#LeReCit — Zak enjistis ki pase nan kapital
#Haiti jodi 5 me 2020 an kote yon jij Delma bay lòd pou arete mare tankou krab,
yon sitwayen ki gen anpil laj, yon pèsonaj ki tap egzekite yon desizyon
Kasasyon an favè li sou teren li, se prèv eta dekonpozisyon pouriti lajistis an
#Haiti.
Nou refize di bagay yo jan yo ye : Lajistis
peyi Haiti se yon kansè ki anpeche envestisman ak devlopman ekonomik.
Se chak jou jij ak notè ak avoka, isye, grefye
ak polisye, mete tèt yo ansanm pou vyole dwa pwopriyete moun...volè tè, volè
kay.
Lajistis Haiti vyole dwa moun pi plis pase
lapolis. Poutan se #PNH tout moun ap fè rapò sou li.
Pagen okenn moun tèt dwat ki pral envesti yon
goud nan yon peyi kote lajistis nan konplo pou pran byen moun oubyen refize
tranche daprè sa lalwa di.
Ap toujou gen vanjans, moun sivilize pap janm
vini envesti ni kreye travay nan yon peyi konsa.
#LeReCit kont tout demagoji. Nou dwe di bagay
yo jan yo ye. Fason lajistis ap fonksyone nan peyi d’#Haiti ap detri peyi-a net
ale.
Pi fò moun ap chache lajan nan nenpòt
kondisyon.
Ki itilite CSPJ? Daprè mwen bagay sa pagen
okenn enpòtans. Se yon “sinécure”. Bagay yo te pi bon avan. Paske jij yo te
konnen yo ka revoke yo, sa te bay yo lakrent, yo te pridan.
Bagay CSPJ sa se mete dra blan sou kabann sal.
An 2011, nou te di Prezidan Martelly dwe
netwaye jistis la ak bonjan rapò Vetting avan li kreye CSPJ ki se yon desizyon
ki kapab konsakre yon bann jij konwonpi andedan sistèm lan. Prezidan Préval te
refize kreye CSPJ ak tout blan tap mande sa.
Kòm dabitid moun #Tetkale sa yo pa janm koute
nou. Ann di yo koute nou lè yo pran nan cho. Kidonk, yo te inyore nou sou koze
jistis sa, menm jan yo pat koute nou sou koze amandman chanpwèl konstitisyon
1987 Préval ak INITE te fè pou ranfòse pouvwa yo.
Jan nou te di sa
1- konstitisyon amande ki pèmet Palman
rekipere pouvwa lè prezidan gen pwoblèm, lakòz palman an chita nan konplote
koudeta pou jete prezidan selman. Yo refize fè travay palmantè yo, se konplote
pou kapote prezidan ak espwa yap ka rekipere palè nasyonal.
2- kreyasyon CSPJ ak yon bann moun kòwonpi
andedan sistèm nan, san netwayaj apati bonjan vetting, lakòz lajistis tounen
gang kap fè moun enjistis, kenbe malere nan prizon san rezon, fè konbinezon pou
vole byen moun, fè konbinezon ak palmantè pou koudeta, elatriye.
Majorite kriminèl ki nan gang, kap touye moun
an Haiti, se bandi Lapolis te arete deja men jij te libere ak tout gen prèv
kont yo. Lajistis gen yon teknik disparèt rapò lapolis voye bay yo, zam yo sezi
ak lòt disparèt. Epi, yo òganize yon jijman san prèv, san yo pa envite viktim
ni moun kite pote plent. Epi, bandi libere !
Sepa yon aza si okenn jij pa janm viktim nan
men bandi. Sepa yon mirak si fanmi yo ak moun ki pwòch pajan viktim anba bandi.
Tandiske tout moun konnen nan peyi serye kote lajistis ap kwape bandi, jij
toujou gen gwo menas sou do yo, nan peyi d’Haiti tout jij kè pòpòz.
Siman kapab gen yonn w de jij kap pran
presyon. Men la ankò, se prèv ke majorite jij nan tete lang ak bandi.
Li lè pou’n sispann ak demagoji sa k’ap fini
ak peyi-a. Sispann pran pòz nou pa wè.
CSPJ pa pwouve li itil anyen nan fè lajistis
fonksyone korekteman;
lajistis se yon kansè kap touye leta d’Haiti.
Nou mèt kontinye fè komsi nou pa wè, pran pòz
nou pa konprann oubyen nou pa konsène.
Gen kèk jou depi gras a etid ak rechèch nap fè
nou aprann gade bagay yo sou yon angle yo rele : “ Le temps long”. Ki vle di
analize evolisyon evènman yo apati analyz listwa ak pwojeksyon sou lavni lwen.
Paske si wap gade bagay yo chak jou, w pap konprann anyen. W pap wè nan ki
woulo w pran.
An verite map di sa. Aysyen ap travay pou peyi
sa fini tankou yon pwovens Repiblik Dominiken.
Paske nou pa serye nan anyen;
nap jwe, ranse betize ak tout bagay. Chita
pale anpil, pedi tan ak opòtinite.
Tandiske tan ki pase pap janm tounen. An 2019,
lè nou tap bloke peyia, pran plezi nan #PeyiLock, timoun tout lòt peyi tap ale
lekòl. Jodia, #Coronavirus bloke lekòl, tout lòt peyi alèz pou kite timoun yo
pase klas yo san konpoze. Men nou men aysyen, se an janvye 2020 nou te konmanse
ale lekòl. Bagay la anbarasan pou al di etranje yo ke tout timoun pase ak mwens
ke 3 mwa lekòl.
Anyway, nou mèt kontinye ranse betize!
Pèsonèlman mwen pagen foli dirije anyen an
Haiti. Mwen pagen foli pouvwa. Dayè, mwen panse gen plis prestij nan dirije yon
konpayi ke dirije yon bwat an Haiti.
Gen moun ki konn di’m poukisa w pa ale kòm
kandida pou Sena. Mwen toujou reponn : “Si pou’m ta Senatè sepa pou fè lajan.
Paske lajan moun fè nan politik pagen mèt. Nenpòt ti vakabon ki chita ap ranse
tout jounen panse li ka derespekte’w pou li. Dayè sa lakòz byen w reyalize nan
travay di pase pou bagay yo genyen gras a pouvwa.
Kidonk, pou mwen menm ale pou pòs Palmantè ta
dwe gen pou objektif al diskite nan Palman.
Nan sans sa, ki deba serye w wè kap fèt nan
Palman an?
Yon bann nèg “ridicul” kap rele fè bri pou
moun wè yo. Apre sa chak jou yap fè le kontrè de tout bèl pawòl yap di nan
seyans oubyen nan radyo ak televizyon. Ti grenn moun ki kapab yo oubyen ki
serye yo pase pami lafoul. Yo pa bay yo tan pou devlope okenn lide, se toujou
“YON MOTION Prezidan”, okenn ide paka devlope, apre sa batay mete pye, kowòm
kraze, demen maten pifò moun al nan biwo moun yo yap akize oubyen kritike yo
pou negosye kòb oubyen pòs.”
Mwen pa anvi twouve’m nan bagay konsa.
Sa fè’m mal pou moun mwen konnen ki kapab, ki
onèt, men ki twouve yo nan asanble sa yo.
Nou pa menm bezwen pale de operasyon bayakou
a.
Zanmi, w pa bezwen joure’m. Mwen reziye’m ak
demach nap fè pou #Haiti disparèt la. Paske se sèl pale mwen ka pale.
Men li klè, e pagen okenn dout ke si nap
kontinye konsa, Haiti ap disparèt nan enterè Repiblik Dominiken ak tout lòt pèp
rasis ki vle pwouve ke nou paka dirije tèt nou.
Yon peyi bezwen envestisman pou kreye travay
pou moun travay epi okipe fanmi yo. Li bezwen lekòl pou fòme pwofesyonel ki
apresa dwe jwenn travay.
Lajistis se baz pou gen lapè andedan yon
sosyete. Lè tout moun konnen gen yon tribunal ki pral tranche sou yon konfli
nan sans verite ak sa lalwa di, espwa jistis sa kreye lapè, pagen bezwen
vanjans... epi tou se yon gwo garanti pou moun vi’n envesti.
Bagay sa lakòz menm pitit peyi-a ki fin
bourike nan peyi etranje pa fouti mete pye nan peyi-a pou vini jwi pansyon ak
retrèt yo.
Cyrus Sibert,
#LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
05 Mai 2020
Whatsapp: +509-3686-9669
www.reseaucitadelle.blogspot.com