It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Wednesday, July 31, 2019

Empòtans eleksyon primè nan pati politik pou ranfòse demokrasi pa Stanley Lucas

Pati politik yo se yo ki se potomitan demokrasi a. Pou pati politik potomitan demokrasi fok yo fonksyonèl. Si konstitisyon an defini sistèm politik la ak enstitisyon ki dwe ekziste ladanl e koman yo dwe fonksyone, se pati politik yo kapral ranfòse enstitsyon sa yo e fè demokrasi a mache toutbon. Se pati politik kapral rekrite, fòme e voye sitwayen ak sitwayènn kòm kandida pou kasèk, pou majistra, pou depite, pou senatè e pou prezidan. Se pati politik la lè li genyen eleksyon kapral chwazi e nonmen moun kapral chèf de sèvis, direktè rejyonal, direktè, konsil, delege, konsil jeneral, direktè jeneral, sekretè deta, minis, premye minis, delege elatrye nan administrasyon piblik la. Se pati politik la kapral rekomande e nonmen gwo jiris kòm jij. Se pati politik la lè li gen eleksyon kapral mete moun poufè 3 pouvwa leta yo fonksyone. Se pati politik la an fonksyon de vizyon li kapral remèt chak otorite sa yo an fonksyon de konpetans yo, yon ajanda pou yo aplike lè yo rive andedan leta a. Ajanda sa chita sou ideoloji, plan, vizyon pati e pwomès ke kandida li yo te fè anvan eleksyon. Premye travay sa pafèt nan majorite pati politik yo an Ayiti. Sa se youn nan eksplikasyon pou komprann feblèss enstitisyon yo e feblèss demokrasi nou.


Kidonk pou demokrasi a mache fòk pati politik yo oganize e fòk yo fonksyonèl. Fòk moun ki gen menm vizyon de sosyete a ki nan yon pati politik pran abitid reflechi sou pwoblèm sosyete a e elabore dè solisyon. Ou pral jwen tout solisyon sa yo nan plan pati a. Youn nan eleman fondamantal kifè yon pati politik dinamik se eleksyon primè. Sa vle di si gen plizyè sitwayen ou sitwayènn andedan pati a ki ta renmen kandida pou Prezidan, pati ap oganize yon eleksyon entènn kote manm pati a nan 10 depatman e nan diaspora pral vote pou kandida sa yo an fonksyon de règleman entènn pati a sou eleksyon. Yo pral vote pou kandida sa yo an fonksyon de kapasite lidèchip ke yo demontre, vizyon yo e pwopozisyon solisyon ke yo prezante pou rezoud pwoblèm ekonomik, politik e sosyal ke pèp la, manm pati a ap viv. Kandida ki resevwa plis vòt se li kap kandida ofisyèl pati nan eleksyon jeneral pou prezidan e se li ki pral reprezante pati a nan eleksyon prezidansyèl anfas  kandida pou prezidan lòt pati politik yo. Malerezman majorite pati politik an Ayiti pa janm fè okenn eleksyon entènn. Eksepsyon pou FUSION, KID, OPL e MOCHRENAH. Nan tout lòt pati politik Ayisien yo lidè yo avi. Reyalite avi sa afebli ampil pati politik e se pousa yo pa kanpe sou anyen. Trè souvan lè yon pati pa fè eleksyon entènn, li afebli, li entoleran e toujou nan violans. Lè yon pati pafè eleksyon entènn, responsab pati sa yo ki fou pou pouvwa, gen tandans gade enstitisyon leta tankou yon gato pou yo separe olye de yon zouti pou chanje lavi pèp la e fè peyi a progrese. Pati fèb sa yo kip a kanpe sou anyen gen tandans tou pa respekte prensip demokratik yo. Pa gen anyen yo papfè pou pouvwa. Trè souvan yo nan koudeta.

Monday, June 3, 2019

Stanley Lucas reaji sou piblikasyon dezyèm rapò sou jesyon kòb Petrokaribe



Kou siperyè dè kont pibliye dezyèm rapò final sou jan kòb petrokaribe jere. Pou moun ki bezwen kopi rapò sa klike la : https://www.scribd.com/document/412058339/Haiti-Deuxieme-Rapport-de-la-Cour-Superieure-des-Comptes-sur-la-Gestion-des-Fonds-Petrocaribe  

Rapò sa se swuit premye rapò a ki te pibliye an Janvye 2019. Premye rapò a te gen 291 paj li te analize 6 ministè e 560 milyon dola ameriken ki te depanse. Dezyèm rapò a ki pibliye 31 Mai 2019 gen 612 paj, analiz yo fèt nan 733 paragraf e fwa sa yo analize 675 milyon dola ameriken kòb petrokaribe ke 8 enstitisyon leta e plizyè konpayi prive depanse. Enstitisyon leta ke yo analize se ministè travo piblik, planifikasyon, sante piblik, FAES, UCLBP, Chanm Depite, Sena e kou siperyè dè kont. Se 3 Jij kou dè kont ki ekri rapò sa. Se Robert Saint Paul ki se yon ansyen Prezidan Lavalas Chanm Depite, se Jean Ariel Joseph, ansyen sekretè jeneral sena sou laprezidans Simon Desras ak Saint Juste Momprevil ki se yon ansyen depite pati louvri baryè. Nan rapò sa men ki kantite kòb ke yo analize pou enstitisyon leta yo sou 3 Prezidan e 6 Premye Minis ak plizyè gouvènnman soti 2008 rive nan lane 2016:
-       Ministè Planifikasyon : 253 milyon dola ameriken
-       Ministè Travo piblik : 217 milyon dola ameriken
-       Ministè Sante Piblik : 78 milyon dola ameriken
-       FAES : 171 milyon dola ameriken
-       UCLBP : 43 milyon dola ameriken
-       Chanm Depie : 7 milyon dola ameriken
-       Sena : 1 milyon 162 mil dola ameriken
-       Kou siperyè dè kont : 1 milyon 696 mil dola ameriken
-       Genyen plizyè konpayi prive ki resevwa kob ke rapo a analize

Nou poko detaye kòb konpayi prive resevwa.  Sakbèl nan rapò sa, li fasil pou wè ki kote te gen malvèsasyon, vòl e gagòt. Ka rakèt sa yo rive sou tou lè 3 Prezidan e sou 5 nan 6 premye minis yo. Si lajistis fè travay li lap fasil pou mete volè yo anbakòd ak bonjan prèv e san fè moun abi.

Apre analiz e lekti, bagay ki choke mwen se sak pa nan rapò sa. Lè mwen li dezyèm rapò a, kou siperyè dè kont pa di yon mo sou Robert Marcelo, premye petrochalenjè, ki mouri pou 80 milyon petrokaribe. Silans sa choke’m paske map goumen pou transparans, redisyon dè kont e jistis nan dosye petrokaribe a depi 2009, ane sa fè 10 zan map batay pou jwen rezilta. Se pa sou sa sèlman kou siperyè dè kont bèbè sou li. Yo pa di anyen sou yon pakèt kòb ki pase nan men gwoup de boudon depi lè PL-480 te la kote monetizasyon gaz petrokaribe tapfèt anvan BMPAD fòme. Jij yo pa di anyen sou gwoup blakawout nan piye leta nan eletrisite, nan monopol wout, nan gaz petrokaribe ak 3 kagezon asfalt ki vann Sendomeng. Jij yo prèske pa di anyen tou sou rapò Garry Conille ki te montre kòman yon seri de konpayi prive ak yon senatè Dominiken piye leta ayisien e kòb petrokaribe. Kanta pou Patrick Norame li bèl ti gason. Se pousa lè ou analize byen dezyèm rapò kou siperyè dè kont lan ou dekouvri ke rapò sa 55 pousan teknik e li 45 pousan politik. Kesyon ke nou dwe gade tou, kijan fè Robert Saint Paul alafwa jij e pati nan rapò sa? Kijan fè se li ki te apwouve kontra yo e se li ankò kapfè rapò sou yo? Li te dwe rekize tèt li e kite lòt Jij nan kou siperyè dè kont fè odit la. Li pafè sa.

Nan pakèt konpayi prive ke dezyèm rapò kou siperyè dè kont analize se Agritrans kote se Jovenel Moise ki te Prezidan li alepòk. Sektè violan e destriktè a vle sèvi ak sa pou sible Jovenel Moise ki Prezidan jodia pou bali koudeta. Konpayi Agritrans te siyen yon kontra pou 39 milyon goud sa vle di 433 mil dola ameriken pou lifè reyabilitasyon wout an tè Borgne – Petit Bourg Borgne. Agritans resevwa sèlman 15 milyon goud sa vle di 166 mil dola pou 80 pousan travay la ke li te deja reyalize. Jiskaprezan li poko touche rès kòb la. Agritrans pat finn fè 20% nan travay la akòz de konfli ki te gen nan zonn nan. Men chimè sektè violan e destriktè yo ap rele anmwey volè toupatou nan radyo e fè matrakaj sou sa.

Se pasa sèlman pou mete konfizyon e rele vòlè yo melanje e mete ansanm patant 2 konpayi sa a Agritrans lan ki diferan e pagen anyen pou l wè ak patant yon lòt konpayi ki rele Betexs. Eske ou imajine’w 3 Jij kou siperyè dè kont falsifye patant pou fè manti sou yon prezidan key o bezwen bay koudeta ?

Bagay ki rèd nan koze sa sèke nan nan kad aktivite sosyal li Agritrans fè plizyè wout gratis san leta pa peye yo goud. Se Agritrans kifè gratis ti cheri wout 12 kilomèt ki soti Kafou 3 pou rive Anse a Folè. Apre 6 mwa sou wout la leta bay Agritrans 5 milyon goud an gaz.  Se Agritrans kifè gratis tou 4 kilomèt wout Kafou Devarenn Kachiman, se li tou kifè gratis travay terasman wout karakol, li fè gratis travay reyabilitasyon de plis ri vil trou di no e li reyabilite gratis ti cheri teren foutbol lokalite kachiman.

Anako yo ap goumen pou bloke tout deba serye sou sa pou klarifikasyon pafèt, nan lespwa saka ede yo mete violans nan lari peyi dayiti, boule mache, biznis, komisarya polis e lekòl pou fè koudeta. Nan mache prese nan gè psikolojik yap mennen nan radyo pou mete violans kap debouche sou tantativ koudeta, boujwa reyaksyonè ak chimè anakopopilis entoleran ampil. Yo pa vle okenn moun kipa dakò ak violans e koudeta e kap chache transparans ak jistis toutbon pale. Yo mande tout jounalis kap sipòte sektè violan e destriktè pou ankouraje violans e gè psikolojik la pou mete deblozay nan lari e bloke opinyon tout moun kipa nan lojik koudeta.

Reyalite a jodia pa chanje, depi lè Jovenel Moise te kandida pou Prezidan yo te vle detwui li. Yo te voye Privert mete l deyò ak komisyon falsifiksyon lè li te finn genyen eleksyon 2015. Lè Privert oganize eleksyon ankò Jovenel kale tout lòt kandida yo yon dezyèm fwa. Depi lè sa boujwa reyaksyonè mete ak chimè nan fè kanpay pou diskredite lejitimite eleksyon yo. Yo echwe. Apre sa yal envante dosye enkilpasyon kote ak fabrikasyon e manipilasyon yo fè yon kont an goud labank tounen yon kont an dola. Apre 18 mwa devan lajistis Jij Bredy Fabyen nan òdonans de kloti dekouvri ke se te yon montaj. Nèg lwuil la fabrike dosye petrokaribe sapa mache. Jodia se menm kalite tantativ koudeta sa yo kap kontinye olye yo ede mete anbakòd gwo mimi ki volè yon pati nan kòb petrokaribe a.

Sektè violan e destriktè a nan mache prese ak koudeta. Koudeta sa genyen plizyè branch pou mete violans nan lari. Premye branch lan, se kreye rarte atifisyèl gaz pou provoke reyaksyon negatif pèp la e fòse l pran lari. Dezyèm branch lan, se kreye rarte atifisyèl dola kap gen empak negatif sou pri manje kapral ogmante e sou tout bagay. Nou te remake koman sondaj kifèt sou sa montre ke se Unibank ki nan gwoup de boudon ki champyon nan kreye rarte atifisyèl dola. Twazyèm branch tantativ koudeta a, kom 85 pousan sa nou manje e konsome soti aletranje e kom se yo menm ki kontwole empotasyon yo pral kreye rarte atifisyèl manje. Katryèm branch koudeta, machann blakawout la pral bay blakawout nèt al kole sou pretèks pa gen gaz. Malgre tout sa’w tande yo machann blakawout la toujou kontinye rantre bank santral chak mwa pou pran 12 milyon dola ameriken. Senkyèm branch koudeta a, boujwa reyaksyonè sa yo pral alimante gang yo pou ogmante volim ensekirite e mete laperèz. Sizyèm branch lan, bloke ratifikasyon gouvènman. Plis tan ki pase san gouvènman se plis pwoblèm ekonomik e sosyal yo ak ogmante e nou Ayiti pa ka siyen anyen serye ak lòt peyi ki ka ede malere. Pa ekzamp, kòb ki negosye ak FMI, Bank Mondyal, BID e OPIC pou kredi bloke. Septyèm branch koudeta a se destabilize palman an e afebli pati politik ki prezan nan enstitisyon sa. Ywuityèm branch koudeta a se politize e fabrike rapo dwa moun. Finalman sèvi ak dezyèm rapò petrokaribe a pou simaye violans, pran pouvwa tankou pouchis e elimine advèsè politik yo.

Mwen konprann ke yo ka vle kapitalize politikman sou rapò a. Men poukisa yo oblije bay manti e mete violans? Men yon ekzanmp manti. Pou idantifye benefisyè youn nan program sosyal yo leta te konn bay chak benefisyè program sa yon braselè. Nan youn nan komand yo leta te komande 11 mil braselè. Dapre rapò sa braselè sa yo te koute 90 goud chak sa vle di yon dola ameriken (paj 429 e 450 rapò a). Lè ou tande sektè violan e destriktè a sou radyo e rezo sosyo yo, yo di chak braselè koute 90 dola ameriken. Yo te ka si olye leta peye yon dola ameriken sa vle di 90 goud pou chak braselè leta te ka negosye yo pou 45 santim chak olye yon dola. Non fòk sektè violan e destriktè a bay manti e envante nan lespwa sa ka kreye violans.

Se pa sa sèlman pou nou gade. Li enpòtan pouw gade kompòtman 3 Jij yo nan redaksyon rapò sa. Gade repetisyon kifèt nan lojik politik. Analize koze kontra ke yo di yo pa jwen. Koman fè se Robert Saint Paul ki apwouve yon kontra epi nan analiz li nan rapò a, Saint Paul di ke li pa jwen kopi kontra ke li apwouve yo? Koman fè 3 Jij sa yo di yon minis siyen kontra an 2011 aloske moun ke yo di ki siyen kontra an 2011 kòm minis pat minis an 2011, se an 2013 ke moun sa vinn minis? Dezyèm rapò menm lè li gen ampil verite ladanl, gen ampil montaj ak manti tou pou asasine moun politikman e ede mete violans nan sosyete a pou fè koudeta. Se yon bagay byen kalkile.

Lè ou tande deba kapfèt sou radyo depi dezyèm rapò a pibliye gen 3 kan politik kap fwape sou radyo :
1      Kan demokratik ki vle transparans, redisyon dè kont e jistis triyonfe toutbon san fòs kote, san manipilasyon politik e medyatik
2      Kan entoksikasyon kapfè manipilasyon e sèvi ak manipilisasyon pou mennen yon gè psikolojik nan anpeche deba rasyonèl nan lespwa ke yo ka mete violans pou fè koudeta.
3      Kan ki volè kòb petrokaribe a, kap akize lòt moun pou kreye konfizyon yon fason pou fè nou vire anwon

Reyalite a sèke nan jesyon òb petrokaribe a gen otorite leta ak boujwa reyaksyonè e dirijan konpayi prive ki volè toutbon. Fòk nou rekonèt tou gen otorite leta ak konpayi prive ki byen jere kòb petrokaribe a. Yo konstwui plis pase 40 pon, yo konstwui lise, yo fè wout elatrye. Rapò 3 Jij yo fè eksprè yo pa di yon mo sou kote kòb petrokaribe a depanse e bay rezilta.

Pou nou mete moun ki vòlè yo anbakòd se ak tèt frèt pou nou fèsa. Tout moun ou wè ki nan violans se volè yap pwoteje e koudeta ke yo bezwen fè pou alfè gagòt e regle kont politik. Jodia li enpotan ke deba serye fèt sou rapò sa pou nou ka wè klè pou jwen redisyon dè kont ak jistis. Pandan nap fè deba sa yo, nou dwe veye e bloke gè psikolojik nan radyo ki gen pou objektif fè lenchaj politik, violans e koudeta. Nou dwe lonje dwèt sou moun nan radyo kapfè montaj pou mete violans.

Pou kontinye wè klè sou 2 rapò sa yo e deklanche aksyon jidisyè kont vòlè, sena a ta dwe oganize plizyè seyans odisyon.  Yon odisyon ak 3 Jij kou siperyè dè kont ki ekri rapò sa paske gen ampil bagay ki merite klarifikasyon. Odisyon ak otorite e ansyen responsab leta ke rapò sa akize ansanm ak responsab konpayi prive yo ke rapò a lonje dwèt sou yo. Li ta bon tout ke tout enstitisyon leta ke kou siperyè dè kont lonje dwèt sou yo reyaji e pote presizyon ak klarifikasyon. Depi rapo a pibliye pa gen okenn enstitisyon leta ki reaji. Sa a pa nòmal. Isit Ozetazini nan lojik pou esaye mete Prezidan Obama atè yo te di li pa ameriken e li pat gen batistè. Obama te reaji e fèmen bouch repibliken yo. Depi Prezidan Trump monte demokrat yo te akize li ke li te nan magouy ak peyi Russie pou volè eleksyon. Malgre te gen yon rapò ki pibliye sou sa, chak jou ki leve Trump goumen ak demokrat yo pou montre ke li pat nan koze sa yo. Lè gilè jònn te bezwen mete Prezidan Maccron atè li te reaji. Nan peyi dayiti otorite leta yo pa kapab rete bèbè. Safè prèske 4 jou ke rapo a soti fok enstitisyon leta yo komanse reaji. Pèp la nan blakawout e pa okouran de sa ki deside nan tout reyinyon kapfèt yo. Menm pou listwa e moun kap ekri istwa peyia kominike ofisyèl gen empotans yo. Nan domènn sa gen ampil neglijans nan mitan responsab leta yo. Lè wap goumen pou demokrasi ou dwe alèz pou’w pale e bay laverite. Ou pa ka kite nèg ap fabrike manti sou radyo menmjan yo te fèsa pou bidjè a san ou pa reaji. Si ou pa reaji manti yo tounen verite nan yon peyi ki gen 54 pousan analfabèt. Si enstitisyon leta yo pran twòp tan pou reaji ofisyèlman sa ka gen gwo konsekans politik.

Mwen menm mwen toujou alèz poum pale e mwen alèz pou analize 2 rapò kou siperyè dè kont pwodwui sou petrokaribe. Se yon dosye map goumen sou li depi 2009 apre chimè lespwa touye Robert Marcelo pou 80 milyon dola ameriken. Mwen alèz pou mwen pale sou sa paske mwen pa janm jere kòb leta nan vi mwen. Mwen pa janm jere kòb petrokaribe nonplis e mwen pa janm resevwa yon goud kòb petrokaribe.


Gen ampil nèg kap akize e lonje dwèt sou moun sou radyo pandan ke nom konpayi pa yo nan rapò sa kòm konpayi ki volè kòb petrokaribe. Jodia deba sa dwe fèt ak tèt frèt ak bonjan prèv e referans e san lenchaj politik pou nou ka mete tout volè san pati pri anbakòd. Tout moun kap chache violans kont redisyon dè kont, transparans e jistis. Men lèw tande radyo ou konstate ke mafya ki volè kob petrokaribe a konsantre sou 433 mil dola agritrans lan men yo pa di yon sou rès kob la ki se 674 milyon dola ameriken. Wa komprann !

Monday, April 1, 2019

Jean Bertrand Aristide et l’Assassinat du Journaliste Jean Dominique par Stanley Lucas


Cela fait cinq ans que le Juge d’instruction Ivickel Dabresil a identifié les neuf personnes proches d’Aristide responsables de l’assassinat du journaliste Jean Dominique. Ce sont : Annette Auguste alias Sô Ann, Gabriel Harold Sévère, Frantz Camille alias Franco Camille, Jeudy Jean Daniel, Markenton Michel, Mérité et Dimsley Milien, Toussaint Mercidieu figurent sur la liste des inculpés*.

Malgré le rapport du juge d’instruction, rien n’a été fait en trois ans. Aristide continue de menacer les juges se faisant accompagner d’un petit groupe de chimères violents à chaque convocation. La dernière a été en Mars 2017 où il a dû comparaitre devant le Juge Dorin dans une affaire de kidnapping e de blanchiment impliquant son chef de garage Anthony Nazaire.

Le travail de la justice haïtienne pour arriver à ces conclusions n’a pas été facile. Les juges ont été l’objet de menaces de mort et d’intimidations pendant 17 années. Nombreux sont les juges qui pour rester en vie ont préfère abandonner l’enquête sur ce crime.  Revisitons ensemble ce parcours tortueux e dangereux de l’enquête sur l’assassinat de Jean Dominique.

Jean Dominique est un journaliste Haïtien qui a été assassine le 3 Avril 2000.  Pendant treize ans les juges et commissaires du gouvernement qui se sont succèdes sur son dossier judiciaire ont été victimes d’intimidations, de sabotages et de démissions forcées par le pouvoir exécutif sous le contrôle du mouvement Lavalas de Jean Bertrand Aristide. Nous ne parlerons des témoins exécutes. Le débat de cette semaine n'est pas politique mais plutôt judiciaire. Malgré la propagande, les efforts de relations publiques dans la presse étrangère et les diversions de terrain la question centrale demeure: Qui a tué le journaliste Jean Dominique?

Pour la première fois en vingt-cinq ans un juge d’instruction de la république d’Haïti Ivickel Dabresil a le courage de mener son enquête et traduire plusieurs responsables de l’état devant la justice pour répondre à ses questions en vue de trouver les assassins de Jeando. C’est dans ce contexte que le juge avait convoqué l’ancien Premier Ministre Yvon Neptune, l’ancien Sénateur Danny Toussaint, l’ancien Président de la république René Préval ainsi que Jean Bertrand Aristide qui occupait la même fonction.

Toussaint, Neptune et Préval avaient répondu paisiblement et séparément à la convocation du juge d’instruction. Chacun a répondu pendant des heures aux questions du juge.

Le Mercredi 8 Mai 2013 était le jour de la première convocation de l’ancien Président Jean Bertrand Aristide. Dès le 7 Mai Aristide envoya quelques-uns de ses chimères pour intimider la justice haïtienne et le juge d’instruction dans les rues de Port-au-Prince à travers des actions violentes.

Le juge d’instruction avec courage ne céda pas aux pressions, menaces et aux actes d’intimidations et de violences des chimères d’Aristide et de son parti Fanmi Lavalas. Le 8 Mai 2013 accompagné de plusieurs centaines de ses chimères Aristide fut obligé de se rendre aux bureaux du juge Dabresil ou pendant plusieurs heures il a dû répondre aux questions. Encore une fois les supporters d’Aristide utilisèrent la violence. Le journaliste Frantz Henry Délice de Radio Télé Ginen fut l’une des victimes des chimères de Jean Bertrand Aristide le 8 Mai 2013. Cet acte de violence contre un membre de la presse a été condamné par l’Association Nationale des Médias Haïtiens (ANMH). 

Bien que nous condamnions cette attitude violente de Jean Bertrand Aristide et de ses partisans de Fanmi Lavalas nous n'affirmons pas qu'il soit coupable ou innocent dans cette affaire. C'est à la justice haïtienne d'identifier les coupables et le juge Dabresil a déjà franchi la première étape.

Rappelons que Jean Bertrand Aristide pendant la période de 2000-04 figurait parmi les 38 présidents considérés comme prédateurs de la presse à travers le monde. Les détails sur la répression du gouvernement de Jean Bertrand Aristide et de son parti Fanmi Lavalas sur les journalistes et la presse haïtienne en général durant cette période sont horrifiques. Durant cette période Haïti était 169èm au classement mondial sur la liberté de la presse comparativement à aujourd'hui 2013 où le pays est classe 52èm.

Le Sénateur de la république d'Haïti Irvelt Chery avait aussi à l'époque envoyé une lettre aux différents commissaires du gouvernement pour leur demander de mettre l'action publique en mouvement pour les différents crimes commis.


Jusqu'à présent les gangs lavalas continuent de tuer des journalistes Haïtiens. La dernière victime a été le journaliste Vladjimir Legagneur assassiné par un gang de Gran Ravinn contrôle par le Député Lavalas Printemps Belizaire selon le témoignage d'un des chefs de gangs sur Scoop FM.  

Nous souhaitons finalement que la justice haïtienne trouvera et punira les coupables qui ont assassines les journalistes haïtiens Jean Dominique, Brignol Lindor, Jacques Roche et Georges Honorat et ne cédera pas aux menaces des anarchistes. Le peuple Haïtien souhaite que la Commission Interaméricaine des Droits de l’Homme ne restera pas silencieux sur ces crimes politiques et les violences politiques récentes d’Haïti.


* Il y a un média, dans sa complicité pour protéger les crimes d’Aristide, efface des articles et documents publies. Aristide a aussi employé deux hackers pour saboter des liens compromettants sur le net.