It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Thursday, February 9, 2017

Demokrasi e Eleksyon : Maten an 8 Fevrye, Map Salye Kouraj Pèp Ayisien pa Stanley Lucas

Jodia a 8 Fevrye nou leve nan yon anviwonman politik diferan. Nou soti nan yon rejim defakto pou nou chita nan yon rejim demokratik, legal e konstitisyonèl. Rezilta sa a, nou dwe l a vijilans, kouraj e detèminasyon pèp Ayisien, ki malgre tout pikan anakopopilis yo te mete sou wout li, pandan 4 lane. Pèp sa a te konn sa l vle e li goumen san pran souf pou li fè demokrasi a kanpe nan peyi Dayiti. Nou Di Ayibobo pou pèp vanyan sa a !

Eleksyon lib nan peyi Dayiti se yon maswuife
Pou onore pèp sa a, nou pral retounen dèyè pou montre koman pèp sa a ak kouraj li monte maswuife pou fè demokrasi ki te simen ak konstitisyon an donnen toutbon. Oganize eleksyon lib nan peyi Dayiti se yon maswuife. Yon bò ou genyen kèk demokrat ki fè jefò pou jwe jwèt demokratik la e respekte règleman ak prensip yo. Yon lòt bò ou genyen yon lòt kategori aktè ki vle kontwole tout enstitisyon leta yo. Men yo te vle fè sa nan òganize eleksyon ranje, ke pèp la rele koudeta elektoral. Mesye sa yo pòte non anakopopilis. Yo pòte non sa a paske yo kwè nan 2 ideoloji anachism ak popilism.

Si an 2012 pou rive 2014 te genyen dout ke anakopopilis yo pat vle ale nan eleksyon, apre 2014 li vinn klè, pou tout moun ki rezonab, ke pou monte sou teren elektoral la anako yo te bezwen pran kontwòl tout aparèy leta a, sa vle di pran kontwòl pouvwa egzekitif la,  KEP  ak polis nasyonal la. Apre ke anako yo bloke eleksyon pandan 4 lane e sabote eleksyon prezidansyèl 2015 yo, san eleksyon ak panzou, yo pran kontwòl leta avèk Jocelerme Privert a travè yon akò ke li siyen ak Prezidan Martelly kòm Prezidan Sena.

Privert nan gwwo ponyèt
Lè Privert rantre nan Palè Nasyonal le 14 Fevrye 2016 sa pat pran anpil tan pou wè sa l te genyen nan tèt li. Le 19 Fevrye 2016 nan yon reyinyon nan Palè Nasyonal li di reprezantan PHTK yo ke Jovenel Moise pa t premye  toutbon nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo. Se senkyèm li te ye. Tout moun alepòk ta p poze tèt yo kesyon ki kote Privert jwen chif sa yo ki pèmèt li di sa paske li pat travay nan KEP. Ampil moun te gentan wè ke Privert sou montaj ak fabrikasyon pa rapò ak objektif politik ke li te genyen. Dezyèm kou ki pral montre sa ki vrèman nan tèt Privert se lè, san konsiltasyon, li nonmen Fritz Jean ki nan menm kan politik avèk li kòm Premye Minis li. Jan Privert fè sa nan gwo ponyèt montre ke li pat soti pou respekte akò ke li te siyen nan chwazi yon Premye Minis de konsansis e li pat soti nonplis pou respekte palman an ki mete l Prezidan. Nan dezòd sa a, anako Privert yo te mal aji ak Premye Minis Evans Paul ki t ap jere zafè kouran.  Se la ke zafè « si w pa konpòze wap dekonpoze » a te sòti. Nou p ap pale de kout ponya nan do ke Privert bay Edgard Leblanc. Devan menas, presyon e kout lajan, palman an voye sou Fritz Jean e voye yon mesaj klè bay Privert, ke yo pa tolere okenn deriv antidemokratik. Tout sosyete a vinn wè ke fòk yo fè atansyon a Privert. Se nan kondisyon sa yo ke Enex Jean Charles, yon moun Preval, vinn Premye Minis.

Privert nan magouy
Nan jefò pou mete kandida pou Prezidan Jovenel Moise deyò nan eleksyon yo, kòm Privert pa t reyisi kaponnen PHTK nan reyinion nan Palè, li pral deklanche yon ansamb de aksyon pou pèsekite militan ak alye politik pati sa a.  Privert pral voye boule biznis Prezidan PHTK a Ann Valerie Timothe, yo pral tiye plizyè militan politik PHTK pandan ke yo t ap sèvi ak lajistis tankou yon zouti, pou fè pèsekisyon politik. Pou travay sa a te fèt, Privert sèvi ak 3 jounalis pou pwente dwèt sou moun ak fo dosye koripsyon e akizasyon bidon. Devan aksyon antidemokratik sa yo, Enex Jean Charles ekri Minis Lajistis Camille Edouard pou di misye ke Ayiti siyen yon seri de konvansyon entènasyonal pou respekte dwa moun e mande l pou rapele komisè gouvènman yo a lòd. Se lèt sa a ki mete dlo nan diven komisè Danton Leger ki te derape a 100 mil a lè nan pèsekisyon politik. Mwen p ap pale de aksyon ki fèt nan komisarya Okay kote jiskaprezan jodi a nou pa konnen si bagay sa a se yon montaj politik ou yon bagay reyèl ke li te ye.


Yon komisyon falsifikasyon
Lè Privert wè li paka mete Jovenel Moise deyò ak pawòl voye monte nan Palè Nasyonal, li deside, ak sipò kèk nèg sosyete sivil e dwazimen ki t ap jwe jwèt politik pa yo, monte yon komisyon prezidansyèl verifikasyon pou analize rezilta eleksyon prezidansyèl 25 Oktob 2015 yo. Pèp la san bat je, rele komisyon sa a komisyon falsifikasyon elektoral. Lè mesye yo analize e yo wè Jovenel genyen toutbon, yo fè yon montaj pou kraze eleksyon yo. Misyon obsèvasyon elektoral unyon ewopeyen nan analiz rapò komisyon falsifikasyon an fè dekouvri yon pakèt erè faktyèl, metodolojik e legal. Malgre tout moun wè ke rapò a se yon rapò politik ki pa t teknik, Privert sèvi ak li pou kraze eleksyon yo. Nan desizyon sa a, Privert ak anako yo fè peyi a pedi 100 milyon dola ameriken.

 Kawòt ak baton
Nan moman sa yo, li te komanse klè pou ampil moun ke Privert t ap travay sou 2 objektif. Premyèman kijan pou l rete o pouvwa pi lontan, paske akò a te di klèman fòk li ale apre 120 jou e dezyèman kijan pou l fè koudeta elektoral la pou remèt Maryse Narcisse pouvwa a kòm Prezidan.  Nan premye objektif la pou pwolonje manda li, Privert sèvi ak kawòt e ak baton. Nan koze kawòt ke li t ap bay, genyen yon seri de palmantè ki nan kan politik li ke li simaye lajan sou yo pou ede l jwenn yon pwolongasyon manda apre 14 Jen 2016 a travè yon Asanble Nasyonal. Nan politik baton an, palmantè ki pa nan kan li resevwa anpil menas pandan ke Privert fè 3 jounalis pali atake palmantè sa yo ampil nan radyo.  Malgre tout jefò e manèv Privert, 14 Jen rive, li pa jwenn pwolongasyon nan men palman an. Se yon Privert frajilize e afebli politikman ki deside l ap rete kòm Prezidan defakto. Sitiyasyon sa a vinn redwui maj de manèv politik Privert pou fè koudeta elektoral.  Malgre tou Privert kontinye ap manipile.


Dega matye
Bagay kapral gate sa nèt, se siklònn Matye. Siklonn sa nan yon sèl aswè detrui preske 5 depatman jeyografik peyi Dayiti. Dega yo evalye a 3 milya dola ameriken e genyen prè de 850 moun ki mouri. Jesyon medyòk Privert ak alye li yo de siklonn nan pral genyen yon gwò empak negatif pou yo nan mitan pèp la. Nan kalamite siklonn sa a pote, anakopopilis ki o pouvwa ak alye yo tankou Jude Celestin, LAPEH, Moise Jean Charles, Pitit Desaline ak Maryse Narcisse, Fanmi Lavalas pral kompòte yo yon jan ki bay pèp la repiyans.

Apre siklònn nan
Premyèman mesye anako yo te absan e yo pa t sou teren an pou ede pèp la, apre katastròf la. Yo pa t reponn toutbon a pèp la ki te nan mizè e ki t ap soufri apre siklònn nan.  Okontrè anako yo pran yon seri de desizyon anti pèp. Yo voye bato ki pote manje tounen, yo vann èd Dominiken bay pou viktim yo nan mache, yo kite solda Dominiken pile tè peyi Dayiti e genyen 2 minis ki bay sena a manti sou sa. Pa t genyen okenn kowòdinasyon serye leta pou ede pèp nan depatman kote siklonn nan kraze. Lavalas ki t ap distribye yon kamyon diri Okay tonbe bat popilasyon an ak kout rigwaz e sentiwon. Jude Celestin fè erè nan zafè pon ke li te vle bay e nan zafè medsen 2 zan. Moise Jean Charles limenm li te disparèt. Lè li vinn reparèt se ak ti bwat alimèt ki pa t ka regle anyen pou soulaje mizè pèp la. An konparezon ak Jovenel Moise ki limenm te byen oganize l, entèvansyon li nan depatman sa yo kote li distribye plis pase 30 kontenè manje, bay peyizan semans pwa nwa, jouwoumou, mayi elatrye. Pou mete abse sou klou kandida anako yo te fèb, yo pat gen ni vizyon ni plan, kidonk pat gen mwayen pou yo kominike ak pèp la.
 Afè vòlè eleksyon an kaba
Se nan kontèks sa a kanpay elektoral la louvri, kandida fè kanpay, pèp al vote. Anakopopilis yo te pare pou vòlè eleksyon yo ankò e, si yo pa kapab, pou yo gate l yon lòt fwa ankò. Fwa sa a genyen 3 bagay ki sove eleksyon yo kont plan malouk antidemokratik anakopopilis yo. Premye a, pèp la vote Jovenel Moise ak PHTK an mass pou pa genyen diskisyon. Jovenel Moise genyen nan tou lè 10 depatman jeografik peyi Dayiti depi nan premye tou e sou 8 senatè PHTK ak alye li yo genyen 7. Dezyèman, jefò jounalis endepandan yo fè jou eleksyon yo apre biwo de vòt fèmen e rezilta a plake sou mi chak biwo de vòt. Lefè ke jounalis endepandan yo bay pwojeksyon rezilta pou chak biwo de vòt  fè ke li pratikman vinn enpòsib pou anakopopilis yo volè eleksyon yo. Twazyèman, desizyon ke KEP pran pou pibliye pwòsè vèbal yo dirèkteman online fè ke li vinn pratikman enposib pou vòlè eleksyon yo. 3 bagay sa yo bloke tout jefò manipilasyon ke anakopopilis te gentan ranje nan sant tabilasyon e nan BCEN. Malgre sa yo reyisi volè 3 pòs depite e 3 pòs majistra. Pandan tout bagay sa yo ap fèt, donne politik yo chanje nan peyi Lèzetazini, kote Madan Clinton ki nan pati demokrat la pèdi eleksyon yo devan repibliken Donald Trump. Sa k pirèd la, repibliken yo pran kontwòl Chamb Depite ak Sena nan Palman Lèzetazini.

Lè Privert gade li wè ke pa genyen mwayen fè anyen nan sant tabilasyon e nan BCEN, limenm ak Preval al rale fil nan dosye UCREF la. Dosye sa a, ke anako yo kreye, genyen 2  objektif.  Premye a se te bloke prestasyon sèman Jovenel Moise, nan pati sa a yo echwe. Dezyèmman, sèvi ak dosye sa a pou sabote l pandan l sou pouvwa a, ampeche l gouvène e domaje lejitimite elektoral e konstitisyonèl li pandan y ap gade kijan pou jete l. Pwen sa a vivan toujou, nou pral gade kisa lajistis pral di sou sa.

Konklizyon
Maten an nou leve 8 Fevrye, se vre ke genyen yon rejim demokratik ki chita, gras a goumen, kouraj e detèminasyon pèp la. Men danje ak defi yo la toujou. Danje yo sèke malfini anakopopilis yo pral kontinye prepare kou, fè montaj e kontinye voye monte ak fabrikasyon manti politik pou mete dezòd. Yon lòt bò, defi ekonomik yo ampil tou. Nou genyen 5.6 milyon Ayisien nan mizè, nou pèdi 3 milyon dola ameriken nan siklònn Matye. Akòz desa goud la pedi 25 pousan valè li, kwasans ekonomik la ap negatif an 2017 e enflasyon an deja a 14.5 pousan. Nou pap pale de leta ki pa genyen resous e ki dwe pandan ke nou okouran ke èd entènasyonal la, ki taka ede nou, plen gagòt ladanl. 8 Fevrye sa a kapab yon renouvo. Pou renouvo sa a tounen yon reyalite fòk nou jere lajan leta a tankou moun kap bat dlo pou fè bè, fòk nou bay konpetans jarèt, fòk nou restriktire èd entènasyonal la, fòk agrkiliti a tounen yon dosye prioritè, fòk nou inove pou kreye travay, fòk nou korije e enstitisyonalize. Pandan ke tout bagay sa yo ap fèt, fòk nou kale je nou anwo e anba, pou nou veye  nouvo danje ak menas ke malfini anakopòpilis yo pral pòte pou nou.