Men tout sa nou dwe konnen sou ekstradisyon an
Ayiti e Lèzetazini
Genyen ampil moun ki voye mande mwen eske mwen
kapab eksplike yo selon lalwa peyi Dayiti eske yo kapab ekstrade yon sitwayen
Ayisien nan yon lòt peyi etranje, e si wi, kijan yon ekstradisyon dwe fèt ? Nan
rechèch mwen sou sa men sa mwen jwenn.
Nan ki
kondisyon sa posib ?
Si gen 2 peyi ki genyen trete ou akò pou
ekstradisyon fèt, se yon bagay ki posib ke yo voye sitwayen peyi sa a al nan
yon peyi etranje, pou li ale repon devan lajistis. Nan ka peyi Dayiti,
konstitisyon an, nan atik 41, entèdi pou yo voye yon sitwayen Ayisyen al jije
aletranje. Ou kapab voye yon sitwayen etranje al jije lakay li. Pou sa fèt,
genyen yon pwosedi legal ki dwe respekte, paske sitwayen sa a genyen pwòteksyon
ke konstitisyon an bali pou garanti ke dwa l respekte.
Akò ant Ayiti ak Lezetazini
Eske genyen akò ant peyi Dayiti e Lèzetazini
ki pèmèt ekstradisyon fèt ?
Repons la se wi. Men se pou etranje sèlman, se
pa pou Ayisyen. Genyen plizyè dokiman legal ki kouvri sa. Trete Ekstradisyon
1904, Akò Preval-Aristide-Albright 1997-2002 ak Lwa sou Blanchiman 2001
Akó
ekstradisyon
Lèzetazin e Ayiti te siyen an 1904 akò
ekstradisyon. Men akò sa a te byen klè. Nan atik 4 la, akò a di klèlman ke ke
Ayiti pa kapab remèt bay Lèzetazini sitwayen peyi Dayiti e Lèzetazini pa kapab
yon sitwayen Ameriken remèt bay Ayiti. Pou verifye, klike la a : http://www.slideshare.net/Stanleylucas/traite-dextradition-entre-haiti-et-les-etats-unis-damerique Depi plizyè ane, anakopopilis Lavalas
yo, san yo pa respekte konstitisyon peyi Dayiti, enstitisyon, lwa ak pwosedi
yo, ap depòte abitrèman Ayisyen, san pa genyen okenn kad legal pou sa e nan
vyole dwa konstitisyonèl sitwayen Ayisyen sa yo.
Akó
Preval Albright
Genyen yon lot akò tou ke Rene Preval te siyen
ak Sekretè Deta Ameriken Madeleine Albright sou kowoperasyon pou konbat dwòg an
1997. Palman konteste Lavalas la ki te genyen Yvon Neptune, Prezidan Sena,
Gerald Gilles, Premye Sekretè, Youseline Bell, Dezyèm Sekretè, Paul Cottin,
Prezidan Chamb Depite te ratifye akò Preval la an Desanm 2000. Prezidan defakto
Aristide te pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a "Le Moniteur" nimewo
59 an 2002. Pou jwen kopi akò sa klike la: http://www.slideshare.net/Stanleylucas/dekr-ekstradisyon-palmant-konze-lavalas-gerard-gilles-yvon-neptune-elatrye-te-vote-19-desanm-2000
Lwa sou blanchiman pa pèmèt sa nonplis klike
la: http://www.slideshare.net/centurionlucas/loi-sanctionnant-le-blanchiment-de-capitaux-et-le-financement-du-terrorisme
Ayiti
pa kapab remèt yon sitwayen Ayisien bay etranje.
Pa genyen okenn kote nan akò, trete e lwa sa
yo ki pale de ekstradisyon
sitwayen Ayisyen nan direksyon Lèzetazini. Kidonk pa genyen okenn kote legalman
ke otorite peyi Dayiti kapab remèt yon sitwayen Ayisien bay gouvenman
Lèzetazini. Sa k pi rèd la, atik 41 konstitisyon peyi Dayiti di ke nan okenn ka
otorite peyi dayiti pa kapab remèt yon sitwayen Ayisien bay etranje. Atik 42 a
apiye sa atik 41 di tou. Atik 41 konstitisyon di " Ou pa kapab ekstrade ou
depote oken moun ki genyen nasyonalite Ayisien. Ou pa kapab non plis fose l
kite peyi a pou kelkeswa rezon an. Ou pa kapab sevi ak rezon politik pou anile
dwa jiridik sitwayen Ayisien e nasyonalite li".
Sa k
pase, lè yon sitwayen ameriken fè yon krim anayiti
Yon sitwayen ameriken ki an Ayiti e ki fè yon
krim, Èske ou kapab remet li bay otorite Lèzetazini ?
Repons lan se wi, men genyen yon fòm ak kondisyon ki dwe
respekte. Premyèman, nan anbasad meriken Pòtoprens, otorite ameriken yo ap fè
yon demand ekstradisyon. Dezyèm bagay la gouvènman ameriken an dwe remèt bay
gouvènman ayisyen an enfomasyon ak pwèv sou krim sa ke sitwayen ameriken an. Lè
gouvènman ayisyen an resevwa pwèv sa yo, l ap voye yo bay dwayen tribinal sivil
la k ap oganize yon odyans. Nan odyans sa a l ap, tande akize a, avoka li, sou
baz pwèv ke yo montre. Si Dwayen an jije ke pwèv yo valab, l a pran yon
òdonans. òdonans sa a l ap voye l bay ekzekitif la. Lè ekzekitif la recevwa
òdonans la, l ap konvoke yon konsèy dè Minis. Lè Minis yo fin deside sou baz
òdonans sa a an konsèy dè minis, si yo dakò, genyen yon arete k ap pran e se
sou baz arete sa a ke yo kapab depòte ou ekstrade sitwayen ameriken sa. Men nan
okenn ka sa pa kapab fèt pou yon sitwayen Ayisyen.
Gouvènman
Lavalas te konn ekstrade sitwayen ayisyen
Poukisa otorite ekzekitif Lavalas te konn
ekstrade kèk Ayisyen, malgre konstitisyon e lalwa pa pèmèt sa?
Desizyon sa yo, se te desiyon abitrè e
Conzeyis ke mesye anakopopilis Lavalas yo te konn pran. Se zafè politik pèsonèl
li ke Aristide ak ekip li a t ap regle e ki pa t genyen okenn baz legal ou
konstitisyonèl. Tout ekstradisyon kite fèt anvan yo te ilegal. Petèt pousa ke
Privert ak ekip li a ki nan leta jodi a ret bèbè. E yo pa kapab pale, paske yo
pa kapab eksplike baz legal desizyon yo pran apre operasyon 5 Janvye yo. Se
petèt pousa tou ke Sena a ak Chamb Depite a konvoke Minis la Jistis la, epi
msie mawon...
Yon bagay ki sèten, tout moun ap gade si
Palman an pral kase fèy kouvri sa ou korije kaye ki merite pou korije, apre ke
li tabli fè yo. Pou sa rive fèt, Minis ki emplike yo dwe avan yo desann nan 2
chanm yo voye bay palman an tout dokimantasyon, pwèv e papye ke yo siyen sou
dosye sa pou ekstradisyon an safèt. Pou konprann sa k ap pase sou dosye sa a
nan sitem jiridik Lezetazini, li atik ke jounalis Frandley Julien ekri, klike
la: http://www.lenational.org/dossier-guy-philippe-regard-droit-americain/
Ti papye sa a se yon kontribisyon a edikasyon
pèp la, pou demokrasi nou kapab vin pi solid, ranfose enstitisyon nou yo e pou
nou tout konnen dwa nou ak devwa nou nan sosyete nou. Li klè ke sa k fèt la e
jan lifèt la, endepandaman de fon bagay yo, afebli enstitisyon nou e afekte
relasyon peyi Dayiti ak Lèzetazini.
Kenbela!