It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Thursday, August 15, 2013

Eleksyon 2013 Ayiti: Pati Politik Demokratik Kont Anakopopilis pa Stanley Lucas


Apre ke 4 denye gouvènman konstitisyonèl anakopopilis yo manipile KEP ak rezilta 8 dènye eleksyon yo pito nou tout fokis sou koman oganize bonjan eleksyon nan peyi dayiti pou evite lobèy. Lobèy elektoral sa yo kapab gen gwo konsekans ekonomik ak sosyal sou peyi a. Mwen ta renmen li pwopozisyon chak sektè konsène. Mwen ta renmen li pwopozisyon lidè yo, pati demoratik yo e tout moun ki ale nan sans kisa ki ta dwe fèt pou oganize bonjan eleksyon lib, onèt e demokratik. Se peyi a ki tap benefisye de sa.

Pou mwen zafè eleksyon se zafè pati politik. Wol KEP a se mete tout bagay teknik amplas pou ke eleksyon an byen fèt kidonk mamb KEP pa kapab ap pale tankou lidè politik. Sa kreye gwo konfizyon e sa fè ampil moun ak ampil sektè sispèk.

Gwo pwoblèm ke nou genyen sèke sou zafè eleksyon lan gen 2 kategori de pati politik an ayiti. Gen pati politik ki vle eleksyon sa se pati politik demokratik yo (OPL, Fusion MDN, MNP-28, Alènativ, elatrye…)

Gen pati politik ki pa vle eleksyon se pati anakopopilis yo ki vle dezod ak vyolans (INITE, Lavalas). Anakopopilis yo pa vle eleksyon. Lè yo mande anakopopilis yo ki plan yo pou genyen eleksyon 2013 yo nan radyo scoop FM, ou konstate nan repons ke anakopopilis yo bay yo pa vle eleksyon. Se dezod ke yo vle. Anakopopilis yo di ke se yon katchouboumbe, yon gagot politik e yon deblozay politik ke yo ap chache. Pou nou pa di ke se Stanley kap pale tande vwa yo klike la: https://soundcloud.com/haiticherie/haiti-plan-senateur-moise-jean  Tande sa tou, klike la: https://soundcloud.com/haiticherie/moise-jean-charles-fanmi  Ou tande klèman ke senatè Moise Jeanchal di ke Lavalas ak Aristide pa nan zafè eleksyon se Maryse Narcisse kap pale tenten. Pawol pale, pawol kompran. Fok demokrat yo reflechi ampil sou deklarasyon sa yo e estrateji ki kache dèyèl.

Apre ke anakopopilis yo sèvi ak manipilasyon pou bloke fomasyon KEP pandan 11 mwa nan palman lan ak CSPJ, jodia yo vle fè nou kompran ke yo vle eleksyon. An kreyol nou rele sa fè samblan. Lè yo di ke yo vle eleksyon se manti, se poz yap pran poz, zafè eleksyon lan pa nan plan yo. Okontrè yo pa vle eleksyon, se dezod ke yo vle. Yap sèvi ak manipilasyon politik pou fose pati politik demokratik yo travay nan direksyon deblozay politik la pou yo men’m kapab al kapitalize. Se sot ki bay embesil ki pa pran.

Oganizasyon eleksyon yo an reta an ayiti paske anakopopilis yo bloke pandan 11 mwa fomasyon KEP a. Sete yon desizyon kalkile ke sa te ye. Martelly te ekri Palman lan depi mwa Jen 2012 pou mande 2 prezidan chamb yo chwazi 3  mamb ka pral reprezante pouvwa lejislatif la nan KEP a, klike la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=21112  Malerezman senatè Lavalas yo ki pat vle eleksyon depi lè sa te rantre nan dilatwa. Gade kisa yo te di pou bloke pwosesis fomasyon KEP a, klike la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=21137  Simon Desras te vle KEP tranzisyon kontrèman a sa konstitisyon ke Desras vote a mande, klike la: http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article8989  Nan kade dilatwa ke anakopopilis yo te prepare kolèg Lavalas Desras senatè Jocelerme Privert limen’m te vle KEP pwovizwa. Sa te fè pati de politik dilatwa a, klike la: http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article8994  Dilatwa sa kontinye avèk lot pwopozisoyn senatè ankopopilis Lavalas yo ki tap jwe jwèt koken, klike la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=21188&action=print  Tandi ke mesye INITE yo ki nan chamb depite yo te vle KEP pèmanan, klike la: http://radiokiskeya.com/spip.php?article8993  

Akoz de dilatwa sa yo e reta sa yo Prezidan Matelly te mande palman lan poul vanse e fè travay konstitisyonèl li kise chwazi 3 mamb KEP a, klike la: http://radiokiskeya.com/spip.php?article9058  Malerezman dilatwa yo te kontinye. Pandan ke Lavalas ap fè dilatwa nan potoprens pou bloke fomasyon KEP e chache wout pou dezod, lobiyis li nan Washington a fè kompran ke se Martelly ki pa vle eleksyon e ke se yon dikatati ke lap esaye mete nan peyi. Lobiyis Lavalas yo rantre nan kongwè ameriken lan e yal nan blak kokis pou van machandiz gate sa. Objektif la se pou kache dezod ke anakopopilis ke Lavalas ap prepare e mete yo sou do Martelly lè yo provoke yo.

Pandan ke anakopopilis yo tap bloke fomasyon KEP a nan palman lan yo te fè manèv politik tou nan CSPJ pou bloke fomasyon KEP a, klike la: http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article9018  e klike la tou: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=21156  Lè Matelly wè e konstate dezod anakopopilis yo pou bloke eleksyon e fè dezod li deside ke lap rete blof sa. Nan politik 4 je kontre manti kaba, Martelly chita ak anakopopilis yo pou esaye jwen yon solisyon pou mete KEP la amplas, klike la: http://radiokiskeya.com/spip.php?article9370 


Malgre jefo Matelly yo, Prezidan sena a Simon Desras Lavalas ak Prezidan Chamb depite a Levaillant Louis Jeune INITE tonbe nan yon goumen, nan yon chire pit pou gade kiyès kap kontwole 3 mamb ke palman pral voye nan KEP a. Levaillant-INITE te vle pran tou les 3 mamb yo. Desras-Lavalas te vle pran 2 sou 3, klike la: http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article9419  Klike la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=21899 klike la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=21862  Ou konnen ke gen yon goumen anraje ant lavalas ak INITE akoz frekan ke mesye INITE yo te fè Aristide pandan ke li te chita afrik disid e jan INITE te manke Fanmi Lavalas dega an 2006-11 nan zafè leksyon. Aristide sèmante ke fok li fè Preval ak mesye Lespwa-INITE yo peye frekan sa. Sa se yon jwèt ipokrit siperyè.


Finalman se jis an Avril 2013 ke KEP a enstale, Klike la: http://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=115892  

Jodia se men'm anakopopilis sa yo ki mete eleksyon yo an reta kap pale de demisyon-eleksyon tankou nou tout se yon paket moun sot. Pandan ke yap pran distans ak lot pati demokratik yo klike la: http://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=116502 Yap sèvi avèk yo nan mete yo chita nan kamyon blokaj politik total.

Apre ke KEP a fin enstale, anakopopilis ki wè ke yo pral pèdi kontwol sena a paske gen 10 lot senatè ke manda yo ap fini deside ke yo pral pete koken. Nan mitan 10 senatè ke manda yo pral fini, ou gen Moise Jeanchal, John Joel Joseph, Simon Desras elatrye. Nan kad koken sa yo deside pou yo pran 2 direksyon politik ki chita sou fabrikasyon.

Premye a se fabrike yon fo nouvèl politik ke Martelly pral kraze palman lan. Tout moun ki gen eksperyans politik konnen se manti. Se yon manèv politik pou kontinye mete kabouray e pou jwen sipo politik pati politik demokratik yo nan ajanda dezod politik ke anakopopilis yo ap chache.

Dezyèm bagay la seke lè kèk pati politik ki kompran manèv sa al pwopoze Martelly sèvi ak lwa electoral 2008-09 ki an vigè pou evite sabotaj anakopopilis yo kont pati politik demokratik yo nan palman lan, Martelly aksepte. Legalman lwa 2008 la toujou an vigè e li gen tout sa KEP a bezwen pou oaganize eleksyon sa. Pa gen pwoblèm legal lè ou konsidere filozofi ke se yon lwa ki retire yon lot lwa. Lwa electoral 2008-09 an favè pati politik demokratik yo e li pa pèmèt anakopopilis yo al fè dezod e dilatwa nan palman lan. Se pousa anakopopilis yo fè tout sa yo te kapab pou dyalog sou kesyon sa yo pat fèt ant pati politik demokratik yo e prezidans la. Lè rankont la pa fèt se anakopopilis ki benefisye e se pati politik ki kwè nan demokrasi, nan eleksyon, nan dyalog, nan pwopozisyon solisyon ki pèdi.

Se pousa nan kafou sa, lidè ak pati politik ki kwè nan demokrasi, eleksyon lib, onèt e transparan dwe chita pou yo fè des pwopozisyon konkrè pou nou oganize bonjan eleksyon pandan ke yap kombat jefo pou mete dezod. Se dwa yo tou pou yo kontwole e kritike pouvwa a nan sa yap fè.

Fok pati politik demokratik fè ampil atansyon ak anakopopilis yo ki pa vle eleksyon e kap chache dezod, klike la: http://radiokiskeya.com/spip.php?article9717 Fok yo fè atansyon ke se pa travay anakopilis yo ki vle dezod ke yap fè.

Prezidan Martelly fè pwopozisyon pal, klike la: http://www.youtube.com/watch?v=lkx0gd3U-RI&feature=youtu.be  kote pwopozisyon pati politik demokratik yo pou rezoud pwoblèm sa yo? Se ak kout pwopozisyon e bonjan dyalog ke demokrasi a mache e se konsa tou ke demokrasi kit e simen lan pral donnen.