Sunday, December 16, 2018

16 Desanm : Jodia se jou selebrasyon dwa de vòt pèp Ayisien pa Stanley Lucas

Dwa vòt se yon dwa ki sakre pou pèp Ayisien. Tantativ pou konstwui demokrasi e tabli dwa pou sitwayen vote an Ayiti komanse depi apre endepandans nou. Premye fwa Ayisien vote se 23 Novam 1806 nan Asamble konstitiyant ki mete amplas repiblik endepandant peyi dayiti.  De 1806 a 1957 Ayisien vote dè santènn de fwa. Men sanble etranje kap ekri sou listwa resan peyi dayiti sanble gentan bliye sa. Nou dwe fè antansyon pou yo pa efase memwa istorik nou. Mwen konnen gen 2 peyi kote entelektyèl peyi nou ap revizyone listwa nou e efase memwa kolektif nou. Nou dwe fè atansyon ak sa.

Doktè Francois Duvalier rive sou pouvwa kom Prezidan elu an 1957. Duvalier kale Louis Dejoie nan yon eleksyon ki te gen ampil kompetisyon. Apre sa a travè referandòm li enstale yon diktati ki dire 29 an. An 1986 pèp Ayisien kraze sistèm diktatoryal la e deside pran wout demokrasi. Se pousa le 29 Mas 1987, pèp la nan vote mete amplase yon konstitisyon ki defini règ jwèt demokrasi a. Youn nan dwa ke konstitisyon an retabli pou sitwayen yo, se dwa de vòt. Ampil sitwayen tombe pou dwa sa vinn reyalite. Sitwayen tombe nan riyèl Vaillant le 29 Novanm 1987 pou dwa de vot sa tounen reyalite.

Le 16 Desanm 1990 apre ampil tan e mapil goumen pou demkrasi, se premye fwa toutbon nan 20èm syèk la pèp la tapral gen opotinite vote dirijan ki tapral okipe fonksyon nan leta. Jou 16 Desanm sa, tout Ayisien tal vote pou yon pakèt kandida pou Prezidan, pou Senatè, pou Depite, pou Majistra. Jou sa, se te yon jou fèt pou derape ak demokrasi nou an. Ke sa ki te genyen eleksyon an, ke sak ki te pèdi eleksyon sa, jou 16 Desanm sa se te jou selebrasyon dwa de vòt, selebrasyon demokrasi.

Dwa de vòt sa ke konstitisyon bay chak sitwayen Ayisien se yon privilèj. Ou dwe itilize entelijans ou pou sèvi ak privilèj sa byen lè gen eleksyon. Anvan’w vote fòk ou pran san’w gade ki pati politik ki gen vizyon, pwogram, plan ? Ou dwe gade, evalye pou’w wè ki kandida ki gen kompetans, eksperyans, kapasite e ke konstate apre analiz ke li ka delivre an fonksyon de atant e bezwen ke ou genyen? Kom sitwayen, dwa de vòt sa lè ou pral ekzèse l ou pakab fèsa sou emosyon men pito sou baz enterè ke ou genyen, sa vle di eske pati sa, kandida sa ou pral vote ka rezoud pwoblèm ke wap viv yo ? Se sou baz kalkil sa yo ou dwe ekzèse dwat de vòt ou e lage bilten pou yon pati ou yon kandida. Pou ede’w wè klè jounalis yo ta dwe tou pase pati yo, pwogram yo, kandida yo nan paswa. Si ekzèzis sa yo pafèt demokrasi a ap pran kou.

Eksperyans demokratik 30 an fè nou komprann ke nou dwe aprann sèvi byen ak dwa de vòt sa. Dwa de vòt sa fè nou goumen kont koudeta militè pou restore demokrasi. Dwa de vòt sa fè nou goumen kont diktatè anakopopilis lavalas ki soti nan eleksyon e bali kanè. Dwa de vòt sa fè nou goumen kont tantiv koudeta elektoral lavalas an 1995, 1997 e 2000. Dwa de vòt sa fè nap goumen chak jou kont anakopopilis kap esaye ak violans bay gouvènamn konstitisyonèl ke nou chwazi nan eleksyon koudeta. Dwa de vòt sa fè nou dekouvri demokrat degize ki vle fè koudeta nan pale de tranzisyon ou de konferans nasyonal. Dwa de vòt sa fè nou dekouvri fo demokrat kap pale de sistèm ki fini nan sèvi ak violans pou kraze enstitisyon e konstitisyon. Dwa de vòt sa fè nou dekouvri reyaksyonè ki pa vle redisyon dè kont vrèman men kap sèvi ak dosye petrokaribe pou mete violans pou fè koudeta. Dwa de vòt sa fè nou dekouvri reyaksyonè kap piye leta san yo pa gen fonksyon ofisyèl e ki refize respekte règ jwèt demokrasi la nan sèvi ak violans pou fè koudeta pou pwoteje enterè yo ki diferan de enterè peyi a e enterè pèp la. Se dwa de vòt sa ki fè nou dekouvri tout menas sa yo ki soti nan dè kan politik e katèl ekonomik ki pa vle pèp chwazi dirijan yo nan eleksyon.

Jodia 16 Desanm jou selebrasyon dwa de vòt e demokrasi, fòk ou pran tan reflechi sou tout bagay sa yo. Jodia ou dwe reflechi sou ki kote nou soti an 1986 e ki kote nou rive jodia an 2018? Ou dwe tou komanse reflechi pa rapò a eleksyon 2019 kote anakopopilis ki nan violans pa vle oumenm sèvi e ekzèse dwa de vòt sa ke konstitisyon an barou e ki vle deside pou ou nan sèvi ak violans. Anakopopilis vle bloke eleksyon, anakopopilis vle bloke pwodiksyon kat elektoral pou pa al vote an 2019. Eske ou reflechi sou sa ? Anakopopilis ki nan violans pè eleksyon lib, onèt e demokratik an 2019 menmjan yo te pè eleksyon an 2015 ke yo te gate ak violans e pèdi ankò an 2017. Eske ou reflechi sou sa e sou kou yap pare pou ou pou ou pa kapab ekzèse dwa de vòt ou an 2019 ? Nan kesyon dwa de vòt sa ou dwe reflechi pou’w deside eske wap pèmèt moun ki gen paspò ameriken, kanadyen, franse elatrye vote an Ayiti pa rapò a amandman konstitisyon kidwe fèt ? Genyen 13 peyi sou latè sou 192 kote safèt sou kondisyon. Eske ou vle sa pou peyi dayiti ?


Jodia 16 Desanm, devans menas violans kont dwa de vòt e demokrasi a, devan menas koudeta violanreflechi nan mwa ki pral vini la yo kijan ou pral defann dwa de vòt ke konstitisyon an bay chak sitwayen pou chwazi dirijan ke li vle. Eske wap kite violans anakopopilis retire dwa de vòt sa nan men oumenm sitwayen ki kwè nan demokrasi ?

No comments:

Post a Comment