Thursday, January 21, 2016

Lè Lame t ap Fè Koudeta yo te Rele sa Kou De Fos Lè Anakopopilis a Fè Koudeta Yo Rele sa Tranzisyon pa Stanley Lucas

Se nan sitiyasyon difisil ke ou dekouvri ki lidè politik ki kwè nan demokrasi e ki lidè politik ki se poutchis e ki kwè nan koudeta. Lè bagay la malouk lidè ki demokrat yo toujou ap chache dialòg ak solisyon demokratik pou repare sa k pasa e konstwui enstitisyon demokratik yo.

Anakopopilis renmen dezod
Anakopopilis poutchis toujou ap chache opòtinite, pou mete divizyon ak kout manti ak manipilasyon nan radyo kap sèvi de jistifikasyon pou zak violans yo ak  mete dife kont sosyete a pou pran pouvwa. Se sa k fè yo renmen dezòd ak enstabilite. Anakopopilis poutchis pa kwè nan dialòg, lide yo chaje dògmatis, sa vle di sa yo di se sa e pa gen espas pou okenn lòt lide ou pou dialog. Kilti politik anakopopilis la se yon kilti entoleran e ekstremis ki pa tolere dialòg ki fè pati de demokrasi.


Wòl yon demokrat
Yon demokrat ap rantre nan dialòg e pwopozisyon pou wè kijan pou ranfose e fè avanse pwosesis elektoral la. Yon demokrat ap travay pou kore e mande aplikasyon rekomandasyon Komisyon Evalyasyon Elektoral la. Yon demokrat ap gade kijan pou chanje 2 ou 3 mamb nan KEP a pou bal plis kredibilite ou pou montre ke yo pat nan volò toutbon avèk lajistis. Yon demokrat ap travay ak Ekzekitif la e KEP a pou ranfose enstitisyon yo olye ya l kraze yo. Yon demokrat ki kwè nan eleksyon ap kanpe dèyè youn nan 2 kandida pou Prezidan pou ede l genyen.


Sa ki bon pou « P » li bon pou « M »
Yon anakopopilis ap travay pou bloke oganizasyon eleksyon yo jan yo fè l pandan 4 lane. Yo bloke chak KEP ki te monte jiskaske yo monte pwòp KEP pa yo an Janvye 2015. Yon anakopopilis ap di ke Komisyon Evalyasyon Elktoral la pat bon e pat kredib poutan lè yap pale nan radyo yap sèvi a rekomandasyon komisyon sa.  Yon anakopopilis di ke li pat patisipe nan eleksyon men patizan l ap kole postè l sou mi nan lari Potoprens. Règleman anakopopilis yo se pou moun pa yo e kan politik pa yo sèlman ke yo dwe aplike. Lè Preval tap oganize eleksyon an reta an 2011 e 7 Fevrye te rive sou li eleksyon potko fèt, se anakopopilis yo ki te vote yon lwa e kreye yon jirispridans ki te pèmèt Rene Preval rete kom Prezidan jiska 14 Me 2011. Men lè se Mateli ki nan menm sitiyasyon an, yo pwopoze yon koudeta-tranzisyon. Aloske demokrasi a ak jirispridans la di sa ou ka aplike pou P ou ka aplike l tou pou M. Men anakopolis poutchis ki nan koudeta nan « sa yo di se sa » pa p dako.

Mantalite Poutchis Anakopopilis K ap Fè Koudeta
Pa gen diferans nan mantalite poutchis kapfè koudeta. Militè kap fè koudeta te rele sa kou de fos. Anakopopilis kap fè koudeta rele sa tranzisyon. Militè sèvi ak violans zam pou fè koudeta. Anakopopilis sèvi ak violans vèbal nan radyo e violans lari a pou esaye fè koudeta.  Pa genyen diferans an militè kapfè koudeta ki rele sa kou de fos e anakopopilis kapfè koudeta ki rele sa tranzisyon.


Lidè Anakopopilis Ki nan Koudeta
Jean Bertrand Aristide ki nan Fanmi Lavalas se yon lidè anakopopilis k ap travay pou gade kijan ke li kapab fè yon koudeta-tranzisyon pou li mete moun pa l nan gouvènman an e nan KEP la defason pou ede l pran pouvwa a pi devan. Nan ka sa Aristide ta renmen Jocelerme Privert Prezidan e Gervais Charles Premye Minis. Tou sa san pèp la men avèk chimè ki nan violans. Pou jistifye koudeta-tranzisyon sa li fè Maryse ap repete nan laprès ke se li ki genyen eleksyon prezidansyèl yo. Preske 60 jou apre piblikasyon rezilta yo ni Aristide ni Maryse pa kapab pibliye okenn dokiman teknik pou pwouve ke Lavalas genyen. Se lafimen yap pompe nan radyo. Menm ti jefò 78 pwosè vèbal ke yo tal esaye fè nan sant tabilasyon pou manipilasyon politik anfavè koudeta-tranzisyon an pa mache. Misyon Obsèvasyon Elektoral Inyon Ewopeyen dekonstwui sa nan yon rapo ke yo pibliye. Lavalas ki vèkse reaji britalman kont Inyon Europeyen lè l di ke mesyedam sa yo se esklavajis. Kòmsi lè Inyon Ewopeyen tap ede Aristide ak Lavalas goumen pou demokrasi e kont koudeta militè an 1991-94, yo te bon men jodia pou Lavalas yo se esklavajis ? Yon bagay ki sèten nan estrateji koudeta Lavalas la laverite pa empòtan. Sa k empòtan se kisa ou kapab foure nan tèt pèp la kòm pwopagand-manti chak jou nan radyo pou jistifye koudeta-tranzisyon an se sa ki pi empòtan. Nan estrateji li Aristide pa gen okenn alyans fòmèl a oken lidè e pati politik. Lap eseye sèvi avèk yo taktikman pou esaye kraze Tèt Kale nan koudeta-tranzisyon pou Aristide al elimine pi devan INITE, VERITE, OPL, FUSION ak plizyè gwoup sosyete sivil la ki te kanpe anfas li an 2004. Se pousa ampil moun pa sezi lè yo aprann ke se yon motosyklèt ak yon amplwaye radyo Timoun ka l tire sou radyo Kiskeya.


Aristide vle elimine Moise Jean Charles de Pitit Dessalines ke yo rayi toutbon. Moise manje yon pati nan vòt lavalas la e li afebli oganizasyon sa a ampil. Aristide ak Maryse rayi Moise ke yo vle detwui.  Fanmi Lavalas pa padone Moise Jean charles pou jan li te travay ak Preval ak Inite pou kraze Lavalas e yo pa padone l non plis de jan li tal esaye pran tèt Fanmi Lavalas ak sipò FOPARK de Rony Timothe e jounalis Tout Haiti yo nan Nouyok. Gade video sa epi wap konpran animozite brital an Moise Jeanchal Pitit Dessalines e Jean Bertrand Aristide, popetwal li Maryse e Fanmi lavalas.  Lavalas nan jwèt taktik li pou koudeta-tranzisyon vle elimine Jude Celestin  (LAPEH) ke yo rayi paske li se pitit Rene Preval ki te mete Lavalas deyò nan eleksyon 2009 yo e ki te kenbe Aristide an ekzil an Afrik Disid an 2010. Jude Celestin se pitit politik  Rene Preval. Se sakfè Maryse Narcisse te deklare li pap mache dèyè Jude gen 3 semen de sa.

Moise Jean charles pou li jistifye jefò pou li fè yon koudeta-tranzisyon ap repete nan radyo ke se li ki genyen eleksyon sa yo. Yo kenbe li nan manti 29 Desamb 2015. Moise Jeanchal te pibliye rezilta ki montre ke li genyen san okenn pwosè vèbal pou pwouve sa 1er Novamb 2015, se te yon bagay aloral nèt san dokimantasyon. Akòz de direktè kanpay li Daly Valet ki se yon jounalis, laprès pat mande Moise dokimantasyon teknik pou apiye sa l t ap di yo. Laprès pa solidarite ak Daly bay Moise yon bèl woulib. 29 Desamb Moise Jean Charles bay yon dezyèm rezilta san dokimantasyon e san pwòsè vèbal. Jounalis Cyrus Sibert montre ke gen posibilite ke lajistis te ka rele Moise nan tribinal kom fòsè paske li prezante yon seri papye ak papye a antèt Pitit Dessalines kòm papye ofisyèl KEP a. Sa Moise fè 29 Desamb lan se te yon show blof pou patizan l yo. Sa pat chita sou oken dokimantasyon serye. Anplis lè ou analize rezilta 1er Novamb ke Moise Jean charles te bay ak rezilta 29 Desamb li yo ou dekouvri ke genyen yon diferans de 1 milyon 442 mil 881 vòt. Sa vle di se rezilta ke Moise Jeanchal ap fabrike e sèvi ak li kòm pwopagand politik pou jistifye koudeta-tranzisyon ke lap eseye fè pou pran pouvwa ilegalman.

Mirlande Manigat se youn nan entelektyèl poutchis kap mande koudeta-tranzisyon. Li pa ale nan eleksyon paske li pa fè pèp la konfyans e paske mesye MOPOD yo woule l ansamb ak RNDP. Lè madan Manigat gade tout moun ki tap pozisyone yo kom kandida li te eseye fè yon kou pou li te pran oganizasyon MOPOD nan men mesye anakopopilis yo tankou Samuel Madistin,  Anèl Belizè, Andre Michel e Newton Saint Juste. Men Madistin woule yo tout, mete yo deyò pou l te vini kandida pou Prezidan. Lè sa fin fèt twò ta bare madan Manigat. Depi 4 lane 2011-15 olye li ranfose RNDP kòm pati ki te soti dezyèm nan eleksyon 2010 yo l al pèdi tan li ak mesye anakopopilis yo nan yon pakèt reyinion bidon. Lè eleksyon an pwente, RNDP pat pare. Yo pat gen pwogwam , yo pat gen plan ni kandida solid. Bagay ke moun pa ta panse RNDP ki te dezyèm nan eleksyon 2010 pa menm la nan eleksyon 2015 yo. Sa montre’w 2 bagay. Ni enkonpetans de Madan Manigat kòm lidè ki nan tèt yon pati politik. Leslie Francois Manigat pa tap fè erè politik sa yo. Lè Madan Manigat wè ke genyen anpil militan RNDP ki move e ki soti pou mete l deyò nan pati a e ramplase l pou l ka rete lidè RNDP la l esaye kreye yon lespwa ke li kapab yon Prezidan Pwovizwa atravè yon seri de lèt ki montre byen klè ke plan koudeta-tranzisyon an te byen pare

Steven Benoit ki reyalize 1.14 pousan nan dènye eleksyon yo kom kandida pou Prezidan. Li se youn nan moun ka p fè pwomosyon koudeta-tranzisyon. Li pwopoze ke 10 senatè ki nan sena chita ansamb pou chwazi yon Prezidan le 7 Fevrye. Misye ak ampil entelektyèl ki genyen mantalite poutchis ap pale nan radyo kòmsi 7 Fevrye se yon dat fatidik e nan pyèsteyat ke yap jwe ak 2 ou 3 zanmi sou radyo yap eseye kreye yon anviwonman politik komsi lemond antye pra l kanpe jou sa a.  Pyèsteyat sa ke y ap jwe se yon fason pou jistifye tantativ koudeta ke yo pral fè 7 Fevrye. Nan sans sa yo sanble ampil ak poutchis ki tap prepare koudfòs. Men bagay ki fè Benoit lèd nan pwopozisyon li a se menm Steven Benoit laloz sa ki te nan sena a lè mesye INITE yo te vote yon lwa pou pwolonje manda Prezidan Preval ansyen bofrè li apre ke manda li te fini 7 Fevrye 2011. Rene Preval te anreta pou oganize eleksyon yo anvan 7 Fevrier 2011. Epòk sa mwen pa t tande okenn nan mesye sa yo kap rele nan radyo pale de ramplase Preval ak Bellerive pa yon Prezidan pwovizwa e yon gouvènman tranzisyon. Okontrè se mesye sa yo ki te vote yon lwa pou pwolonje manda Preval e pèmèt ke limenm ak Bellerive te rete jiska 14 Me 2011. Nou sonje ke Bellerive te rete Premye Minis jouk lè Mateli te monte Prezidan.  Jodi a se anakopopilis sa yo ki te pwolonje manda Preval apre 7 fevrye 2011 kap eseye jwe yon pyèsteyat sou radyo e pran poz ke apre le 7 fevrye ka genyen yon pwoblèm. Lè mwen tande nèg sa yo kap jwe pyèsteyat sa yo pou fè koudeta e bay tèt yo yon manda 2 lane san pèp la pandan ke yap eseye elimine vòt 1 milyon 600 mil moun mwen mande eske anakopopilis sa yo pran tout moun nan peyi a pou embesil.

Genyen tou 60 entelekektyèl ak mantalite poutchis ki siyen yon nòt e lage yon petisyon ke 350 moun siyem. Mesye entelektyèl poutchis sa yo mande pou yo elimine vòt 1 milyon 600 mil moun ki ta l vote. Map mande èske moun sa yo byen nan tèt yo oubyen èske yo soufri yon maladi. Kòman 60 moun (e gen 40 ladan yo ki pa t vote) kapab chita nan yon salon Potoprens derespekte pèp la nan mande anile 1 milyon 600 mil vòt ? èske se mantalite «apartheid» entelektyèl mesyedam sa yo ki fè ke yo panse ke yo siperyè a 1 milyon 600 moun ki tal vote yo, kifè ke yo kapab siyen yon bagay lèd konsa ? èske se yon fòm de rasis oubyen awogans 60 entelektyèl poutchis pòtoprens ki kwè ke yo pibon pase 1 milyon 600 mil moun ki vote ? èske demokrasi sa se pa yon vòt chak moun e pagen vòt pèson ki siperyè a vòt lòt moun paske tout vòt egal-ego ? Kèt ! Mwen pa kapab konpran mantalite entelektyèl poutchis sa yo. M ap fè rechèch toujou !

Gen kèk lòt anakopopilis ka p sèvi ak yon pakèt vye pwopozisyon san pèp la pou jistifye yon koudeta-tranzisyon menmjan militè te kon bay jistifikasyon pou jistifye koudeta militè nan rele sa koudfòs. Genyen 2 ou 3 jounalis kap esaye ede anakopopilis pouchis sa yo nan jefò pou eseye kreye yon anviwonman pou fè koudeta-tranzisyon. Mwen p ap site non yo nou konnen yo.

Peyi Dayiti genyen 2 opsyon devan li. Premye opsyon an gen ladan l enstalasyon palman an pou ranfòse demokrasi a. Sa deja fèt nan lespwa ke 50èm nan pa tounen 49èm nan. Aplikasyon rekomandasyon yo pa garanti ke dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo pi byen oganize. Prezidan peyi bay gouvènman an lòd pou aplike rekomandasyon yo. KEP tou di l ap aplike rekomandasyon sa yo. Yo deja di ke 70 pousan rekomandasyon yo deja aplike. Opsyon sa ap bay stabilite politik, pwogrè ekonomik e ranfosman enstitisyon yo. Dezyèm opsyon koudeta tranzisyon an kote chen manje chen pra l mete plis divizyon, violans, enstabilite politik pou lontan, degradasyon ekonomik, mizè, aplikasyon chat demokratik la, sanksyon sou pouchis yo ak fanmi yo e Ayiti ap tounen yon leta delala kote deblozay ap vale teren.


No comments:

Post a Comment