Ampil nan moun ki vle pran e ekzèse pouvwa
politik nan peyi dayiti parese ampil. Ampil ladan yo refize chita e reflechi
sou kompleksite problèm ke peyi a ak pèp la ap viv . Yo refize chita e reflechi
pou fè yon minimom de preparasyon k ap pèmèt yo dirije byen si pèp la bayo
pouvwa leta nan eleksyon.
Ampil
lidè peyi dayiti parese e enkonpetan
Rezilta parès sa
a fè ke ampil nan moun k ap fè politik pa genyen okenn referans ideolojik.
Program elektoral yo se yon pakèt slogan ki pa kanpe sou anyen serye an matyè
de politik piblik. Akoz desa tout lajounen n ap obsève yon pakèt enprovizasyon,
pale anpil nan radyo, san sibstans ki p ap mennen peyi a okenn kote.Yo champyon
nan kritike e yo absan nan propoze solisyon. Paske pa gen preparasyon,
planifikasyon e oganizasyon tout lajounen yo sètoblije ap entèvni e reponn sou
kriz konjonktirèl paske popilasyon an nan yon zonn ou yon lòt pran lari e ap
rele anmwe e revandike pou yon
problèm ke yo genyen. Dirijan politik toutbon pa fonksyone konsa. Dirijan
politik toutbon toujou òganize pati politik pa yo, planifye alavans pou aji,
antisipe problèm yo e solisyone yo. Lidè peyi dayiti ki parese e enkonpetan
refize fèsa. Se pou rezon sa kifè ke lidè politik pa kapab genyen eleksyon
paske yo pa genyen anyen pou ofri pèp la. Politik la se menmjan ak ekonomi,
jwèt òf e demand ekziste ladanl tou. Demand la soti nan mitan pèp la e wol pâti
politik yo se pou yo ofri bon machandiz solisyon. Pati politik yo pa fèssa. Se
pousa ampil lidè politik anakopopilis toujou nan konplo pou pran pouvwa san
eleksyon.
Jesyon
leta : bouba won, pete kare
Pou nou mete koze sa a sou po tanbou, jesyon
leta koute yon pakèt lajan pa rapò ak kèk minis ak direktè jeneral k ap regle
zafè pèsonèl yo e kèk palmantè k ap menase tout lajounen , paske yo bezwen pozisyon
nan ekzekitif la ak lajan. Reyalite sa fè ke yon pâti nan lajan leta ki ta dwe
ale solisyone problèm pèp la depanse nan regle zafè pèsonèl. Kansè sa a ekziste
nan leta a depi kèk jou. Leta pa kapab kontinye jere konsa paske lè w rantre nan lojik sa a p ap gen ni
mwayen ni resous ki rete pou reponn a bezwen pèp la e retire peyi a nan mizè e
mennen l nan devlopman. Rezilta reyalite a fè leta absan nan yon pakèt zonn nan peyi dayiti. Lè’w
analize pifon ou dekouvri tou ke leta pa gen mwayen finansye pou peye pou tout
pos e strikti ke konstitisyon an kreye. Se pousa moun k ap réfléchi yo pa sezi
wè ke gen de fwa plizyè biwo leta konn pase ampil mwa san leta pa ka peye yo.
Reyalite a sèke depi kèk tan nou gen yon leta bounda won, pete kare. Men pèsonn
pa vle manyen e solisyone problèm sa a.
Depi plizyè ane pase yo solisyone problèm sa a, dirijan yo pito rantre
nan defisi bidjetè ak yon seri de manèv ki foure nou pifon nan trou a.
Yon
seri de nouvo lougawou
Kanta pou koripsyon se yon kansè ki rive jis
nan zo. Akizasyon kont Prezidan, Premye Minis, Minis, Direktè Jeneral ki vòlè
fè kenken tout lajounen nan radyo. Men pi gro vòlè k ap piye leta yo pa janm
pale de yo. Radyo pè pèdi piblisite nan men yo. Yon pati nan sektè prive
tradisyonèl la ansanm ak nèg sosyete sivil ap piye leta depi plis ke 40 an, san yo pa gen
pozisyon ofisyèl. Ekip lougarou sa a ki nan prive e nan sosyete sivil sou
woulman e trafik infliyans tout lajounen nan palè nasyonal, nan primati, nan
ministè yo, nan direksyon jeneral yo elatrye. Yo toupatou tankou sansi k ap
pede souse leta. Leta se chwal papa yo. Lè yo pa mete moun pa yo nan kabinè
ministeryèl ou nan lot pozisyon pou fè pou yo, fok ou maton ampil pou jwen tras
dega ke yo fè andedan leta a travè kontra ou acha bidon.
Minotri, Petrokaribe, Gwoup de Boudon, Gwoup
Blakawout, lougawou deyò
Gade sakpase a Minotri, PL-480, biwo ak pwosesis monetizasyon
nan achte e vann gaz, Varreux 1, 2 e 3, Petrokaribe wa komprann. Kom lougarou
sayo ki nan prive e nan sosyete sivil pa gen pozisyon ofisyèl, tankou soumaren
anba dlo lanmè, ou pa ka wè yo si ou pa maton. Kanta jesyon 1 milya 700 milyon
Petrokaribe sou 3 Prezidan e 6 Premye Minis li malfèt. Menmsi genyen bagay
kifèt lè ou konsidere projè ki komanse ki pa fini e projè kote lajan an depanse
e projè yo pafèt, ou konstate ke gen problèm e jesyon an te kafèt pibyen. Fòk
nou di tou te gen enkonpetans tou ladan l. Pandan 10 zan ke program saa ekziste
genyen otorite leta ki asosye ak kèk nèg sektè prive kinan Gwoup de Boudon, Gwoup
Blakawout elatrye melanje ak kèk blan ki mete ansanm pou volè yon pâti nan
lajan petrokaribe. Si’w onèt w ap rekonèt ke genyen bagay kifèt toutbon ak
lajan petrokaribe, te genyen enkonpetans e genyen tou volè ladan l. Pou nou wè
klè nou dwe pran san nou pou nou separe diferan kategori sa yo. Moun serye gen
dwa aprann pa dako sou strateji nan itilizasyon resous sa yo. Malerezman
politik patizan anakopopilis melanje ak enkonpetans politik nèg ki vle pouvwa
san eleksyon, ampeche peyi dayiti jwen laverite sou program sa. Sanble se lè
bagay yo ranje Venezuela ke Ayiti pral jwen laverite sou kesyon sa a. Moun ki
nan piye leta yo fonksyone byen ak moun ki nan trafik dwòg, moun k ap pote bwat
lajan bayo e moun ki nan sistèm bankè e finansye kap ede yo blanchi lajan dwòg.
Yo mete tèt ansanm pou kenbe sistèm nan anplas.
Yon gro
krim kont pèp Ayisien
Depi 30 an, amplis de koripsyon anndan leta e
pon ki ekziste ak dwòg dilè ki nan Johnson & Johnson, genyen tou jesyon èd
entènasyonal la, ki genyen ampil koripsyon, trafik infliyans ak gaspiyaj
sistematik k ap fèt. Jan blan yo kraze lajan èd bilatéral, miltilateral e donasyon
prive pou Ayiti apre 12 Janvye 2010, bagay sa reprezante yon gro krim kont pèp
Ayisien. Anakopopilis ki pè blan pa pale de sa ditou. Poutan se plis pase 13
milya dola ameriken ke sa reprezante. Wap remake tou nan dosye trafik dwòg
Johnson & Johnson, blan yo de tanzantan ranmasse ti trafikan men gwo bankye
kap blanchi yo pa enkyete. Okontrè gro pot politik louvri pou yo nan kapital
peyi etranje yo e yo toujou chita nan tout reyinyon ak resepsyon ofisyèl. Dosye
ipokrit sa merite analize.
Kase
ren koripsyon an
Tout bagay sa yo merite pou ranje, men se pa
yon travay fasil. Fòk ou gen ampil kouraj, karaktè, metòd, konpetans ak
detèminasyon, fòk ou pa yon ti visye ki renmen lajan e pare pou sakrifye tèt ou
pou kase ren koripsyon sa yo nan peyi dayiti. Lè ou komanse kase ren koripsyon
an ou dwe metodik, disipline e fè atansyon pou’w pa mouri tankou Robert Marcelo
oubyen pran koudeta tèlman kowompi yo awogan e pwuisan.
Eritaj
30 an lavaj sèvo
Sa nap viv la depi apeprè 30 an, se pa yon aksidan ke li ye. Se eritaj yon
ideoloji ki reyalize yon lavaj sèvo nan tèt pèp la e ki tabli tou yon sistèm
jesyon ki gen pou l koule nou tout si nou pa chanje sa. Premye faz lavaj sèvo
sa fèt de 1986 a 1990. Nan premye faz la, anakopopilis yo kraze tout valè
tradisyonèl ke pèp la te kwè ladan l, ansanm ak kèk enstitisyon. Yo kraze
kwayans relijye, valè moral nou ak valè ke travay e edikasyon te reprezante.
Granmoun, jènn, fanm, gason, tout sosyete a te kwè nan travay kom zouti, mwayen
kap pèmèt ou ateri ak rèv ke ou genyen nan lavi’w. Sosyete a te kwè nan travay
ak konsyans latè, travay ak konsyans lekol, travay ak konsyans nan inivèsite,
travay ak konsyans kom profesè, kom pè, kom pastè, kom peyizan elatrye. Depi
1986 ideolog anakopopilis chanje sa e kraze valè sa ke yo rele travay. Yo fè
ampil malere kwè ke san edikasyon, san konpetans, san yo pa travay yo ka rive
nenpot ki kote ke yo vle nan lavi. Se konsa anakopopilis yo pral kreye e kalé
granmanjè, chimè, militan elatrye. Yo pral fòse tout moun konpetan retire kò
yo, travayè pral fè revandikasyon san travay, elèv pral mande promosyon san
etidye e san konpetans e eksperyans tout moun pral vle prezidan, premye minis,
minis, direktè jeneral, senatè, depite, majistra, casec, delegue, elatrye. Pou
kore koze sa yo, anako yo lage nan radyo chak jou yon kilti deba ki chita sou
otodenigreman de tout sak Ayisien. Nan lavaj sèvo sa, anako fè ampil Ayisien
pèdi konfyans nan tèt yo e fè kwè tou ke se blan ki ka fè. Anako yo tankou yon
kansè kraze konsyans nasyonal la ampil kote. Fòk patriyòt levekanpe kont sa
anvan pita pitris.
Ideoloji
anakopopilis la fè peyi a fè bak
Rezilta : lè’w chita pale ak majorité lidè pâti politik e yon pâti nan
gro otorite leta pou poze problèm e chache solisyon ou mande kisa moun sa yo ap
fè nan pozisyon sa yo tèlman yo enkonpetan e pa gen kalifikasyon pou pòs ke yo
okipe. Se konsa leta anakopopilis tabli e fonksyone depi 30 an. Nan demokrasi
pou leta a mache byen e pou gen
progrè fòk pati politik yo fonksyonèl e fòk tou lè 3 branch leta yo genyen
ampil moun ki gen kompetans ak eksperyans landan yo ke pati politik mete. Nan
nivo sa a, nou fè ampil bak òz de ideoloji anakopopilis la. Si pati politik yo
pa solid e fonksyonèl sa pral genyen yon enpak negatif dirèk sou 3 branch
pouvwa leta yo e sou sosyete sivil la. Nou dwe travay pou remambre pâti yo pou
nou rive genyen 6 pati politik solid nan peyi dayiti.
Dezyèm
faz lavaj sèvo
Dezyèm faz lavaj sèvo a sa fèt a pati de 1992.
Li komanse ak anbago ke Aristide ak lavalas mete sou peyi dayiti e sou pèp la
an 1992. Anbago sa a pral kraze kolònn vètebral ekonomik peyi a e l ap kraze
tou anviwonman peyi dayiti. Pa genyen ekriven ayisien ki ekri vrèman sou
katastròf ekonomik e anviwonmantal sa e analize siyifikasyon li sou avni peyi
dayiti ak pèp la e mizè nap viv jodia. Dezyèm faz sa a pral kontinye ak
Aristide ki mande 2 debakman solda etranje nan peyi dayiti. Aristide fè 22 mil
solda ameriken debake an 1994. Lè ameriken yo deside retounen lakay yo an 1995,
Aristide pral fè 17 mil solda nasyonzini debake an 1995. Prezans 20 an solda
etranje nasyonzini nan peyi dayiti pral gen yon empak katastrofik sou mantal
Ayisien. Prezans militè nasyonzini yo pral kreye yon empwuisans alalfwa
senbolik e reyèl nan mitan yon pati nan pèp la. Prezans militè blan yo pral
devlope yon filozofi nan mitan yon pati nan nouvo e ansyen jenerasyon Ayisien
ka pral kwè se blan an ki kapab e ki dwe pran tout afè nou anchaj. Nan desizyon
konze sa yo anakopopilis lavalas yo lage pouvwa reyèl nan men blan yo pandan ke
tankou popetwèl yo kenbe pozisyon leta yo e fè makak ak machin ofisyèl, sirènn nan lari a. Desizyon krakè
anakopopilis yo reprezante yon gro kou nan mantal anpil nan jènn yo e
reprezante yon fom de lavaj sèvo.
Kansè
anakopopilis la
Tankou nou te di l piwo, toujou nan dezyèm faz
la, ideoloji anakopopilis yo apre ke yo fè anpil Ayisien pèdi konfyans nan tèt
yo, anako yo tabli nan radyo yon kilti otodenigreman pèmanan de tout sa ki
Ayisien. Kòm rezilta politik otodenigreman anako yo, ampil granmoun tankou jènn
pral pèdi konfyans nan Ayiti e avni nasyon an. Anako yo fè ampil moun kwè ke
nasyon an pa kapab jere tèt li. Nan filozofi anako a kelkeswa inisyativ, projè,
solisyon ke yon Ayisien propoze, anako yo kritike l e detrui l. Anako yo toujou vle montre ke Ayisien
pa kapab e Ayisien pa gen solisyon. Anako yo pa janm ka gade aspè pozisitf Ayisien. Ideoloji
otodenigreman anakopopilis yo afebli konsyans nasyonal la, kreye ampil divizyon
e demanbre anviwonman sosyal ki te konn pèmèt Ayiti lontan nan tèt ansanm kanpe
anfas tout danje ki te menase l e menase pèp la. Kòm rezilta de ideoloji kansè
sa a ke anakopopilis yo simaye pandan 20 an, konsyans nasyonal ki te ekziste
kay majorité Ayisien vle disparèt. Eritaj Aristide ak lavalas kite pou nou se
yon kansè ki ka detrui nou tout si anyen pafèt.
Pou
fini…
Se pousa moun ki pa kontamine pa kansè
ideoloji otodenigreman anakopopilis yo dwe leve tèt yo, kanpe, goumen kont
lavaj sèvo sa pou remambre konsyans nasyonal nou. Fok nou reaprann viv ansanm
toutbon. Aprann viv ansanm, chita ansanm, dialogue ansanm pa kapab yon taktik
pou jwen moso pouvwa politik san eleksyon. Li dwe yon mouvman reyèl pou
remambre konsyans nasyonal, poze problèm konplèks yo e inove e kreye solisyon
toutbon ki pou pèmèt nou soti nan trou ke ideoloji anakopopilis la lage nou. Se
la petèt, si eta jenero yo byen oganize e reyisi nou ka kreye yon fenèt pou yon
avni miyò pou peyi dayiti. Sa dwe komanse ak chanjman règ jwèt politik la ki se
konstitisyon an, kreyasyon yon ideoloji ki remambre konsyans nasyonal peyi a e
yon vizyon nasyonal klè pou 50 an kap vini la. Eske ou vle soti nan pyèj
otodenigreman ke deba sal konjonktirèl yo ap ankouraje e ki ede ideloji kansè
anakopopilis yo detrui Ayiti plis chak jou oubyen eske ou vle levekanpe travay
pou chanje sa, pou ou bati konsyans nasyonal la?
No comments:
Post a Comment