It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Wednesday, July 31, 2019

Empòtans eleksyon primè nan pati politik pou ranfòse demokrasi pa Stanley Lucas

Pati politik yo se yo ki se potomitan demokrasi a. Pou pati politik potomitan demokrasi fok yo fonksyonèl. Si konstitisyon an defini sistèm politik la ak enstitisyon ki dwe ekziste ladanl e koman yo dwe fonksyone, se pati politik yo kapral ranfòse enstitsyon sa yo e fè demokrasi a mache toutbon. Se pati politik kapral rekrite, fòme e voye sitwayen ak sitwayènn kòm kandida pou kasèk, pou majistra, pou depite, pou senatè e pou prezidan. Se pati politik la lè li genyen eleksyon kapral chwazi e nonmen moun kapral chèf de sèvis, direktè rejyonal, direktè, konsil, delege, konsil jeneral, direktè jeneral, sekretè deta, minis, premye minis, delege elatrye nan administrasyon piblik la. Se pati politik la kapral rekomande e nonmen gwo jiris kòm jij. Se pati politik la lè li gen eleksyon kapral mete moun poufè 3 pouvwa leta yo fonksyone. Se pati politik la an fonksyon de vizyon li kapral remèt chak otorite sa yo an fonksyon de konpetans yo, yon ajanda pou yo aplike lè yo rive andedan leta a. Ajanda sa chita sou ideoloji, plan, vizyon pati e pwomès ke kandida li yo te fè anvan eleksyon. Premye travay sa pafèt nan majorite pati politik yo an Ayiti. Sa se youn nan eksplikasyon pou komprann feblèss enstitisyon yo e feblèss demokrasi nou.


Kidonk pou demokrasi a mache fòk pati politik yo oganize e fòk yo fonksyonèl. Fòk moun ki gen menm vizyon de sosyete a ki nan yon pati politik pran abitid reflechi sou pwoblèm sosyete a e elabore dè solisyon. Ou pral jwen tout solisyon sa yo nan plan pati a. Youn nan eleman fondamantal kifè yon pati politik dinamik se eleksyon primè. Sa vle di si gen plizyè sitwayen ou sitwayènn andedan pati a ki ta renmen kandida pou Prezidan, pati ap oganize yon eleksyon entènn kote manm pati a nan 10 depatman e nan diaspora pral vote pou kandida sa yo an fonksyon de règleman entènn pati a sou eleksyon. Yo pral vote pou kandida sa yo an fonksyon de kapasite lidèchip ke yo demontre, vizyon yo e pwopozisyon solisyon ke yo prezante pou rezoud pwoblèm ekonomik, politik e sosyal ke pèp la, manm pati a ap viv. Kandida ki resevwa plis vòt se li kap kandida ofisyèl pati nan eleksyon jeneral pou prezidan e se li ki pral reprezante pati a nan eleksyon prezidansyèl anfas  kandida pou prezidan lòt pati politik yo. Malerezman majorite pati politik an Ayiti pa janm fè okenn eleksyon entènn. Eksepsyon pou FUSION, KID, OPL e MOCHRENAH. Nan tout lòt pati politik Ayisien yo lidè yo avi. Reyalite avi sa afebli ampil pati politik e se pousa yo pa kanpe sou anyen. Trè souvan lè yon pati pa fè eleksyon entènn, li afebli, li entoleran e toujou nan violans. Lè yon pati pafè eleksyon entènn, responsab pati sa yo ki fou pou pouvwa, gen tandans gade enstitisyon leta tankou yon gato pou yo separe olye de yon zouti pou chanje lavi pèp la e fè peyi a progrese. Pati fèb sa yo kip a kanpe sou anyen gen tandans tou pa respekte prensip demokratik yo. Pa gen anyen yo papfè pou pouvwa. Trè souvan yo nan koudeta.