It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Saturday, February 7, 2015

Akòz de gagòt politik yon katastròf ekonomik posib nan peyi dayiti pa Stanley Lucas


Lè gen anpil dezòd politik nan yon peyi, envestisè pa vini envesti lajan pou bay moun travay. Se envestisman prive ki kreye travay. E si pa gen travayè pa gen sendika. Nan grèv manch long 1987-1990, peyi a te pèdi 200 000 djòb.

Si pa genyen envestisman prive pa gen travay
Genyen yon bagay danjere ki menase nou tout, e l ap devlope nan peyi dayiti onivo ekonomik. Sòti Septamb 2014 rive Fevrye 2015, akòz de dezòd politik nan lari a, peyi a pèdi plis pase US$750 milyon dola ameriken. Kokenn chenn pèt sa yo pral gen enpak negatif sou to kwasans ekonomik peyi a k ap pral fè bak. Akòz de dezòd sa yo, nou pèdi tou momentum sou jefò rekonstriksyon yo e jefò ki t ap fèt pou bay biznis jarèt e kreye plis travay. Konpayi ki te komanse enterese e ki t ap envèsti nan peyi dayiti komanse rale bak, tèlman yo dekouraje poutèt dezòd politik ki nan lari a. Nou tout konnen ke se envèstisman prive ki kreye travay. Si pa gen envestisman prive, p ap genyen travay pou moun k ap chache travay. Yon konpayi etranje ki voye materyèl an Ayiti pou pwodiksyon byen, si byen sa a, akòz de grèv ak dezòd politik, pa rive lè li sipòze rive lòtbòdlo, konpayi sa a ap pèdi anpil lajan e otomatikman ou vinn tounen yon peyi ki pa fyab ekonomikman.


Dezòd politik gen move konsekans 
Kidonk konpayi etranje sa yo e moun ki genyen lajan, akòz de dezòd politik, yo pito al envesti e al kreye travay nan lòt peyi, kote ki pa gen gagòt ak kraze-brize. Lòt konsekans dezòd politik sa yo, sèke sa louvri pòt pou enflasyon an monte anpil, sa vle di ant 11 e 16 pousan. Si safèt, manje ak lavi pral pi chè e pral genyen plis mizè nan peyi a.


 Lòt bagay pou nou swuiv se enpak dezòd politik sa yo sou goud la, pa rapò a dola ameriken an. Si nou gen malè rive nan yon sitiyasyon kote n ap bezwen 60 goud pou yon dola ameriken, sa pral kreye yon katastròf ekonomik. Plis pase 80 pousan de sa nou manje e konsome soti aletranje. Ki kote nou pral jwen dola pou komande, si se 60 goud pou nou bay pou yon dola ameriken? Mwen pa menm pale de Venezuela ki gen pwoblèm ekonomik anndan lakay li, ki kapab, fòse li fèmen pwogwam petrokaribe ki bay 14 peyi karayib petròl. Petrokaribe reprezante 88 pousan bidjè envestisman leta dayiti. Imajine’w yo koupel yon maten, sa t ap tèt chaje pou malere, pou malerèz, pou biznismann e pou peyi a.


Atansyon tchouboum !
Dirijan politik peyi a ki nan pouvwa, e patikilyèman sa ki nan opozisyon yo, dwe reflechi sou koze sa yo nan jou kap vini yo, anvan ke y al lage peyi a nan yon tchouboum ekonomik ke li p ap kapab sòti ladanl. M ap felisite responsab leta yo, men m ap felisite de fason espesyal sendika yo, paske yo konpran ke pa gen sendika san travayè e p ap gen travayè si yo kraze sitiyasyon ekonomik peyi a. Lidè sendika yo aprann anpil de politisyen anakopopilis san vizyon ki te sipòte grèv manch long epòk 1988-90. Rezilta grèv manch long sa yo nan epòk sa sèke tout konpayi etranje yo te ale fè wout yo e te travèse nan lòt peyi. Nan mouvman negatif sa yo se peyi a ki te pèdi 200.000 djòb


Sa te kreye yon sitiyasyon kote twaka travayè ki te nan sendika te pèdi jòb yo. Se sa k fè ke anpil sendika san travayè te pèdi fòs ak mwayen ekonomik yo. Jodi a se menm politisyen anakopopilis sa yo ki pa vle kompwomi ant sendika e leta, e k ap chache kraze ekonomi peyi ke yo te kite an degraba lè yo te pèdi pouvwa a an 2011. Politisyen anakopopilis yo pa konpran dosye gaz la. Yo deklare nan radyo ke gaz pi bon mache Sendomeng. Nouvèl sa fo. Gaz la pi chè Sendomeng. 

Lòt erè ke anakopopilis yo fè sèke Sendomeng van gaz la an lit e lakay nou van li pa galon. Ou bezwen 3lit78 pou yon galon, yon lòt  erè politisyen anakopopilis yo nan move kalkil ke yo fè. Yo di tou ke gaz la pi chè an ayiti pa rapò ak lot peyi. La ankò se manti, kom peyi ki pa fè gaz Ayiti se 4em peyi sou latè kote gaz la mwen chè. Gazoline $1.63 Trinidad ki fè gaz, $4.24 Ayiti, $4.30 Sendomeng, $5.36 Barbados, $5.00 Antigua, $5.90 St. Lucie e $5.00 Cuba. Si ou se yon patriyòt w ap konpran pawòl sa yo e w ap chache kompwomi. Si w ap gade lonbrit ou tankou yon anakopopilis, ou pral joure e voye monte e kontinye nan politik dezòd, boule ak kraze.