Thursday, February 26, 2015

Move Trètman Ayisyen Sendomeng: Pou jwenn solisyon, Ayiti dwe repran chemen CARICOM ak OEA pa Stanley Lucas














An Septamb 2013 Lakou Konstitisyonèl Dominikani deside revoke nasyonalite omwen 800.000 Dominiken ki gen lonbrit familyal yo mare ak Ayiti. Desizyon sa a mete Dominiken sa yo nan yon sitiyasyon malouk, paske jodi a yo pa genyen nasyonalite e yo tounen apatrid.

800 000 Dominiken-Ayisyen apatrid
 Lè yon moun apatrid ou pa gen batistè, kat didantite, paspò, ou pa kapab ale lopital, ou pa nan lekòl, ou pa nan inivèsite. Lè sa rive, yo elimine papye tè w, kont labank elatrye e ou pa genyen okenn estati legal nan sosyete a. Lè ou apatrid ou pa ekziste. Se nan sitiyasyon sa a ke 700.000 Dominiken-Ayisien ki apatrid ap viv jodi a. Dapre sa ki ekri e analiz ki fèt nan Sendomeng, se ansyen prezidan Leonel Fernandez ki dèyè aksyon politik anti ayisyen sa yo. Genyen tou ayisyen ki san papye Sendomeng. Ayisyen ki san papye yo nan kategori moun kal chache travay ak lòt opòtinite ekonomik. Ou jwenn yo nan batey, konstriksyon, sa k ap vann nan lari elatrye. Dominiken yo nan politik metdam ke yap mennen melanje 2 gwoup sa yo. 

Ayiti te mete koze a sou tanbou entènasyonal
Lè kesyon apatrid la komanse an 2013, gouvènman ayisyen an fè yon bèl mouvman diplomatik. Andedan CARICOM mouvman sa yo abouti. Yo te bay Sendomeng yon kanpe la nan pwosesis rekonesans li andedan enstitisyon sa a. Venezuela ki genyen anpil presyon ekonomik sou Sendomeng, a travè Petrokaribe, te voye pinga bayo. Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken (OEA) te voye yon komisyon ankèt Sendomeng, pou al ankete e gade kisa k ap pase sou dosye sa a. Komisyon sa a te fè yon rapò malouk ki te montre ke Sendomeng pa respekte konvansyon entènasyonal yo e pwòp lwa lakay yo. Pi devan, te genyen yon desiszyon jistis ke Lakou Entèameriken te pran tou kont Sendomeng. 

Koman Dominiken yo reaji?  
Lè Dominiken yo wè ke yo pran nan pèlen onivo miltilateral, sa vle di andedan OEA ak Caricom, yo deside pran yon lot wout. Dominiken yo sèvi ak zanmi yo ki nan sektè prive a e ke yo fè biznis ak yo pou fè presyon sou gouvènman Ayisyen an. Dominiken yo rele zanmi yo ki nan Gwoup de Boudon an, pou ede yo planifye dezòd an Ayiti e fè presyon sou responsab leta panou. Nou tout konnen ke Dominiken yo chak ane voye vann plis pase 2 milyard pwodwuy Dominiken an Ayiti e yo ranmasse tou 32 pousan nan 1.9 milya ke diaspora US la voye an Ayiti chak ane. Nan biznis mete pye sou kou peyi dayiti ekonomikman e politikman, alye Dominiken yo se gwoup de Boudon an ak kèk nèg INITE ki te nan leta a avèk Preval.

Nou sonje ankèt Premye Minis Garry Conille te fè sou asosyasyon sa yo e rapò ke li te pibliye, ki fè ke mesye INITE ki andedan gouvènman Tèt Kale a te responsab ke Conille pèdi djòb la. Se menm mesye INITE sa yo ki marye ak Gwoup de Boudon an ki fè Laurent Lamothe pèdi djòb li tou. Jodi a mesye sa yo ap travay pou elimine fizikman Martelly ak Aristide pou louvri wout la pou Preval ak mesye INITE yo. Kidonk, avèk sipò Gwoup de Boudon ak INITE, Dominiken yo mete 50 milyon dola nan lari pou fè manifestasyon politik nan peyi dayiti, yon fason pou fòse responsab leta yo rantre nan dialòg dirèk ak Sendomeng. Nou sonje deklarasyon lidè OPL la, Sauveur Pierre Etienne, sou 50 milyon ke Dominiken yo te distribye pou dezòd kapab fèt e afebli leta dayiti.
Gwoup de Boudon an fè anpil lobby tou Washington pou dialòg dirèk sa yo fèt. Apre ke yo rale anpil fil politik pa anba, mesye Gwoup de Boudon yo reyisi nan strateji lè yo fè Sendomeng chita dirèkteman ak Ayiti. Otomatikman ke safèt sa bloke apwòch miltilateral la ki te pèmèt Ayiti make pwen e defann enterè viktim ke y ap maspinen Sendomeng. Jodi a nou tout konnen ke apwòch bilateral la echwe. Se lanmò jènn gason sa a, Jean-Claude Harry, alias Henriclo Jean, ki vini mete sa nan figi nou tout, avèk anpil veksasyon derespektan. 

Devan reyalite sa a, kisa nou dwe fè?
Avni Sendomeng depann de Ayiti e avni Ayiti depann de Sendomeng. Annatandan ke politisyen ak lidè politik peyi dayiti prepare yon estrateji pou Sendomeng, an kolaborasyon avèk pwogresis ki nan sektè prive a, nou dwe remete dosye sa andedan Caricom e andedan OEA. Semenn pwochenn ap genyen yon gwo reyinion Caricom nan peyi Allemagne. Nou dwe sèvi ak reyinyon sa a pou fè 2 bagay. Premye a, se prezante Duly Brutus, minis afè etranjè a, kòm kandida pou pòs sekretè jeneral OEA. Si sa fèt, Brutus t ap premye moun nwa ke rejyon an e peyi dayiti t ap prezante kòm kandida pou pòs sekretè jeneral OEA. Jodi a kandida k ap fè kanpay yo pa genyen konsansis sou yo. Si Brutus t ap pase, li t ap premye moun nwa ki vin sekretè jeneral OEA. Pa bliye ke rejyon sa a gen plis pase 40 milyon moun nwa ladan l, e OEA depi kèk jou kite moun nwa yo dèyè nan yon pakèt domenn edikasyon, lasante, aksè a opòtinite ekonomik elatrye. Dezyèm lan, se dosye apatrid Sendomeng la ke nou ta dwe relanse nan reyinyon Caricom sa a, pandan ke anbasadè nou nan OEA ta relanse dosye apatrid yo andedan konsèy pèmanan OEA . 

Mezanmi an konklizyon, reyalite dosye sa a, toudabò se yon reyalite ekonomik ke li ye. Menas pèmanan pou nou tout rele Gwoup de Boudon, yon seri de nèg ki pa vle envesti pou kreye richès, ki pa vle travay ak opòtinite ekonomik pandan ke y ap peze souse peyi a atravè tout monopòl ke yo genyen nan men yo. Gwoup de Boudon an kwè nan spekilasyon, e yo pa kwè nan envestisman ki ka ogmante pwodiksyon peyi a e kreye richès. Atravè spekilasyon sa a, yo voye achte Sendomeng pou revann Ayiti. Apwòch sa a ap kraze peyi a. Nèg yo mare sosiss yo ak yon seri de enterè Dominiken pou yo vann nou tout tankou ti sale. Gwoup de Boudon an genyen yon gwo responsabilite nan afebli leta, pou enterè pa yo. Si nou kontinye politik monopòl la e si mare sosis sa a kontinye, pral genyen plis mizè e plis kriye. Noumenm nou kwè nan envèstisman dirèk ki kapab ede kreye opòtinite ekonomik. Men genyen yon jan pou l fèt, pou ke envestisè sa fè lajan, pou peyi a ak moun ki nan peyi a fè kòb tou. Jan Gwoup de Boudon an ap fonksyone a, sa se tankou mwen ta di w, nèg yo mete anplas yon sistèm de mèt ak esklav. Se tankou mwen ta di w ke Gwoup de Boudon an reprezante enterè kolon Dominiken ki vle mete pye sou kou esklav yo nan peyi dAyiti. Sa p ap fasil chanje sa, paske mesye yo kreye yon anviwonnman sosyal ki anpeche ke pwoblèm yo poze e yo genyen lidè politik ki nan pòch yo tou. Mwen panse ke lè a rive pou nou chanje sa. Chanje sa, sa vle di ke lidè politik yo dwe finalman prezante peyi a yon plan ekonomik k ap chanje reyalite sa yo,  ka p kreye richès, mete konpetisyon ekonomik, modènize e chanje lavi nou. Anatandan fòk nou kale je nou pou ke ultranasyonalis yo pa gate bay yo nèt e pou sèvis entelijans Dominiken pa kreye dezòd lakay nou. 

No comments:

Post a Comment