It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Monday, November 23, 2015

Lè Fanmi Lavalas wè yo pèdi, yo esaye anile pwòsè vèbal Jovenel Moise, Jude Celestin e Moise Jean Charles pa Stanley Lucas


Yon delegasyon Fanmi Lavalas (ki se yon pati ki konteste eleksyon yo nan peyi Dayiti) te deplase ale nan sant tabilasyon KEP la, pou analize yon echantiyonaj pwòsè vèbal devan mamb BCEN yo. Nan delegasyon sa a, te gen kèk moun tankou avoka Gèvè Chal, Camille Fièv, Yvon Feuille elatrye. Selon lalwa mesyedam Lavalas sa yo pat kapab manyen orijinal pwòsè vèbal yo. Nan ekzèsis evalyasyon sa a, yo konsilte 1 pwosè vèbal vil Saint Raphael, 1 pwosè vèbal vil Lascahobas, 2 pwosè vèbal vil Hinche, 1 pwosè vèbal vil Dondon, plizyè pwosè vèbal lise Site Solèy, 1 pwòsè vèbal vil Ba Limbe elatrye.

Nan sant tabilayon Lavalas te fokis sou :
1.     Gade konbyen vwa ke Lavalas fè a pati de ti echantiyonaj ke yo evalye
2.     Gade si vòt kandida Jovenel Moise yo gen frod ou eske yo se reyalite
3.     Eseye elimine vòt kandida Moise Jean Charles ak Jude Celestin

Nan analiz ti echantiyonaj la devan mamb BCEN yo, reprezantan Vilaire Duroseau e mamb PHTK ki te la tou ak mesye Lavalas yo jwen ke :
1.     Ke sant tabilasyon an konte vòt yo byen e korèkteman. Yo pa retire okenn vòt fanmi Lavalas. Tout desizyon ki pran yo fèt selon dekrè elektoral la.
2.     Yo jwen ke gen de twa ti erè administratif ki pa grav tankou pa ekzamp yon pwosè vèbal kote Prezidan biwo de vòt la ak sekretè a siyen, men vis prezidan an bliye siyen. Pwosè vèbal la pat gen rati ni okenn bagay anomal sou li.
3.     Fanmi Lavalas esaye remete an kesyon plizyè pwosè vèbal kote Jude Celestin ak Moise Jean Charles reyalize ampil vòt.

Finalman vizit Lavalas la nan sant tabilasyon an konfime ke Maryse Narcisse pat pami 2 kandida ki recevwa plis vòt jou eleksyon yo pou rezon sa yo:
Ni Maryse ni reprezantan Fanmi Lavalas yo pat resevwa ni genyen okenn kopi pwosè vèbal nan men yo jan lalwa oblije. Sa se yon eleman ki empotan anpil paske pou 2 kandida ki genyen yo dekrè elektoral klè sou kesyon sa. Si ou fè pati de 2 kandida ki apre kontaj bilten yo resevwa plis vòt e kidonk se 2 premye depi jou eleksyon 25 Oktòb a 6h30 p.m. yo remèt mandatè 2 kandida sa yo kopi pwosè vèbal nan chak nan 13 mil 725 biwo vòt nan tout peyi a. Si ou twazyèm ou pa recevwa anyen. Chak pwosè vèbal genyen yon orijinal ki ale dirèkteman nan sant tabilasyon an ak fèy de kontaj la nan yon anvlòp jòn ki kachte. Amba chak orijinal genyen yon papye kabònn ki pèmèt 2 kopi fèt lè yap ekri orijinal la. Se kopi sa yo ke mamb biwo de vòt yo remèt 25 Oktob la bay mandatè 2 kandida ki premye yo. Maryse ak Fanmi Lavalas pa genyen kopi pwosè vèbal sa yo. Sa vle di ke kandida Maryse pat fè pati 2 kandida ki genyen depi jou eleksyon 25 Oktòb la a 6h30 lè mamb biwo de vòt yo te finn konte bilten pou chak kandida e ekri pwosè vebal yo. Sa Maryse ak reprezantan Fanmi Lavalas genyen nan men yo se fotokopi pwosè vèbal ke KEP a pibliye sou website li ke fanmi Lavalas emprime. Sa se yon konfimasyon total ki montre ke Fanmi Lavalas pèdi eleksyon yo toutbon e jodia yo nan koken pou esaye kreye violans, destabilize pou koudeta.

Vizit Fanmi Lavalas nan sant tabilasyon an sete yon vizit politik
Kom Fanmi Lavalas konnen ke yo pèdi eleksyon yo toutbon e pa gen mwayen elimine premye a ki se Jovenel Moise yo esaye yon strateji politik a 2 nivo :
1.     Nan premye nivo a, pandan ke mesyedam Lavalas yo te nan sant tabilasyon an yo eseye fè anile pwosè vèbal Jovenel Moise, Jude Celestin ak Moise Jean Charles. Men 2 kandida ke yo te plis fokis sou yo pou anile pwose vèbal yo se te Jude Celestin ampremye e Moise Jean Charles an dezyèm. Temwayaj moun ki te nan sant tabilasyon an e ki pa Lavalas kapab konfime sa. Demand Lavalas pou elimine pwosè vèbal kandida sa yo pat konfòm ak sa dekrè elektoral la e règleman yo di pou anile ou mete de kote pwosè vèbal.

2.     Lavalas te gen kòm objektif sèvi ak vizit sa pou di anmwe gen frod e gen magouy pou ede yo rapouswuiv ak mobilizasyon e violans ke yo komanse simaye nan lari Potoprens. Lavalas sèvi ak MOLEGHAF yon oganizasyon ki pwòch yo pou simaye violans, entimide, fè moun pè nan lespwa ke sa pral ede yo reyalize yon kou deta kont gouvènman konstitisyonèl peyi Dayiti.  Chak fwa yap pale de tranzisyon sa vle di kou deta. Konstitisyon an pa rekonèt tranzisyon. Konstitisyon an rekonèt altènans atravè eleksyon. Kòm Fanmi Lavalas pèdi eleksyon yo, yap eseye kreye yon anviwonman entòsikasyon ak violans pou yo jistifye yon koudeta-tranzisyon. Majorite ayisyen andedan peyi a pa mache nan lojik sa. Konstitisyon peyi Dayiti ak Chat Demokratik rejyonal ke Ayiti siyen rejeté tip de tantativ koudeta sa yo ki rele otogolpe. Chif patisipasyon patizan Lavalas montre ke pep la pa mache nan lojik violans ak manifestasyon yo ke Sendomeng finanse. Youn nan lide G8 te Sendomeng weekend sa pou al chache lajan pou kontinye finanse manifestasyon. Rès peyi a pa patisipe nan lojik violans ak manifestasyon yo nonplis. Nan Potoprens 1 pousan popilasyon an reprezante 30 mil moun. Mesyedam yo pokò mete kantite moun sa a deyò.
3.     Lè w ap analize, ou dekouvri tou ke kandida pou majistra, depite ak senatè respekte lwa elektoral la. Kèk ladan yo ki ale nan kontestasyon fesa ak kopi pwosè vèbal ke yo resevwa depi dimanch 25 Oktob nan biwò de vòt yo kòm 2 premye. Pa ekzamp kandida pou depite ki dezyèm nan Gran Gwav al fè kontestasyon ak pwosè vèbal li e menm lè li debake nan radyo li fè valwa revandikasyon li ak kopi pwòsè vèbal sa yo. Se menm bagay ke kandida pou majistra pati BOUCLIER fè nan kontestasyon vil Port Salut. Okenn nan kandida G8 yo depi 15 jou yap  pale nan radyo poko jamen prezante pwòsè vèbal ki montre ke yo genyen e ki pwouve akizasyon fròd ke yo fè yo. Le fè ke kandida pou Prezidan sa yo pa kapab prezante pwosè vèbal yo se yon pwèv konkrè ke yo sou blòf. Akizasyon san pwèv sa yo gen yon grenn objektif mete dezòd, simaye violans nan Potoprens ak sipo patizan yo ki fò nan violans, rejete  vòt  pwovens ak peyizan yo, pou pèmèt repiblik Potoprens reyalize yon kou deta ilegal. Men’m nan diaspora a twaka ayisien ki aletranje rejete apwòch violans mesye sa yo ki afekte elèv lekòl, ti machann ki nan lari, chofè taksi, taptap ak lòt moun kap degaje yo e ki pa enterese nan koze mesyedam sa yo. Tout moun ap mande si yo gen rezon toutbon poukisa se entimidasyon ak violans ke y ap itilize ? Poukisa yo pa kapab konvenk majorité popilasyon an mache ak yo ? Video ki parèt sou Twitter ak Facebook montre klèman ke se chimè yo ki tale agrese e atake polisye yo devan KEP a e nan Petionvil. Popilasyon an ak diaspora ki rejeté violans pa apresye konpòtman antidemokratik mesye yo. Pèp la  ak diaspora a kondane tou konpòtman mesye Lavassien MOLEGHAF yo kap di moun pran zam ak manchèt pou al simaye violans nan lari Potoprens.

Zafè Mandatè Yo
 Nan eleksyon se yon bagay ki nomal e legal, ke chak pati politik voye yon mandatè pou al obsève, siveye e rapote bay pati politik e kandida pou prezidan yo sak pase jou eleksyon an. Wòl yon mandatè se pou:
1. Siveye ouvèti biwo vòt la pou gade si lè yap fèmen bwat ine yo nan maten ke pa genyen bilten ki deja ladan l
2. Veye pandan jounen an pou garanti pa gen bouraj e moun pa vote 2 fwa
3. Si gen pwoblèm pran foto ak video ak telefòn yo e al chache Jij de Pè ak lapolis pou fè pwosè vèbal e arete moun ki nan move zafè
4. Kom sitwayen ki gen kat elektoral vote. Si mandatè a pa gen kat elektoral mamb biwo de vòt yo pa kitel vote. Sil ensiste mamb biwo de vot yo ap fè lapolis arête l.
5. Lè biwo vòt la fèmen obsève kontaj bilten yo e preparasyon fèy de kontaj la ak pwosè vèbal la
6. Si kandida mandatè a fè pati 2 kandida ki resevwa plis vòt, nan chak biwo vòt kote kandida pa yo se 2 premye mandatè sa yo recevwa kopi pwosè vèbal la.

Lè yon kandida deside ke li pa prale nan eleksyon e ke lap apiye yon lòt kandida pou Prezidan, mandatè kandida sa a ak strikti elektoral li al akonpaye kandida pou Prezidan ke lap apiye. Pa ekzamp mandatè Simon Desras al apiye Jude Celestin e kandida Mathias Pierre ale apiye kandida Moise Jean Charles. Chak mandatè nan yon eleksyon vote yon fwa, depi yo gen kat elektoral. Se yon avantaj ke li ye paske li pèmèt ke moun sa yo pral vote pa rapo ak moun ki rete lakay yo e ki pa ale vote. Pa gen anyen de magouyè ladan l jan yon seri de kandida vle fènou konpran. Li klè ke pou deplwaye mandatè pati a dwe genyen mwayen lojistik ak finansye. Si ou se yon kandida ak yon pati ki fèb ou pap kapab fè sa. Pa bliye genyen 13 mil 725 biwo de vot donk chak pati gen dwa a 13 mil 725 mandatè.

Rale sa se pou dekonstwui yon pakèt voye monte kap fèt sou pwosesis elektoral la e ki pa koresponn a reyalite a.