It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Wednesday, February 18, 2015

Sendomeng: Ann sispann ranse,ann pale koze serye pa Stanley Lucas


Lidè politik yo ak moun kap reaji sou dosye Sendomeng lan parese anpil e yo pa vle travay sou li tout bon. Yo pa vle chita travay pou pare yon dosye serye ki prezante klèman pwoblèm ke nou genyen anndan e andeyò peyi Dayiti, pou pwopoze solisyon ki ta kapab pèmèt nou jwen solisyon a pwoblèm sa yo. Jèn sa a, Jean Claude Harry alias Henriclo Jean ke dominiken yo pann nan move kondisyon Sendomeng vekse tout ayisyen e relanse deba sou rezo sosyo yo e nan radyo, sou rapo ki ekziste ant Sendomeng e Ayiti.

Konsyans nasyonal nou manke konviksyon
Jiskaprezan sa mwen tande e sa mwen li raple mwen menm reyaksyon emosyonèl ki te fèt apre ke Lakou konstitisyonèl Dominiken yo te revoke nasyonalite omwen 700.000 dominiken, paske yo gen orijin ki marye ak Ayiti. Anpil moun te move tankou kong pou de jou. Apre sa tout moun bay vag. Konpotman sa montre ke konsyans nasyonal nou manke konviksyon, manke detèminasyon. Yon pati nan klas politik ayisyen an tankou yon batiman san vwal. Yo paka al nan gwo lanmè. Yo manke wè lwen. Nèg yo pa analize kijan dominiken trete ayisyen ki lakay yo. Dominiken an konnen klas politik nou an gen anpil malfini grangou ak feodal ladan l. Anmèmtan dominiken Sendomeng ap maltrete ayisyen lakay yo, anmèmtan y ap chèche vann machandiz yo lakay nou. Sa a se yon move dekabès yo fè sou nou. Gen anpil politisyen nou ke Dominiken yo kapab achte. Si deja lakay nou, politisyen yo pa pwoteje pèp nou, kijan yo pral kapab pwoteje ayisyen ke y ap maltrete Sendomeng ? Dominiken yo ranse avèk nou, paske yo pran nou pou malfini bèk papye, malfini divize, malfini grangou.

Gen de bagay ki dwe chanje. Fòk nou komanse aprann fè dosye, defini objektif, epi pa lage anyen sou wout jiskaske nou kòmanse jwenn rezilta ke nou t ap chache. Eske nou panse ke depi Boukman, anpasan pa Toussaint Louverture rive sou Dessalines, ke nou t ap jwenn endepandans nou kom peyi, si nou pa t kenbe detèminasyon nou vivan e si nou pa t konnen sa nou te vle?

Fòk nou chita pran san nou, pou nou konprann Sendomeng
Jodi a nou dwe chita pran san nou pou nou konprann Sendmoneng e prepare yon dosye ki genyen dè objektif klè ka p pèmèt nou edike popilasyon nou, fè yo konprann andedan e deyo peyi a ki wòl ke yo ka jwe pou pèmèt nou jwen rezilta. Dosye sa a pèmèt nou konpran feblès politik e ekonomik entèn nou ki pèmèt Dominiken byen mennen. Jefò prepare dosye sa a dwe pèmèt nou tou konprann sa k ap pase andedan Sendomeng, e konpreyansyon sa a pral pèmèt nou rezoud pwoblèm yo, akoz de yon estrateji klè pa rapò ak estrateji ejemonik dominiken . Anndan Sendomeng menm, nan mitan gouvènman dominiken an, nan mitan opozisyon an, nan mitan sektè ekonomik e sosyal yo, e onivo kiltirèl, yo preske tout dakò sou kisa yo dwe fè ak nou. Èske nou menm nou genyen konsansis sa a lakay nou?

Èske nou konprann kijan politik anti-ayisyen an òganize Sendomeng ?
Jodi a, lè ou pale ak lidè politik peyi dayiti, lidè ki nan sektè prive a, nan sosyete sivil e diaspora peyi dayiti, èske ou wè ke yo gen konesans kijan politik anti-ayisyen an òganize Sendomeng? Eske lidè politik, ekonomik e sosyal peyi dayiti konprann kijan politik enstitisyonèl la òganize Sendomeng pou anpeche dominiken-ayisyen e ayisyen rantre lekòl? Pou anpeche yo benefisye de lopital? Bloke yo pou yo pa jwenn ak de nesans? kat idantite? kat elektoral? paspò? anpeche yo rantre nan inivèsite? anpeche yo travay e fè yo tounen yon bann apatrid, fè yo tounen moun ki pa moun? Ki lidè lakay nou ki montre ke yo konprann jan pati politik dominiken ak sektè prive dominiken aji pa rapò a Dominiken-ayisyen e ayisyen ki Sendomeng e peyi dayiti? Èske lidè politik nou yo e moun k ap analize, ka eksplike poukisa dominiken yo ap achte avyon de gè nan men brezil, bato de gè, tank ak yon pakèt gwo lòt zam alòske anfas, an Ayiti, pa gen okenn menas? Èske lidè politik nou yo sonje masak 30.000 ayisyen Sendomeng e pare dosye yo ak dè estrateji pou garanti ke sa p ap rive ankò? Èske lidè politik nou yo konpran eksplwatasyon travayè ayisyen Sendomeng, ke nèg yo eksplwate tankou esklav, pou fè lakay yo mache byen? Eske lidè politik yo konprann politik ekonomik Sendomeng ki mete pye sou kou peyi dayiti ak ekspòtasyon 2 milya dola pwodwui dominiken ayiti chak ane? Èske lidè politik yo konprann wòl gwoup de boudon ap jwe pou enterè dominiken onivo ekonomik pou afebli leta, afebli nou e afebli pati politik ki vle defann enterè peyi dayiti? Èske lidè politik yo konprann, jan Sauveur Pierre Etienne te di a, ki wòl ke yon seri de konze politik ap jwen nan sèvi ak 50 milyon dominiken bay, via gwoup de Boudon pou mete manifestasyon nan lari e afebli gouvènman lakay nou? Li lè nou poze pwoblèm sa yo ansamb, pwopoze e aplike solisyon pou yo. Fòk nou demontre ke n ap kapab travay ansamb, pandan plizyè deseni, pou nou rive jwenn sa n ap chache yo.

Fòk nou fè yon bon radyografi pou nou prepare yon bon solisyon
Anatandan, anplis de endignasyon ke nou santi, paske nou kapab jwenn rezilta, annou pare dosye a, annou esaye fè radyografi defi a pou nou kapab prepare, pwopoze e aplike solisyon yo. Lè na p pale de solisyon kisa nou vle di? Nou vle di ki enstitisyon ke nou dwe konstwui e kijan nou dwe ranfòse leta panou? Ki politik komèsyal e ekonomik ke ayiti ta dwe aplike pa rapò a Sendomeng? Lè ou poze kesyon sa a, w ap mande tèt ou eske nou genyen yon politik ekonomik nasyonal? Ki estrateji pou politik etranjè ayiti sou sendomeng? Ki politik de defans? Kijan nou kapab travay ak diaspora ayisyen sendomeng lan pou chanje sa? Jodi a mwen panse ke fòk nou travay seryezman e fè dosye yo, si nou vle jwen rezilta.

 Si se pa sa n ap kontinye vekse pou de jou, epi kèk mwa pase nou bliye jiskaske sa refèt ankò. Yon jou nou ka menm sezi ke yo touye 30.000 ayisyen ankò. Pou bagay sa yo pa rive fòk nou travay, fòk nou goumen, fòk nou pare e fòk nou gen detèminasyon nan sa n ap fè. Men sa ki pi enpotan, fòk nou sispan ranse e fòk nou retire betizè anakopopilis yo nan politik peyi a, pandan ke n ap korije kaye gwoup de Boudon an, ki se yon menas pèmanan pou peyi dayiti, paske yo se premye defansè enterè dominiken an ayiti. Dechouke anakopopilis yo ak gwoup de Boudon an pap fasil paske gen yon teren sosyal ki fè yo pran rasin. Analiz sa se baze  prizdekonsyans ke nou dwe bâti pou chanje sa, menm si nou pran plizyè lanne pou nou bati li.

2 comments:

Vladimir Tony said...

konsyans kolektif la selman ki ka ede n make pwen sou Sendomeng

@vladimirtony

Frantz said...

Stanley Lucas mwin ta rinmin ou pibliyé doné konkrè sou tout aktivité dafè sou "Gwoup de Bourdon" an...paske li inpotan pèp Ayisyen an gin bon dosyé ak bon info sou nèg sa yo...si se vré!