It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Wednesday, November 23, 2016

Èske UNICEF ap pwoteje timoun ak demokrasi nan peyi Dayiti ? pa Stanley Lucas

Ayiti siyen Konvansyon Dwa Timoun. Sa vle di ke Ayiti dwe respekte dwa timoun. Ayiti dwe respekte tou plizyè lòt Konvansyon entènasyonal ke li siyen. Sa vle di respekte
1. Chat Demokratik Amerik la ki te siyen nan OEA
2. Konvansyon Entèameriken Dwa Moun
3. Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun

Radyo Timoun : pawòl pwazon
Annou konsidere jan radio Lavalas la ki se radio Timoun ak jan chimè Aristide yo ap fè pwomosyon violans, ap menase jounalis, boule, kraze, brize. Pawòl Lavalas nan Radyo Timoun fè nou sonje kijan o Rwanda, Radyo 1000 Collines te chofe yon bann moun na mas pèp la, pou voye yo al masakre Tutsi yo. Non sèlman Aristide ak Lavalas vyole konstitisyon e lwa peyi Dayiti men oganizasyon ki montre klèman ke li se yon oganizasyon kriminèl kap vyole tou 4 konvansyon entènasyonal sa yo ke nou wè la a. Men 3 pwèv ki montre pratik violans radio Timoun ak Lavalas nan peyi Dayiti depi 20 Novam nan aswè:

A. 22 Novembre 9pm: Pou tande pwomosyon violans Lavalas nan radyo timoun klike la: https://www.youtube.com/watch?v=qjF3_yKL8KQ&feature=youtu.be

B. 20 Novembre 9pm: Pou tande pwomosyon violans Lavalas nan radyo timoun, klike la a : https://www.youtube.com/watch?v=yW0JtZrXdM4&feature=youtu.be


C. 21 et 22 Novembre Lavalas menasse pou li touye plizyè jounalis e boule plizyè radyo. Klike la:  http://equilibreur.info/2016/11/22/liliane-pierre-paul-et-dautres-journalistes-sur-une-liste-noire-de-fanmi-lavalas-selon-sos-journalistes/

No comments: