It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Thursday, October 25, 2018

#Haiti Petrokaribe : Langaj e mo ke nou dwe konnen pa Stanley Lucas

Gwo deba ap fèt sou dosye petrokaribe an Ayiti. Petrokaribe se yon pwogram kowoperasyon ki ekziste depi 2008 ant Venezuela e Ayiti kifè peyi sa a vann Ayiti gaz pou yon bon pri. Lè Ayiti finn vann gaz la sou mache nasyonal la, genyen yon pati nan kòb la ke peyi a voye tounen lamenm Venezuela e genyen yon lòt pati ke Ayiti kenbe. Pati Ayiti kenbe an depann de pri baril petròl la sou mache entènasyonal la. Pa ekzamp lè pri baril petròl la 150 dola, Ayiti kenbe 70% , epi rès la tounen Venezuela lamenm. Men lè pri baril petròl ant 40 e 50 dola, Ayiti kenbe 30%, rès la tounen Venezuela lamenm. Genyen 5 opsyon konsa sou pri baril la.

 Kòb sa a Ayiti kenbe a, se pou fè pwogram devlopman. Ayiti gen pou remèt kòb sa a sou yon periòd 20 an, a yon to enterè ki ba anpil. Pwogram sa a fèt sou 3 Prezidan (Preval, Martelly e Privert) e 6 Premye Minis (Michele Pierre Louis, Jean Max Bellerive, Gary Conille, Laurent Lamothe, Evans Paul e Enex Jean Charles soti 2008 rive 2016.) Yo depanse 1 milya 700 milyon dola ameriken petrokaribe pou 398 pwojè. Genyen 54 minis, 20 sekretè deta, 24 direktè jeneral PL-480, BMPAD, DINASA ki patisipe ladan l, Gwoup de Boudon, Gwoup Blakawout, sosyete sivil, palamantè, etranje ki patisipe nan jesyon kòb sa a. Pwogram petrokaribe a divize an 2 peryòd. Premye peryòd la ke moun yo rele peryòd nòmal, sa vle di, de 2008 rive 12 Janvye 2010. Dezyèm nan rele peryòd anòmal, soti 12 Janvye 2010 rive an 2016, kote peyi a viktim yon trambleman de tè kifè l pèdi 14 milya dola ameriken e yon siklònn, Matye, kifè l pèdi 3 milya dola ameriken.

Genyen 2 rapò redisyon dè kont kifèt nan sena dayiti nan dosye petrokaribe a. Tou 2 rapò sa yo pa valab e pa legal, paske nan vòt kifèt an asanble, sena a rejete yo akòz ampil iregilarite e politik ki te ladan yo. Règleman enteryè sena a di ke depi asanble a pa vote anfavè yon rapò, li pa valab e li pa legal. Se pousa, poufè dosye a vanse, sena a te mande kou siperyè dè kont prepare yon rapò teknik pou idantifye moun ki jere byen e moun ki jere mal, pwojè kifèt e pwojè kote lajan te debloke e depanse epi yo pafèt. Yo dwe gade tou kòb petrokaribe ki pase nan eletrisite soti 2008 rive 2016. Gen 2 kalite kòb ki pase nan eletrisite, kòb petrokaribe e kòb ki se taks pèp la peye leta. Toujou nan dosye eletrisite a gen 250 milyon gaz petrokaribe ki soti nan BMPAD ki rantre nan twou san fon blakawout la. Ampil kòb petrokaribe pase nan sifaktirasyon wout tou. Pèp la rele anmwey pou konpayi ki tapfè leta peye 1 milyon 600 mil dola ap kilomèt wout aloske pri kilomèt wout la 100 mil dola. Pandan rapò sa ap prepare nan kou siperyè dè kont, pèp peyi dayiti pran lari déjà 2 fwa e mande redisyon dè kont nan mande kot kòb petrokaribe a. San rapo kou siperyè dè kont li emposib pou'w idantifye volè e mennen yo devan lajistis. Pandan revandikasyon sa yo apfèt tout petrovolè yo fè konsansis pou rapò sa pa finalize, mete violans e fè koudeta. Men pèp la ki komprann reponn depi'w nan violans se petrovolè wap pwoteje. Depi lè deba sa komanse sanpransouf nan radyo e toupatou genyen ampil mo ki soti.

Anpil lwa petro nan seremoni magouyè petrokaribe
Sou baz deba sa yo, men kèk mo ki soti nan diskisyon yo e siyifikasyon yo :

PetroVòlè: Se yon moun, oubyen dè moun, konpayi ou oganizasyon prive ou politik ak etranje raketè ki patisipe nan vòlè kòb petrokaribe e lajan taks pèp la soti 2008 rive 2016

PetroKomplis: Se moun ak ofisyèl ki ede petrovòlè piye leta nan vòlè kòb petrokaribe e lajan taks pèp la

PetroChimè: Se yon chimè ki resevwa kòb nan men petrovòlè pou mete violans, boule, kraze, piye, entimide e touye nan lespwa koudeta ka fèt pou mete yon gouvènman defakto ilegal san patisipasyon pèp la e san eleksyon

PetroMètdam: Se petrovòlè nan plizyè kan politik, nan gwoup reyaksyonè, nan sosyete sivil e kèk etranje raketè kapfè manèv pou voye nan labatwa pèp la kèk bouk emisè nan kòb petrokaribe pandan yap esaye retire kò yo.

PetroMagouyè: Se petrovòlè ak anakopopilis k ap brase, san yo pa vle rezilta ateri nan dosye petrokaribe a. Yo chak gen objektif politik diferan. Petrovòlè yo pa vle ankèt ak pwosè e redisyon dè kont, paske yo kenbe kòb yo. Anakopopilis pa vle redisyon dè kont, ankèt ak pwosè pou jistifye violans e koudeta pou mete yon gouvènman defakto ilegal san patisipasyon pèp la e san eleksyon.

PetroAktè: Se otorite, ofisyèl leta ki patisipe nan jesyon kòb petrokaribe ki pat nan vòlè. Genyen ki jere byen e delivre e genyen ki jere pasab kifè kèk ti erè teknik e de chwa ki pa kondanab. Men yo se moun pwòp.

PetroVerite: Se sèl rapò teknik kou siperyè dè kont kap pote limyè sou sa ki verite e sou sa ki manti. Pa genie oken lòt opsyon ki ka ramplase sa. Tout moun swete pou byen peyi a pou limyè kafèt manm kou siperyè dè kont yo pa rantre nan politik menmjan ak senatè yo ki te rantre nan fabrikasyon.

PetroManti: Se tout akizasyon, manti, fabrikasyon san prèv kapfèt nan dosye pettrokaribe pou asasine karaktè moun aloske rapò kapral idantifye vòlè e moun ki jere byen poko pare.


PetroJistis: Se sitwayen kap chache jistis nan dosye petrokaribe a. Sitwayen sa yo konnen fok gen ankèt teknik kou siperyè dè kont kifèt pou jwen prèv. Se ak prèv sa yo ke ou ka rele moun ki volè yo devan lajistis pou kondane yo.

PetroDemagoji: Se moun kap mande kot kob petrokaribe e mande nan radyo pou lajistis mete anbakod ansyen otorite leta aloske ankèt kou siperyè dè kont poko fèt pou jwen prèv ki kapab pèmèt lajistis fè travay sa.

PetroFili: Se tout moun kifè pati de mouvman kap mande kot kob petrokaribe ki gen tout kalite moun landan l e ampil pozisyon diferan sou dosye petrokaribe a


PetroLatoublay: Se santiman e diferan kalite latwoublay ke dosye petrokaribe kreye andedan peyi dayiti e nan mitan diaspora a

PetroPouchis: Se politisyen kap travay men nan men ak petrochimè kap mande kot kòb petrokaribe men yo pa bezwen repons. Yo vle sèvi ak dosye petrokaribe a pou mete violans pou fè koudeta nan lespwa yo kapab voye Jovenel ale, apre sa pran pouvwa a san eleksyon pou yal fè gagòt menmjan satfèt sou gouvènman defakto Privert. Yap travay men nan men ak petrovolè Gwoup Blakawout kap finanse yo.

PetroJounaleu: Se moun ki rele tèt yo jounalis men ki pa jounalis toutbon, ki pa respekte etik ak deontoloji metye jounalis, kap fabrike nouvèl e bay manti nan radyo pou kòb petrovolè a peye yo

PetroDwazimen: Se nèg ki pran pòz militan dwazimen yo men ofèt yap manje kòb petrokaribe, lajan taks pèp la, pa anba yo fon nan fè politik e tout lajounen yo kache pa dèyè pou fè koudeta

PetroWoulibè: Se politisyen kap esaye pran woulib e rantre nan mouvman revandikasyon pasifik pèp la pou mete violans e fè koudeta

PetroPastè: Se pastè ki vle sèvi ak dosye petrokaribe a pou kache pwoblèm ke yo genyen ak lalwa e lòt kalite pwoblèm

PetroDilè: Se dwòg dilè ki rantre kòm militan nan mouvman revandikasyon pou mande kot kòb petrokaribe a. Objektif yo se mete enstabilite politik kap afebli leta, fasilite trafik dwòg e blanchiman lajan. Lè gen gouvènman defakto sa ogmante aksè politik dwòg dilè nan leta.

PetroDivèsyon: Se tout aktivite kap fèt pou bloke ankèt petrokaribe soti 2008 rive 2016 sou 3 Prezidan, 6 Premye Minis, 54 Minis, Gwoup Blakawout, Gwoup de Boudon, 100 konpayi prive, Palmantè benefisyè nan 47èm 48èm, 49èm e 50èm lejislati e etranje kowompi nan dosye eletrisite. Se jefò tou pou pwoteje kèk ti gwoup petrovòlè.

PetroReyaksyonè: Se dè nèg nan sektè prive a ki monte gwo magouy, strateji ak strikti pou yo piye kòb petrokaribe ak lajan taks pèp la. Yo nan Gwoup Blakawout, Gwoup de Boudon e plizyè konpayi bidon. Na mitan yo gen gwo e ti mimi.

PetroRapè: Se mizik rap ke Gwoup Blakawout finanse ak kòb petrokaribe pou oryante chantè e jènn katye popilè nan direksyon moun ke yo sible e garanti ke yo pa chante sou jan yo menm Gwoup Blakawout piye kòb petrokaribe nan eletrisite, wout e nan pwogram atis pou lapè. Ampil jènn ki dekouvri jwèt koken sa a di kou sa a pap pase paske yo dèyè tout petrovòlè.

PetroChallenge: Se yon mouvman ki vinn rapouswuiv ak lit ki komanse depi 2008, pou mande kot kòb petrokaribe a. Yon pati nan nouvo mouvman sa a bon, e se jènn ki dèyè l. Yon lòt pati nan mouvman sa a sal e kowompi, paske se petrovòlè Gwoup Blakawout kap finanse l. Lè Petrovòlè Gwoup Blakawout ap finanse mouvman sa a,  y ap pwoteje tèt yo e y ap woule politik yo, anmemtan ke y ap lonje dwet sou lòt gwoup moun ke yo deside fè pase kòm koupab sou do bourik la.

PetroMobilizasyon: Se manifestasyon pasifik pèp la nan lari peyi dayiti, pou mande enstitisyon leta, tankou kou siperyè dè kont, fè rapò sou petrokaribe a, idantifye moun ki vòlè, yon fason pou lajistis mare tout petrovòlè ke rapò sa a indantifye.

PetroKonsyans: Se moun k ap reflechi, ki komprann bezwen peyi a e kisa ki ta dwe fèt ak kòb petrokaribe a. Genyen ki gen refleksyon pragmatik, ki chita sou reyalite. Genyen se nan rèv ke yo ye, tèlman yo lwen reyalite a.

PetroZombi: Se moun ki pa komprann yon po pistach nan dosye Petrokaribe a, k ap repete koze yo tande, san yo pa komprann yo e san yo pa konnen si enfomasyon sa a verifyab ou si se yon manti ke yo fabrike.

PetroOnorab: Se palmantè 47èm, 48èm, 49èm, 50èm lejislati ki benefisye de kòb e pwojè petrokaribe. Gen palmantè ki fè pwojè toutbon ak kòb la menmjan tou gen palmantè ki foure kòb la nan pòch yo san pwojè pa fèt.

PetroMinis: Se Minis ki te nan kabinè ministeryèl soti 2008 rive 2016 ki pase 14 rezolisyon an konsèy dè minis pou debloke 1.7 milya dola ameriken pou 398 pwojè. Genyen 3 minis ki di ke yo pat siye rezolisyon yo men pa gen mwayen verifye si se vre ou si se manti.

PetroOdasye: Se petrovòlè kap mande kot kòb petrokaribe a

PetroBizango: Se chimè anakopopilis lavalas k ap esaye eksplwate kwayans vodou pèp la, nan melanje kwayans sa a ak dosye petrokaribe pou mete violans nan sosyete a. Y ap esaye fè manifestasyon lannwuit pou pwofite pou boule, kraze, brize e vòlè.

PetroLimena: Se tout limena ki manje nan kòb petrokaribe a e ki pè yon vrè ankèt e kap joure lè Stanley Lucas ap bay verite

PetroLucas: Yon nèg ki rele Stanley Lucas kap goumen depi 10 zan sou dosye Petrokaribe a. Li komanse goumen kont koripsyon nan dosye petrokaribe a apre chimè Lespwa-Inite yo touye Robert Marcelo, Prezidan Komisyon Mache leta, pou 80 milyon dola ameriken petrokaribe an 2008.

PetroVokabilè: Se nouvo mo ki parèt nan deba sou dosye petrokaribe a , ka pral anrichi vokabilè lang kreyòl la, ki tradui anpil pawòl nan koze petrokaribe.

Gwoup Blakawout: Se petrovòlè ki piye kòb petrokaribe e taks pèp la nan dosye eletrisite en nan sifaktirasyon wout

Gwoup de Boudon: Se petrovòlè ki piye kòb petrokaribe nan monetizasyon e lòt aktivite finansyè ke yo reyalize pandan ke kòb petrokaribe a te chita nan men yo pandan plizyè mwa

Mezanmi komplete pou mwen. Si ou ajoute yon mo bay definisyon