It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Showing posts with label Guy Philippe. Show all posts
Showing posts with label Guy Philippe. Show all posts

Thursday, January 19, 2017

Haiti Dosye Guy Philippe nan Dwa Ayisien e Ameriken

Men tout sa nou dwe konnen sou ekstradisyon an Ayiti e Lèzetazini

Genyen ampil moun ki voye mande mwen eske mwen kapab eksplike yo selon lalwa peyi Dayiti eske yo kapab ekstrade yon sitwayen Ayisien nan yon lòt peyi etranje, e si wi, kijan yon ekstradisyon dwe fèt ? Nan rechèch mwen sou sa men sa mwen jwenn.

Nan ki kondisyon sa posib ?
Si gen 2 peyi ki genyen trete ou akò pou ekstradisyon fèt, se yon bagay ki posib ke yo voye sitwayen peyi sa a al nan yon peyi etranje, pou li ale repon devan lajistis. Nan ka peyi Dayiti, konstitisyon an, nan atik 41, entèdi pou yo voye yon sitwayen Ayisyen al jije aletranje. Ou kapab voye yon sitwayen etranje al jije lakay li. Pou sa fèt, genyen yon pwosedi legal ki dwe respekte, paske sitwayen sa a genyen pwòteksyon ke konstitisyon an bali pou garanti ke dwa l respekte.

Akò ant Ayiti ak Lezetazini
Eske genyen akò ant peyi Dayiti e Lèzetazini ki pèmèt ekstradisyon fèt ?
Repons la se wi. Men se pou etranje sèlman, se pa pou Ayisyen. Genyen plizyè dokiman legal ki kouvri sa. Trete Ekstradisyon 1904, Akò Preval-Aristide-Albright 1997-2002 ak Lwa sou Blanchiman 2001


Akó ekstradisyon
Lèzetazin e Ayiti te siyen an 1904 akò ekstradisyon. Men akò sa a te byen klè. Nan atik 4 la, akò a di klèlman ke ke Ayiti pa kapab remèt bay Lèzetazini sitwayen peyi Dayiti e Lèzetazini pa kapab yon sitwayen Ameriken remèt bay Ayiti. Pou verifye, klike la a : http://www.slideshare.net/Stanleylucas/traite-dextradition-entre-haiti-et-les-etats-unis-damerique  Depi plizyè ane, anakopopilis Lavalas yo, san yo pa respekte konstitisyon peyi Dayiti, enstitisyon, lwa ak pwosedi yo, ap depòte abitrèman Ayisyen, san pa genyen okenn kad legal pou sa e nan vyole dwa konstitisyonèl sitwayen Ayisyen sa yo.

Akó Preval Albright
Genyen yon lot akò tou ke Rene Preval te siyen ak Sekretè Deta Ameriken Madeleine Albright sou kowoperasyon pou konbat dwòg an 1997. Palman konteste Lavalas la ki te genyen Yvon Neptune, Prezidan Sena, Gerald Gilles, Premye Sekretè, Youseline Bell, Dezyèm Sekretè, Paul Cottin, Prezidan Chamb Depite te ratifye akò Preval la an Desanm 2000. Prezidan defakto Aristide te pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a "Le Moniteur" nimewo 59 an 2002. Pou jwen kopi akò sa klike la: http://www.slideshare.net/Stanleylucas/dekr-ekstradisyon-palmant-konze-lavalas-gerard-gilles-yvon-neptune-elatrye-te-vote-19-desanm-2000


Ayiti pa kapab remèt yon sitwayen Ayisien bay etranje.
Pa genyen okenn kote nan akò, trete e lwa sa yo  ki pale de ekstradisyon sitwayen Ayisyen nan direksyon Lèzetazini. Kidonk pa genyen okenn kote legalman ke otorite peyi Dayiti kapab remèt yon sitwayen Ayisien bay gouvenman Lèzetazini. Sa k pi rèd la, atik 41 konstitisyon peyi Dayiti di ke nan okenn ka otorite peyi dayiti pa kapab remèt yon sitwayen Ayisien bay etranje. Atik 42 a apiye sa atik 41 di tou. Atik 41 konstitisyon di " Ou pa kapab ekstrade ou depote oken moun ki genyen nasyonalite Ayisien. Ou pa kapab non plis fose l kite peyi a pou kelkeswa rezon an. Ou pa kapab sevi ak rezon politik pou anile dwa jiridik sitwayen Ayisien e nasyonalite li".

Sa k pase, lè yon sitwayen ameriken fè yon krim anayiti
Yon sitwayen ameriken ki an Ayiti e ki fè yon krim, Èske ou kapab remet li bay otorite Lèzetazini ?

 Repons lan se wi, men genyen yon fòm ak kondisyon ki dwe respekte. Premyèman, nan anbasad meriken Pòtoprens, otorite ameriken yo ap fè yon demand ekstradisyon. Dezyèm bagay la gouvènman ameriken an dwe remèt bay gouvènman ayisyen an enfomasyon ak pwèv sou krim sa ke sitwayen ameriken an. Lè gouvènman ayisyen an resevwa pwèv sa yo, l ap voye yo bay dwayen tribinal sivil la k ap oganize yon odyans. Nan odyans sa a l ap, tande akize a, avoka li, sou baz pwèv ke yo montre. Si Dwayen an jije ke pwèv yo valab, l a pran yon òdonans. òdonans sa a l ap voye l bay ekzekitif la. Lè ekzekitif la recevwa òdonans la, l ap konvoke yon konsèy dè Minis. Lè Minis yo fin deside sou baz òdonans sa a an konsèy dè minis, si yo dakò, genyen yon arete k ap pran e se sou baz arete sa a ke yo kapab depòte ou ekstrade sitwayen ameriken sa. Men nan okenn ka sa pa kapab fèt pou yon sitwayen Ayisyen.


Gouvènman Lavalas te konn ekstrade sitwayen ayisyen
Poukisa otorite ekzekitif Lavalas te konn ekstrade kèk Ayisyen, malgre konstitisyon e lalwa pa pèmèt sa?

Desizyon sa yo, se te desiyon abitrè e Conzeyis ke mesye anakopopilis Lavalas yo te konn pran. Se zafè politik pèsonèl li ke Aristide ak ekip li a t ap regle e ki pa t genyen okenn baz legal ou konstitisyonèl. Tout ekstradisyon kite fèt anvan yo te ilegal. Petèt pousa ke Privert ak ekip li a ki nan leta jodi a ret bèbè. E yo pa kapab pale, paske yo pa kapab eksplike baz legal desizyon yo pran apre operasyon 5 Janvye yo. Se petèt pousa tou ke Sena a ak Chamb Depite a konvoke Minis la Jistis la, epi msie  mawon...

Yon bagay ki sèten, tout moun ap gade si Palman an pral kase fèy kouvri sa ou korije kaye ki merite pou korije, apre ke li tabli fè yo. Pou sa rive fèt, Minis ki emplike yo dwe avan yo desann nan 2 chanm yo voye bay palman an tout dokimantasyon, pwèv e papye ke yo siyen sou dosye sa pou ekstradisyon an safèt. Pou konprann sa k ap pase sou dosye sa a nan sitem jiridik Lezetazini, li atik ke jounalis Frandley Julien ekri, klike la: http://www.lenational.org/dossier-guy-philippe-regard-droit-americain/  

Ti papye sa a se yon kontribisyon a edikasyon pèp la, pou demokrasi nou kapab vin pi solid, ranfose enstitisyon nou yo e pou nou tout konnen dwa nou ak devwa nou nan sosyete nou. Li klè ke sa k fèt la e jan lifèt la, endepandaman de fon bagay yo, afebli enstitisyon nou e afekte relasyon peyi Dayiti ak Lèzetazini.


 Kenbela!

Thursday, May 26, 2016

L’OEA refuse de Combattre la Violence Politique en Haïti, par Stanley Lucas

Depuis le mois de Janvier nous avons réclamé la mise en place d’une Mission Permanente de l’OEA pour combattre la violence politique qui constitue la plus grande menace contre le processus électoral et la stabilité politique. Cette mission pourrait aider à identifier les acteurs responsables de la violence politique en Haïti et coopérer avec les institutions policières et judiciaires afin de réduire considérablement la violence politique.

Est-ce que la MINUSTAH protège les sbires de Lavalas et de Pitit Dessalines ?
C’est une perception forte qui existe en Haïti parce que la MINUSTAH n’a pas su protéger les centres de vote en Janvier 2015 conformément au mandat donne par le Conseil de Sécurité des Nations Unies. Dans la nuit du 21 au 22 Janvier 2016, des bandits lourdement armés ont attaqué 18 centres municipaux de vote à travers le pays. Un centre municipal de vote regroupe entre cinq et soixante dix sept bureaux de vote. Après avoir pillé ces centres municipaux de votes, les bandits les ont incendiés. Selon les témoignages des citoyens des communes ciblées, ce crime politique a été commis par des sbires du mouvement Lavalas et de Pitit Dessalines. Qui ne se souvient des appels à la violence du député Danton Leger sur radio Caraïbes avant ces actes criminels ? Le leadership de la MINUSTAH proche de Lavalas a refusé d’enquêter et de produire un rapport sur ces évènements. Malgré le communique du Département d’Etat condamnant ces intimidations,  la violence électorale et la violation de la Charte Démocratique aucun suivi n’a été fait pour punir les responsables de la violence politique. L'inaction de la MINUSTAH contre la violence politique depuis 2012 laisse ouverte une porte faisant croire a certains acteurs politiques que la violence est un outil acceptable sur le terrain de la compétition politique. C'est dangereux pour les récents gains démocratiques.

Crimes politiques et agressions en série : la remacoutisation en marche
Dans le bilan du cycle de la violence politique, on peut citer la tentative d’enlèvement de José Ulysse du parti Ansamb nou Fò, dissident du parti Lavalas et proche du PHTK. Il faut y ajouter les assassinats de Lyonel Prévilon, ancien candidat du PHTK pour la commune de Desdunes criblé de balles et du militant Jeff Pierre Louis assassiné le 13 Mai au cours d’une manifestation pacifique du PHTK. Rappelons aussi les agressions physiques contre Fednel Monchéry et plusieurs militants du parti PHTK ainsi que les persécutions politiques du gouvernement Privert contre les membres du PHTK dans l’administration publique, les départements des Nippes, du Nord’Est, du Sud et de l’Ouest à travers la politisation de la justice et des délégués récemment nommes.  Dans la nuit du 15 au 16 Mai, des bandits ont attaqué le Commissariat des Cayes. Deux policiers sont morts. Suite à cet acte odieux deux versions circulent dans l’opinion publique.

1.     Selon le Président Privert ce serait le citoyen Guy Philippe qui serait responsable de cet acte criminel
2.     Tandis que d’autres personnalités politiques parlent d’une machination politique monte par le Palais de Privert et Fanmi Lavalas. Rappelons que le Président provisoire actuel Jocelerme Privert est sur la liste des organisations de droits comme responsable du massacre de Raboteau aux Gonaives en 2004 et du massacre de la Scierie a Saint Marc durant la même période.

Alliances et mésalliances
La récente conférence de presse du porte-parole de la Présidence a renforcé la deuxième thèse tandis que le Palais national dépêche une commission d’enquête aux Cayes pour faire la lumière sur ces évènements criminels.  Rappelons qu’il existe un contentieux entre Lavalas, dont faisait partie Privert comme Ministre de l’Intérieur en 2004, et Guy Philippe. A cette époque Guy Philippe et Moise Jean-Charles de Pitit Dessalines étaient derrière un mouvement populaire qui a provoqué le départ de Jean Bertrand Aristide et l’éviction de Lavalas du pouvoir. Cette animosité entre Guy Philippe et Lavalas ainsi que son alliance avec Moise Jean Charles de Pitit Dessalines se sont traduites dans un entretien entre Moise Jean-Charles (Pitit Dessalines et ancien Lavalas) et Gérard Gilles, un responsable national du parti Fanmi Lavalas. Ecoutez : https://soundcloud.com/haiticherie/lob-y-ak-joure-nan-fanmi

Le discrédit de la MINUSTAH et la nécessité du rôle régulateur de l’OEA
Plus que jamais l’isolement et la neutralisation des acteurs de la violence politique en Haïti sont une urgence pour la stabilité politique d’Haïti. La perte de crédibilité totale de la MINUSTAH à travers le viol d’un jeune garçon mineur par ses soldats, la non sécurisation des centres de vote le 21 Janvier, la propagation de l’épidémie du choléra par les soldats Népalais et d’autres actes du genre ont déterminé la perception négative et généralisée selon laquelle la MINUSTAH est devenue une mission partisane qui a son favori sur l’échiquier politique.  En conséquence on la considère incapable de faire un travail de suivi sur la violence politique en Haïti et d’exécuter le mandat donne par le Conseil de Sécurité. Il n’y a que l’Organisation des États Américains (OEA), à travers la CIDH (Commission Interaméricaine des Droits de l’Homme), qui pourrait faire ce travail de lutte contre la violence à travers une commission neutre.