon demokrasi toujou defini kimoun ki sitwayen, osinon kijan ou kapab vin yon sitwayen si ou chwazi sa. Genyen yon seri de peyi ki otorize sitwayen yo pran sitwayènte lòt peyi ; genyen peyi tou ki pa otorize sa. Gen posibilite tou pou pèdi sitwayènte’w. Gen anpil peyi ki fè ou pèdi sitwayènte ke ou genyen, lè yo fè’w sèmante sou konstitisyon yo. Yo rele sa sèman alejans. Chak peyi tabli règleman sou sa. Sijè sa a reprezante yon gwo deba jodi a nan mitan Diaspora a. Nan peyi panou, egalite politik la egziste.


Kisa sa vle di egalite devan lalwa?
Sa vle di ke sistèm jiridik la ap trete tout moun menm jan. Se pousa ke sembòl lajistis se yon dam ki gen yon bandwòl bouche je l ki ampeche li wè. Sembòl sa a empòtan pou komprann, paske li vle di ke lajistis pa gen fòs kote, nan oun demokrasi. Se pousa, nan yon demokrasi, yo tabli lalwa ke tout moun dwe respekte. Sou dosye sa a, peyi nou genyen anpil jefo poul fè, pou tabli yon sosyete kote lajistis blayi. Jodi a sistèm jiridik peyi nou an gen anpil pwoblèm, e pa genyen sa yo rele egalite sitwayen yo devan lalwa. Sa vle di ke gen travay ki dwe fèt pou chanje sa. Kisa ki ta dwe fèt pou chanje sa ? Mesye kap fè politik yo pa vrèman enterese nan dosye sa a, paske yo pa pibliye okenn pwopozisyon sou sa. Yo plis enterese politize dosye jistis yo, olye ke yo pale de modènizasyon sistèm jidisyè a. Anpil fwa dosye jidisyè yo tounen yon zouti pou fè zen ou make pwen politik. Dosye Jij Jean Serge Joseph la se yon bon egzamp. Malgre konsiderasyon sa yo, sa pa vle di ke lajistis pa fè pwogwè. Okontrè. Enstalasyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè ke tout moun rele CSPJ a, se yon pa nan oun bon direksyon. Lefèt ke lajistis ap fè jefò nan dosye Jean Dominik la, se yon bon siyal ke empinite, penyen lage a ki te eksziste sou gouvènman anakopopilis yo pap kontinye donnen nan peyi dayiti. Lefèt ke ministè lajistis la ap travay sou dosye detansyon prevantif la, se yon bon bagay tou. Men sa pa sifi. Fòk gen travay ki fèt pou fòme jij yo, modènize tribinal yo, mete bonjan ekipman, aktyalize kòd yo elatrye. Fòk moun kap fè politik yo fè plis jefò, nan kad anbisyon politik yo,  pou yo prezante nasyon an oun plan pou modènize e amelyore sistèm jidisyè nou an. Kanta politisyen ki ofisyèlman prezante, pibliye e distribye plan pa yo, mwen pokò tande yo eksplike, si yo ta gen pouvwa a nan men yo, kijan yo ta modènize lajistis, pou fè egalite sitwayen yo devan lalwa tounen yon reyalite.

Egalite chans
Sa gen rapò a jan sosyete a oganize sosyalman, e jan li pèmèt chak moun pwogwese e evolye nan lavi ya. Egalite chans vle di tou ke chak moun gen dwa monte ou desann nan eskalye sosyal ke chak peyi genyen. Nan peyi dayiti, yo gen tandans di ke genyen 3 klas sosyal : Boujwa, klas mwayèn ak mas la. Mwen pa konnen si se vre. Egalite chans vle di tou ke pap gen baryè atifisyèl ki anpeche moun touché sa yo dwe touché an fonksyon de kompetans yo e de travay ke yo reyalize . Fòk nou di tou ke gen kèk sosyete ki marye lajan ak jan sosyete a oganize sosyalman, ak jan sitwayen yo monte ou desann sot nan yon klass sosyal al nan oun lòt. Pa egzamp, pwofesè inivèsite yo, anjeneral, yo pa byen peye yo, men w ap jwen ke sosyete a mete yo nan yon kategori sosyal siperyè ki pa gen rapò ak konbyen lajan yap touche. Sa a se yon lot diskisyon. Sa vle di ke menm si gen de moun ki kwè sa, selon sosyete a, lajan pa deside de nivo ou ran sosyal ou. Egalite chans lan depann de valè ke sosyete a chwazi pou detèmine ran sosyal yo. Nan peyi dayiti, egalite chans pa vrèman ekziste. Moun ki vle pouvwa pa vrèman konnen kijan pou chanje sitiyasyon sa a e kijan pou yo kreye yon sosyete kote egalite chans la ekziste toudbon. Deba sou kesyon empotan sa a manke anpil nan sosyete panou. Jodi a moun ki gen vizibilite piblik yo ta dwe ap diskite sou ki mannyè pou yo ta kreye egalite chans nan peyi Dayiti.

Egalite ekonomik
Lè ou tande tèm sa, ou kapab panse ke sa vle di ke tout moun nan sosyete a ap fè menm kalite lajan. Se pasa. Lè nap pale de egalite ekonomik, kisa sa vle di ? Sa vle di ke tout moun nan sosyete a ta dwe benefisye de yon minimòm sekirite ekonomik. San sa, lap difisil pou gen vrèman sa yo rele libète, ak lòt egalite yo ki kle pou demokrasi. Sekirite ekonomik la bay sitwayen yo posibilite pou vin yon sitwayen aktif toudbon. Yon moun ki nan mizè pa kapab patisipe aktivman nan lavi kominote a. Gen moun ki di ke, lè gen anpil inegalite, sa elimine sa yo rele egalite chans, nan oun demokrasi. Jodi a, nan peyi nou, eske egalite ekonomik la se yon reyalite? Repons la se non. Kisa ki dwe fèt pou kreye yon sèten egalite ekonomik nan sosyete panou? Ki pwogram pati politik yo ak lidè yo, pou kreye egalite ekonomik sa a, ki t ap bon pou anpil sitwayen nou yo? Anpil nan lidè sa yo pase plis tan ap pale de zen nan radyo, olye yo vin prezante ou pwopoze nasyon an oun plan ki ta ka pèmèt egalite ekonomik sa vin yon reyalite e retire pèp peyi dayiti nan mizè.

Egalite sosyal
Egalite sosyal ou egalite respè se yon bagay ki difisil pou eksplike. Lè wap pale de egalite sosyal, sa ta vle di ke nan sosyete a pa gen ni klass ni ran sosyal ke tout sosyete rekonèt egzistans yo. Lè w ap pale de egalite sosyal, sa ta vle di ke menmsi gen oun pakèt moun ki gen orijin diferan, sitiyasyon diferan ak mwayen diferan, sosyete a aksepte tout malgre diferans sa yo. Lè wap pale de egalite sosyal, sa gen ladanl tout yon aspè relasyon pèsonèl, ke okenn lòt aspè egalite yo pa modifye, tankou lè moun di ke nèg lavil se grannèg. Pwen sa a enpòtan pou analize, paske Duvalyeris yo sèvi avèk li pou mennen revolisyon yo. Lavalas tou sèvi avèk li, lè lap pale de moun anwo ak moun anba, lè yo te kon pale de wòch nan dlo ak wòch nan solèy, osinon de boujwa patripòch, pa rapò a malere. Jodi a yon deba serye dwe fèt sou kesyon sa a nan peyi nou. Genyen anpil pwogrè ki fèt nan nouvo jèn jenerasyon ayisyen kap monte yo. Men pa gen okenn pwopozisyon politik de lidè politik nou yo pou diskite de kesyon sa a nan kad demokrasi ke nap eseye konstwui a.

Twazyèm Evalyasyon: Libète ke sosyete a garanti bay sitwayen yo
Se sa anpil moun rele libète ak dwa nan demokrasi. Sa se vle di libète pou sitwayen lan aji san okenn restriksyon osinon avèk yon seri de restriksyon ke lalwa defini. Lè ou pale de dwa nan kontèks sa a, sa vle di libète espesifik ke lalwa garanti. Bagay ke yo rele libète total la pa egziste nan demokrasi. Libète pa’w fini kote libète lòt la komanse. Sa vle di nan sa w ap fè nan demokrasi, ou pa dwe bliye ke genyen yon lòt ki egziste e ki pa nesèman panse ou vle aji menm jan avèk ou. Genyen plizyè kategori de libète, ke ou jwenn nan dwa sivik yo: Dwa pou w vote, libète lapawòl, libète laprès, libète reyinion, libète relijyon, libète pou sikile e sistèm jiridik la pa dwe gen ladanl oken trètman gwo ponyèt. Nan konstwui yon sistèm demokratik ki respekte eleman sa yo, genyen yon eleman ki esansyèl, se latolerans. San li, anyen pa kapab mache. Peyi dayiti fè anpil pwogwè nan domen libète sa yo, menmsi gen de twa moun ki di le kontrè. Jodi a onivo libète pou laprès, ayiti 47èm sou 185 peyi. Sa se gwo progrè menmsi gen anpil travay ki rete poufèt. Map fè nou sonje ke an 2003 sou Aristide nou te 185èm mondyal nan domèn sa a. Sa pa t bon ditou alepòk e rapò yo la pou montre sa.

Katryèm evalyasyon: Youn sistèm pou reprezante tout moun
Nan yon demokrasi patisipatif e reprezantatif, sistèm politik la kreye yon seri de pòs pou al reprezante yon nomb spesifik de moun. Sa vle di ke moun sa a ke pèp la chwazi nan oun zòn, pral aji nan enterè moun ki ba l manda pousa. Nan peyi dayiti gen yon nomb de sitwayen nan seksyon kominal ki chwazi Kasèk. Genyen tou yon nomb de sitwayen anndan yon sikonskripsyon ki chwazi depite. Finalman, sitwayen depatman yo ki gen plizyè komin ladan yo chwazi senatè. Depi 24 lane nou remake ke moun ki resevwa manda yo ,fè oun politik ki pa nan enterè kominote ki nonmen yo. Wòl reprezantan sa ke pèp la chwazi a, se pou li respekte manda li nan respekte pwomès ki fèt. M ap repete l, nan peyi nou, moun sa yo ki resevwa manda yo pote non Kasek, Majistra, Depite, Senatè ak Prezidan. Depi ke nou komanse konstwui demokrasi nou, genyen yon gwo pwoblèm. Nan chak eleksyon ki fèt, soti 1990 rive 2010, pèp la toujou chanje 99% depite yo, 99% senatè yo ak 99% majistra yo, paske yo pa remèt machandiz ke yo te pwomèt, lè yo tap fè kampay. Kisa ki dwe fèt, pou fòse reprezantan ke pèp la chwazi pou al reprezante l nan meri yo ak nan palman an respekte manda yo ? Lè nou gade bilan elu ke pèp la chwazi depi 24 lane, bilan sa yo pa bon ditou, paske yo negatif. Elu sa yo plis regle zafè yo ke yo regle zafè pèp la. Anakopopilis yo toujou reyisi san pèp la. Kisa ki ta dwe fèt pou ke elu yo travay pou pèp la, olye ke yo reyisi san pèp la? Kisa ki ta dwe fèt pou nou tout ayisyen gen bonjan reprezantasyon anndan leta a?

Senkyèm evalyasyon: Rejim Lalwa
Nan yon demokrasi se lalwa ki mèt, se lalwa ki domine tout bagay, e se respè total de sa lwa yo di. Tout moun dwe obsève, respekte sa lwa yo di jiskaske yo chanje. Kelkeswa moun ki nan sosyete a, li mèt chèf, li pa chèf, ke l rich ke l pòv, tout moun anba lalwa. Rejim lalwa ponkò ateri nan peyi dayiti menm si gen jefò kap fèt pou chanje sa. CSPJ ya gen anpil travay devan li pou ke li fè sistèm jidisyè ya endependan e modèn.


Sizyèm evalyasyon: Sistèm elektoral
Nan yon sistèm demokratik premye objektif rejim reprezantatif e patisipatif la, se pèmèt sitwayen yo egzèse yon kontwòl sou desizyon politik yo ak sou otorite ki nan tèt leta a. Kòm pèp la pa kapab prevwa kijan Prezidan, Senatè, Depite ak Majistra ke li chwazi pral aji lè yo rantre anndan biwo leta, sèl mwayen ke pèp la genyen nan men li, se vote pou l konsève chèf kap travay, e elimine sa ki pa respekte pwomès yo. Se pou rezon sa a ke, nan yon demokrasi, yon sistèm elektoral fyab  sa kapital pou fè demokrasi a mache, paske se sou li ke patisipasyon politik la baze. Sistèm elektoral fyab la ankouraje patisipasyon votan yo anfonksyon de ankourajman ou de desepsyon yo, pa rapò a lidè politik kap dirije yo nan palman e nan pouvwa ekzekitif la. Depi 1987 nap eseye konstwui yon sistèm elektoral ki fyab. Jodi a apre 10 eleksyon, 17 konsèy elektoral pwovizwa e plis pase 700 milyon dola meriken ki depanse pou eleksyon peyi dayiti pokò genyen yon sistèm elektoral ki fyab. Lavalas, Lespwa ak INITE ki bay 4 gouvènman konstitisyonèl pa jamen oganize yon eleksyon lib, onèt e demokratik. Ekip politik sa ke mwen rele anakopopilis te kontwole 14 nan 17 konsèy elektoral yo. Yo te toujou sèvi ak kontwòl sa pou fè koudeta elektoral. Sa vle di chanje rezilta eleksyon yo ak mamb KEP ke yo kontwole.  Ekip sa a fò nan vòlè eleksyon. Yo pap mete pye nan eleksyon si yo pa kontwole KEP ya. Tout eleksyon akseptab ki fèt an Ayiti depi 1990, se toujou gouvènman pwovizwa ki toujou oganize yo. Prezidan Trouillot ak Prezidan Alexandre, se yo ki te oganize eleksyon lib libè an 1990 e an 2006. Gouvènman konstitisyonèl Lavalas, Lespwa ak INITE toujou nan koudeta elektoral e nan vòlè eleksyon. Si pou demokrasi peyi nou vanse, fòk nou finalman tabli yon sistèm elektoral fyab kote sitwayen kapab vote san presyon e kote mamb KEP pa prale nan politik chanje rezilta eleksyon. Yon sistèm elektoral fyab ap jwe yon wol enpòtan nan fè demokrasi nou mache byen. Pa genyen anpil refleksyon nan peyi nou sou kijan pou konstwui yon sistèm elektoral ki fyab e ke tout ayisyen fè konfyans.


Setyèm evaliasyon: Edikasyon
Edikasyon se prensip fondamantal e se poto mitan demokrasi a. Pou yon demokrasi mache byen, ou bezwen sitwayen ki gen yon ti konesans lakay yo menm si nou kapab diskite de nati de konesans sa ki nesesè. Yon sitwayen genyen poul fè chwa pa rapò ak kandida yo, pwogwam ke yo pwopoze e sou diferan kesyon. Pou sitwayen an kapab fè sa, li dwe konnen li, li dwe konn ekri e li dwe konn konte. Fòk li kapab jije, analize e peze enfomasyon yo pou l kapab jije sa k bon ak sa k pa bon, e kisa ki pi bon pou li, anfonksyon de enterè li kòm sitwayen. Nan refleksyon sa a, li klè ke sitwayen an dwe gen kapasite klè, pou li defini kisa ki reprezante enterè li. Li difisil anpil pou yon demokrasi fonksyone si sitwayen li yo pa konnen ni li ni ekri ni konte. Peyi nou gen gwo defi pou li leve nan nivo sa a. Nap viv nan yon peyi kote nivo moun ki analfabèt reprezante preske 56 pousan aloske 52 pousan pwofesè kap fè lekòl pa gen kalifikasyon pou yo pwofesè. Jodi a si nou vle ke demokrasi nou mache toudbon, fòk nou komanse reflechi sou kijan nou pral bay edikasyon peyi nou jarèt. Peyi a ta renmen tande ki pwogwam edikasyon chak lidè politik genyen pou nasyon an.


Demokrasi a se yon sistèm ki komplèks. Pou kapab kompran li byen fòk ou viv li nan kè w, nan kilti w men fòk ou chache tou. Pou kompran sistèm sa a, lanvè tankou landwat, fòk w al gade sa yon seri de gwo zotobre te ekri. fòk wal li Periclès, Aristote, Montesquieu, Spinoza, Locke, Kant, Tocqueville, Stuart Mill, Marx, Lenine ak Schumpeter fòk nou al chache sou listwa panou tou. Kòman demokrasi te mache lakay nou an Afrik anvan ke nou ateri an Ayiti. Pa bliye pa gen pèson lòtbò dlo ki kapab konstwui demokrasi pou ou. Se oumenm sèlman kòm ayisyen ki gen kapasite detèmine kisa demokrasi panou dwe sanble. Sa pa vle di ke nou pap pran konsèy nan men lòt moun. Sa vle sèlman di ke nou pap pran dikte. Jodi a, moun ki konnen yo genyen yon responsabilite pou yo bay kontribisyon yo pou avansman demokrasi a. Yo pa kapab chita e rete gade anakopilis yo ki pa komprann anyen dappiyan peyi a pandan ke yap mete kompetans yo deyo. Bagay yo dwe chanje.