It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Saturday, July 20, 2013

Kronoloji Lanmo Jij Jean Serge Joseph pa Stanley Lucas


Jij Jean Serge Joseph ki tap travay sou yon dosye ki gen rapo ak mamb pouvwa ekzekitif la mouri nan lopital Bernard Mevs Samdi 13 Jiyè 2013. Nou prezante kondoleyans nou bay fanmy Jij Jean Serge Joseph. 

Istwa eskandal sa komanse lè yon kriminel ke lapolis ap chache Enold Florestal akize Premye Dam peyi Dayiti Sophia Martelly de koripsyon. San ke pèson pa verifye pwofil akizatè a e akizasyon san pwèv yo, avoka Enold ki se asosye politik li komanse atake nan laprès e mete sou do Premyè dam la. Pou dekourvri kimoun ke Enold Joseph ye klike la: http://www.slideshare.net/Stanleylucas/enold-florestal-1  Kesyon kap poze kijan fè ke yon kriminèl ke lapolis ap chache kapab ale depoze e poteplent san pwèv kont Premyè Dam peyi Dayiti?

Apre lanmo jij Joseph ki tap travay sou dosye sa,  sa fè ampil bwui politik. Lè jounalis tal chache enfomasyon e poze kesyon doktè lopital Bernard Mevs yo di nan laprès ke se yon aksidan selebro vaskilè hemorajik ki touye jij Jean Serge Joseph. Jodia akoz de ampil deklarasyon politik tèt amba ak akizasyon san pwèv kap fèt genyen ampil konfizyon sou dosye lanmo sa. Pou yon seri de moun yap esaye pwofite de konfizyon sa pou konstwui kapital politik yo pase yo goumen e ede chache e jwen laverite. Moun sa yo ap peze akseleratè pwopagand lan nèt al kole san pèson pa fè oken jefo pou detèmine e ankète sou sak pase jan prensip demokrasi ki bay lalwa mandel. Mwen fè ankèt pa mwen sou baz sakap di e men rezilta yo. Nan rezilta sa yo gen ampil kesyon ki merite repons. Anvan ke nou komanse pataje rezilta yo, map di nou ke pèson poko konnen si jij Joseph mouri natirèlman de yon maladi osions si yo touyel paske otopsi ko jij la poko fèt. An jeneral se otopsi ki bay detay sou sak lakoz ke yon sitwayen mouri. Ann gade ansamb gwo deklarasyon ak lot aktivite ki antoure lanmo gwo jij sa:

1.   Desamb 2012 jij Jean Serge Joseph te sibi yon gwo operasyon medikal an Ayiti se doktè Dr. A. H. ki fè operasyon selon sak di (sa poko verifye)

2.   2 Jiyè 2013: Desizyon Jij Jean Serge Joseph convoquant des hauts fonctionnaires de l'état: (sa verifye) klike la:  http://www.mixcloud.com/radiokiskeya/défunt-juge-jean-serge-joseph-140713-déclaration-fait-le-2-juillet-2013/ 

3.    9 Jiyè 2013 rankont ant Jij Jean Serge Joseph e Dwayen Tribinal Svil la Me Raymond Jean Michel nan yon restoran Potoprens (sa verifye) klike la:  http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article9670  

4.   11 Jiyè 2013 dat prezime ke Samuel Madistin bay nan radyo kote san pwèv li deklare ke te gen yon reyinion ant Prezidan Premye Minis, Jij Joseph, Minis Sanon ak Me Gary Lissade nan kabinè Lissade (sa se spekilasyon, sa poko verifye)

5.   12 Jiyè Prezidan Mately pati pou Orlando pou repon a yon envitasyon NAACP (sa verifye) klike la:   http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=22276

6.   12 Jiyè nan apre midi jij Jean Serge Joseph ki gen 58 lane daj soti Lestè Latibonit pou rantre Potoprens. (sa verifye Ref Me Fevry Signal FM)

7.   Nan lannwuit la li pa santil byen, Samdi 13 Jiyè a 3hres di maten yo menen li nan yon eta kritik nan lopital Bernard Mevs (sa verifye enfomasyon lopital Mevs)

8.   13 Jiyè a 3:10 p.m. website Edens Debas ki rele Tout Haiti anonse sou gwoup VINOUSH san pwèv ke jij Joseph nan koma akoz de presyon dirèk ke Prezidan Martelly ak Premye Minis Lamothe fè sou li. (sa verifye, piblikasyon website Vinoush)

9.   Maglre tout jefo doktè yo pa reyisi sovel, li mouri Samdi 13 Jiyè a 8hres diswa sa vle di 17hres tan apre ke li rantre lopital la (sa verifye, enfomason lopital Mevs)

10.   14 Jiyè a 1h du maten sa vle di 5hres tan apre ke jij Jean Serge Joseph mouri Edens Debas ak website li Tout Haiti san yo pa pale ak oken doktè lopital Mevs, san oken pwèv akize Martelly-Lamothe kom responsab lanmo jij la sou mailing list HaitiConnexion. Nouvèl sa gaye nan tout lari potoprens e nan diaspora a. Se konsa ke matrakaj politik la te komanse (sa verifye sou HaitiConnexion)

11.   14 Jiyè apre ke bwui san pwèv sou kilès ki touye jij la ke Edens Debas ak Tout Haiti fè kouri toupatou sou entènèt la sa vin enliyanse kèk jounalis ki komanse repete teori touye a.  Kèk jounalis monte nan lopital Mevs pou al chache konnen ki rezon medikal ki fè ke jij Joseph mouri. Sou baz enfomasyon Edens Debas yo, kesyon jounalis yo tap poze montre ke san verifye yo te aksepte e repete fo nouvèl ak montaj Edens Debas e website li Tout Haiti te distribye sou entèneèt la (sa verifye)

12.   14 Jiyè Me. Samuel Madistin deklare ke jij Joseph tap recevwa presyon nan men gouvènman Matelly a. Li deklare tou ke te gen yon reyinion ant jij Joseph, Prezidan Matelly, Minis Jistis la, Dwayen Tribinal Sivil la, Premye Minis la, e Me. Garry Lissade.  Yo di ke reyinion lan te fèt nan kabinè Gary Lissade. (deklarasyon fèt sou pluriel men nou pa gen mwayen verifye si deklarasyon Madistin yo chita sou verite, se yo di)  http://www.youtube.com/watch?v=pSYJPmZ8SXY&feature=youtu.be&noredirect=1 

13.   14 Jiyè a travè yon not protestasyon Me Gary Lissade demanti fo enfomasyon Me Samuel Madistin ki te fè konnen ke te gen reyinion ak jij Joseph (not la disponib) http://www.slideshare.net/Stanleylucas/note-de-protestion-de-me-garry-lissade

14.   15 Jiyè Lopital Mevs soti yon kominike poul di ke lopital la pat jamen oganize yon konferans pou laprès jan yon seri de moun deklare'l sou radyo. (sa verifyehttp://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=119156

15.   15 Jiyè sou radyo Magik Minis Jistis la ak Dwayen Tribinal Sivil la demanti nouvèl ki fè konnen ke yo te ale nan yon reyinion ak jij Joseph nan kabinè Lissade. Pot pawol Prezidan lan Lucien Jura demanti e rejete akizasyon sa ke Madistin fe. Men'm jou sa jounalis Valery Numa konfime ke te gen yon reyinion ant jij Joseph e mamb gouvènman san li pa bay sous la. (deklarasyon sou radyo Magik la verifye) http://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=119063

16.   15 Jiyè, Depite yo nommen yon komisyon ankèt sou lanmo jij Joseph ki gen ladanla Sadrac Dieudonne Prezidan, Amyot Francois ak Gluck Theophile kom mamb (sa verifye)

17.   17 Jiyè Senatè yo monte ton komisyon ankèt sou lanmo Jij Joseph. Komisyon gen ladanl Westner Polycarpe, Steven Irvenson Benoit, Pierre Francky Exius, John Joel Joseph, Francois Anick Joseph   http://www.alterpresse.org/spip.php?article14881#.UenO5b-trL8

18.   17 Jiyè, Ketly Juilen enfome laprès ke pouvwa Ekzekitif la tap fè presyon sou jij Joseph  http://metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=22288

19.   17 Jiyè sou radyo Signal FM Prezidan Matelly deklare ke li pa gen anyen pou wè ak Lanmo jij Joseph. Prezidan Matelly prezante kondoleyans li bay fanmi jij Joseph. Prezidan Martelly pa konnen jij Jean Serge Joseph paske li pa jamen rankontre avèk li.  Prezidan deklare tou ke dosye a pat nan men jij Joseph anko paske avoka defans yo te fè apèl a desizyonl. Kidonk dosye a te gentan transfere nan men 3 lot jij. Prezidan lan di poukisa yo ta al fè presyon sou yon jij ki pat gen dosye a nan menl. (Deklarasyon sa yo fèt sou radyo Signal FM) http://signalfmhaiti.com/index.php/podcast/l-invite-du-jour/767-l-invite-du-jour-le-president-joseph-michel-martelly-repond-a-tamara-orion-et-elysee-jean-baptiste

20.   17 Jiyè Konsey Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) decide pou li louvri yon ankèt (sa verifye)  http://metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=22292

21.   18 Jiyè Me Samuel Madistin ekri yon lèt fomèl komisè gouvènman ki devan tribinal de premye enstans. Gen yon pati desa li mete nan plent lan ki diferan de sa li di nan televizyon Pluriel http://www.slideshare.net/Stanleylucas/denonciation-samuel-madistin

Mwen men'm sou baz sakap rakonte sou radyo e nan lari a mwen panse ke gen 3 teori sou kesyon sa. 

Premye teori a eske jij la mouri de yon lanmo natirèl sa vle di de maladi li? Eske gen mwayen verifye si jij Joseph te gen 58 lane te sibi yon operasyon medikal gen kèk mwa? Eske gen mwayen jwen nan men doktè li istwa medikal li? Eske li simpleman posib ke li mouri natirèlman e Edens Debas ak website liTout Haiti politize dosye a? 

Dezyèm teori a eske yo touye jij Joseph? Nan konsiderasyon sa gen 2 posibilite. Premye posibilite a se gouvènman lan ki fè touyel. Nan Teori se gouvènman ki fè touyel wap mande tèt ou pou ki rezon? Ki enterè ke gouvènman Martelly a ta genyen pou li touye jij la? Lè wal chache motif sipozeman krim la ou dekouvri ke dosye  gwo zotobre leta yo a te gentan transfere nan men 3 lot jij akoz de apèl ke avoka defans yo te fè. Kidonk dosye a pat nan men jij Jean Serge Joseph anko. Kesyon donk, si dosye a pat nan men jij Jean Serge Joseph poukisa yo ta touyel? Lot kesyon ke wap poze tèt ou si te gen presyon ki tap bay eske se pata 3 nouvo jij ki gen dosye a nan men yo ke yo ta bay presyon? Tout sa se kesyon. 

Dènye posibilite a se moun kap pote akizasyon yo ki responsab lanmo jij Jean Serge Joseph. Si ou swuiv sou entènèt la waap jwen moun ki te gentan bay teori ke yo ampwazone jij la aloske li potko men'm rive lopital. Ki kote yo te jwen enfomasyon sa? Nou dwe poze tèt nou tou ksesyon eske nan teori sa yo ta ampwazone jij la lè li kite Lestè Vandresi swa? Pa bliye nan latibonit gen moun ki fo nan pwazon. Nan koze kiltirèl ki pale yo toujou di ke nan depatman Latibonit gen 4 gwo pwazon: Premye a rele Patante, dezyèm la rele Asyèt Fayans, twazyèm lan rele Ayè M'te Wè'w, Katryèm lan rele Pinga Sinrin.  

Jiskaprezan, tout bagay sa yo se teori ke yo ye. Mwen pa gen repons a kesyon sa yo. Jodia jounalis ki pa aktè politik e lajistis ta dwe fè ampil jefo pou ankète e jwen repons a kesyon sa yo e dekouvri kilès nan 3 teori sa yo ki verite. Pou le moman mwen konstate ke gen plis spekilasyon ke ankèt e gen plis akizasyon san pwèv. Spekilasyon, akizasyon san pwèv ak rejim demokratik ki chita sou la lwa pa mache ak zagribay konsa. Peyi Dayiti fè ampil pwogrès demokratik, sitwayen yo vle kite enstitisyon ak lalwa fè travay yo olye ke fèzè politik vin akize, jije e kondane nan radyo jan sa te konn fèt an 1987. 

Nou espere ke Otopsi a pral pote bonjan enfomasyon ka pèmèt nou tout wè pi klè. Anatandan gen 2 kan politik sou lanmo jij Joseph. Premye kan se demokrat ayisien yo ki vle enstitisyon yo fè travay yo kom sa dwa, pou yo kesyone, chache e jwen bonjan pwèv pou laverite blayi. Dezyèm kan se mesye anakopopilis ki vle politize e sèvi ak lanmo jij pou mete dezod ak lobèy. Yap esaye kreye kè sote nan radyo ak sou website yo pou retire pouvwa politik la nan men pati politik yo, palman lan, ekzekitif la ak jidisyè a pou yo ka lage li nan men chimè nan lari a. Se yo ki komanse ap esaye fè ti dife vole lestè pou mete moun nan lari e kreye dezod. Yo bezwen sitwayen inosan mouri nan lari a pou yo kapab konstwui kapital politik yo. Yo pa kwè nan eleksyon demokratik se nan dezod ke yo kwè, pou konfime sa, tande pawol ki soti nan bouch Senatè anakopolis la Moise Jean Charles klike la:  https://soundcloud.com/haiticherie/haiti-plan-senateur-moise-jean  Moise Jean Charles ajoute endirèkteman ke se nan men'm direksyon dezod sa ke Jean Bertrand Aristide ak Fanmi Lavalas ap pran paske yo men'm yo pa nan zafè eleksyon. Dapre Moise se Maryse kap pale tenten, koute klike la:  https://soundcloud.com/haiticherie/moise-jean-charles-fanmi Se pa premye fwa anakopopilis yo ap konstwui kapital politik yo sou kadav. Erezman ke tout soyete a kompran. Nou tout ansamb an travay san spekilasyon pou nou detèmine sak rive e pran desizyon ki pou pran jan règ jwèt demokrasi a mandel. Si otopsi a revele ke lanmo jij la natirèl e ke se yon maladi ki touyel nap selebre lavi li e sèvis ke li bay nasyon lan. Si otopsi a revele ke yo touye jij la tèt frèt nou pral sipote lajistis ak lapolis pou yo jwen kimoun ki touye jij la e bali selon lalwa sa li merite. Fwa sa nou pap tolere lankèt se pouswui. Si nou fèl konsa se meyè fason ke nou tout kapab onore kadav jij Jean Serge Joseph. Jodia a batay la se pou demokrasi, demokrat yo ak lajistis pote laviktwa nan peyi dayiti pandan ke fos fènwa anakopolis yo pral delala.