Nou gen anpil etranje ki kaleje yo sou min lò 24 karat ke
nou genyen anba tè peyi dayiti. Genyen tou yon ti gwoup volè an ayiti ki vle
ede etranje vòlò sa yo pou yo kapab jwenn moso pa yo. Min lò ki pi enpotan, ke
atoufè yo vle piye soti nan Mole Saint Nicolas, Nodwès, li rive Nan Nodès peyi
dayiti e li rete nan yon zone Sendomeng ki rele Pueblo Viejo. Tou dabo men kopi
pwojè lwa ki te prepare pou pèmèt eksplwate nan lòd mine lò sa yo ke peyi
dayiti genyen. Paleman an pa t gen tan vote lwa
sa avan ke manda li fini.
Fòk mwen di nou tou ke lwa sa a ke bank mondyal ede peyi
dayiti prepare a genyen gwo pwoblèm ladanl, paske ekspè yo wè ke li t ap pèmèt
ke etranje yo volè tou nan lò a, san ke ayisyen pa benefisye. Peyi dayiti gen plizyè kote ki genyen lò ladan l. Lò 24 karat ki nan zònn Nòdès
la genyen pou pi piti 26 milyon ons lò. Yo evalye lò sa a plis pase 40 milya
dola ameriken. Genyen anpil dil malatchong k ap fèt sou lò sa a, san ke pèp
ayisyen an ak diaspora pa okouran. Bagay yo se anba tab ke y ap fèt.
Genyen yon jounalis ameriken ki ranpote plizyè pri nan
Nouyoktimes pou liv ke li ekri ki lage premye kakachat la deyò. Jounalis sa a
ekri yon liv kap soti 5 Me 2015 kote li mennen yon ankèt apwofondi sou rakèt ki
komanse fèt nan zafè pèp ayiysyen an. Nan nòt pou laprès ki soti pou
anonse liv la, konpayi ki pibliye liv la di ke moun ki jwenn avantaj pou al
eksplwate lò sa a rele Tony Rodham. Misye sa a se frè Madan Hillary Rodham
Clinton, ansyenn sekretè deta etatzini ke li ye. Konpayi etranje sa a ki
resevwa kontra sa a ke pèp ayisyen pat men’m okouran rele VCS mining. Alatèt
konpayi sa ou jwenn Angelo Viard, ansyen premye minis Jean Max Bellerive ak
Tony Rodham ki se frè Madan Clinton. Gen plizyè bagay ki fè ke ayisyen an Ayiti
e nan diaspora komanse rele anmwe e
y ap fin anraje:
1. Kòman fè ke Jean Max Bellerive bay kontra sa yo, epi pèson an ayiti e
nan diaspora a pa okouran desa?
2. Kijan fè ke li gentan kouri pozisyone li kòm youn nan gwo zotobre alatèt
konpayi etranje sa a k apral pran twaka lajan lò sa a pral bay?
3. Kòman fè ke kontra sa a pral pèmèt konpayi a kenbe 97 pousan de tout
bagay e peyi dayiti se 3 pousan sèlman ke nap jwenn?
Gen plizyè lòt kesyon k ap poze. Anatandan lòt enfomasyon ki
soti e ki bay anpil sezisman sèke leta ayisyen gentan bay 9 pèmi pou eksplwate
lò ke nou genyen. Chak pèmi sa yo bay konpayi a 5000 a 10.000 ekta tè pou fè
eksplwatasyon lò pèp ayisien an. Dapre pawol ki pale, genyen yon konpayi kanadyen ki rele St Geneviève kap fè gwo lobby bo kote
zotobre isit Ozetazini kap travay sou dosye ayisyen an e an ayiti pou jwenn
moso pa l nan gato sa a k ap separe sou do pèp la. Men nan ki zònn ke yo
konfime ke yo bay kontra:
1.
Mont Organise
2.
Morne Bossa (2 kontra)
3.
Les Irois
4.
Petit Goave
5.
Ouanaminthe
6.
Terrier Rouge
7.
Capotilles
Konpayi ki pral rich sou do pèp la nan zafè sa a rele VCS
mining ki se pwoprietè yon lòt konpayi ke yo rele New Mount. Men se pa moun sa
yo sèlman ki dèyè lò pèp ayisyen an. Nasyonzini dèyè lò sa a tou. Dapre sak di youn nan
enstitisyon nasyonzini ki rele PNUD fouye twou pou chache lò 53 kote nan tout
peyi a. Yo pran yon pati nan tè chak kote sa yo pou ale ekzamine kalite lò ki
genyen chak kote sa yo. Men kote ke mesyedam sa yo panse ke gen lò andedan peyi
nou:
1.
Morne Pelé
2.
Morne Lambert
3.
Morne Chanson
4.
Morne Madelene
5.
Morne Bidoire
6.
Morne Mazeres
7.
Morne Bassin Mambo
8.
Morne Petite Riviere
9.
Morne Chwaze
10. Morne Quintilien
11. Morne Bossa 1 (habitation cadouche)
12. Morne Kanpeche
13. Morne Mantek
14. Morne Bossa 2
15. Morne Punaise
Anmèmtan gen pawol k ap pale nan lari a, ki di ke genyen yon
lòt konpayi ke yon seri de zanmi Prezidan Preval melanje ak mesye INITE e mesye
Gwoup de Boudon yo monte pou jwenn moso pa yo nan gato sa k ap separe sou do
pèp la. Konpayi sa a rele Sosyete Minyè Nòdès (SONIM). N apral verifye pou plis
detay e presizyon.
Nan yon sosyete ki genyen 5.5 milyon moun nan mizè, 134
komin san eletrisite ak enfrastrikti ki kraze, 56 pousan moun ki anafabèt,
chomaj la a 60 pousan nan mitan jènn yo, mezanmi an tout konsyans nou pa kapab
chita ap rete gade yon ti gwoup moun ki vinn pou volè lò ke nou genyen e separe
gato antre yo pandan ke rès peyi a pa benefisye de anyen e rete nan grangou.
Fòk pèp la jwenn. Sa nou panse ki enpotan jodi a sèke li nòmal ke moun kap
envesti fè yon grap lajan pandan ke peyi a ap fè kòb tou pou rezoud pwoblèm ke
pèp la genyen. Men kesyon ke nèg vinn pran 97 pousan de lò ki genyen e remèt
nou 3 pousan, sa pa akseptab ditou. E se sa ke pèmi ki bay yo di.
Moun kap
eksplwate yo ap kenbe 97 pousan e Ayiti 3 pousan. Vòlè ki bannou kou sa a gen
tan mete tèt li kòm chèf nan konpayi etranje ki prale vole lo a. Jodi a fòk
tout moun konn laverite sou dosye lò ke nou genyen, di nou ki sa ki siyen,
kimoun ki benefisye e ki kaye ki merite pou korije. Responsabilite moun ki konn
li ak ekri se defann pòv yo, defann enterè peyi a. Sa k ap fèt la pa bon. Yo
mèt fizye mwen demen maten, m ap repete l. Sa k ap fèt la pa bon pou peyi a e
pou pèp la k ap soufri nan mizè. Gen kaye ki merite pou korije. Fòk chak
patriyòt mobilize e angaje pou peyi sa a sispann pran kou.