It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Sunday, July 10, 2011

Pour le Journaliste Haitien Jacques Roche torture et assassine par lavalas le 10 Juillet 2005 par Stanley Lucas

10 Jiyè 2005 - 10 Jiyè 2011 jodia fè sis lane depi ke kriminèl lavalas yo touye ou. Komandan an chèf yo pral selebre fèt li a gogo 15 jiyè pandan ke kadav ou ap pouri san jistis. Brignol Lindor ke lavalas la te dekoupe tou a manchèt komprann sa map di la.

    Cadavre de Jacques Roche ligote, torture, assassine par lavalas

Jacques: Si ou te vivan ou pa tap kapab domi tèlman ou tap soufri devan mizè ak traka ki tombe nan kolèt pep la apre le 12 Janvye. Mwen konnen kijan sitwayen peyi nou te empotan pou ou. Magalie Marcelin ale goudougoudou tiyel, Wanel Fils ale, Micha Gaillard ale, Myriam Merlet ale tou, se pa ni de ni twa moun ki mouri paske leta lavalas-lespwa-Inite a pat fè travay li. Aristide te konnen ke peyi a ta pral genyen trambleman de tè depi 7 Oktob 2002
http://www.bme.gouv.ht/alea%20sismique/Alea_sismique%20HAITI.pdf  men li pat regle anyen pou prepare peyi a pousa. Olye ke li travay pou prepare peyi a, li tap kraze zo moun ki pat dako avèk li. Malgre tout sa ki pase nan peyi a neg sa yo pa chanje. Yo rete mechan, kriminèl, volè.

Jodia zenglendo INITE ak lavalas yo patikilyèman sa ki te nan kokayine Tiburon, kite tiye sitwayen nan masak lasiri nan senmak kontinye ap sabote e bloke peyi a. Mwen konnen ke si ou te la, nan non pèp la, ou tap di non nan non moun kap soufri yo.

Jacques fok ou ta wè nan ki kondisyon ke sitwayen yo ap viv. Ou ta kriye frè'm! Dlo tap soti nan je ou e ou tap rele anmwe! Sa pa posib ke se nan eta sa ke sè nou yo ak frè nou ap viv nan lari amba tant, lapli ak pousyè.

Nouvo Prezidan an Matelly ap degaje'l poul wè sa li kapa fè pou pèp sa kap soufri, men zenglendo INITE yo bloke peyi sou pretèks ke fok yo jwen yon moso nan gato a ke yo finn vale tankou aloufa soti 2006 pou rive 2011. INITE ap trete pitit pèp la kise pitit pèp la pi mal pase kochon.

Jacques mwen konnen sansibilite ou, si ou te la, ou tap kriye, ou tap revolte, ou tap sou beton an, ou tap ekri...Nou sonje ou Jacques! Ou pat jan'm ezite ekri pou moun ki tap soufri yo. Jacques genyen ampil kolèg ou ki trayi koz la, se pa fot yo, sa pa bon, yap chache woulman. Jacques nap kontinye goumen pou ou jwenn jistis malgre jefo Judas SOS jounalis ki tap sabote jefo sa yo paske li tal touche lajan nan men Preval. Jacques nou sonje'w ampil, Jacques nap kontinye goumen pou ou, pou lide jistis ak chans pout tout moun ke ou te kwè ladan yo. Repoze'w byen pandan ke ou chita sou kote Granmèt la nan syèl la.


Jacques: Lè ou potko rive pou ou te ale kite zanmi'w ak frè'w yo. Lavi ou te fèk komanse. Peyi a ke ou renmen te bezwen ou. Wi Jacques, peyi a te bezwen karaktè moun pwop tankou'w. Entegrite'w, kapasite'w, lanmou ke ou te genyen pou sa ki pat kapab yo te enspire ampil moun. Kriminèl lavalas yo kraze ou, yo pran souf ou, men yo pa pran nan'm ou. Map repete deklarasyon ke ou te fè, e se vre: "Tu peux me crever les yeux, me couper les bras, et les jambres, me laisser nu en pleine rue, mais tu ne peux tuer mon rêve, Tu ne peux tuer l'espoir" Jacques lè ou tap pale konsa se tankou se pawol ke Bondye te mete nan bouch ou paske se sa ki te fet. Ou ta pale tankou Jezi.

Map repete sa mwen tedeja deklare ou memwa'w:

Ou te kwè nan chanjman pou pèp la, lespwa a pap mouri
Ou te toujou sakrifye tèt ou pou koz pèp la, rèv la pap mouri
Ou te yon gason modere avèk konviksyon, lespwa a pap mouri
Ou te gade lot la nan je e dil kijan li te trayi koz pèp la, rèv la pap mouri

Jacques: Chak fwa mwen sonje'w mwen li tèks ke mwen te ekri pou ou yon ewo nasyonal: http://haitipolicy.org/content/3155.htm

Pote mak sonje! Se konsa pawol la te toujou ye e se konsa yo te toujou dil, bay kou bliye pote mak sonje. Pajanm bliye ke lè genyen kou ki bay genyen kote ke mak la rete. Lè mwen konstate jan awounsa, vivi dan griyen, san manman sa yo, assassen san pitye lavalas sa yo te totire'w, touye ou, assassinen ou, li kite yon mak nan kè mwen ki pa kapab efase.

Sa ou fè se li ou wè, sa vle di wi genyen yon Bondye nan syèl, Bondye ki toujou klere soley jistis la. Jacques genyen nan assassen sa yo ki deja ale devan Bondye pou jijman, wi nan jistis Bondye voye chachel anvan kat lane a mete pye. Jodia a nan nom ou, nou pa genyen rayisans, nou padone li, nap mande padon devan Bondye pouli e nap lapriyè pou li an atadan ke jistis fwape lot yo.

Jacques: Mwen konnen ke ou sou kote zanj yo, pa bliye peyi a, pa bliye fanmi ou, mande favè Bondye ak zanj yo pou peyi a e pousa kap soufri yo. Tankou yè ou nan kè nou, tankou yè ou nan tèt nou. Nou pa bliye ou, malgre ou pa vrèman bezwen sa, nap lapriye pou ou. Mwen konnen ou pa renmen bagay sa yo, men map dil kanmenm, pou mwen ou son Ewo Nasyonal. Nap goumen pou nou gade si nan youn nan fakilte yo nanmemwa batay demokratik ou yo pou wè si nou kapab kreye yon sal konferans ki pote nom ou Jacques Roche.

Protestations contre l'assassinat politique de Jacques Roche