Thursday, May 24, 2018

Eta Jenero : Demokrasi, Pouvwa Politik ak Avni peyi Dayiti pa Stanley Lucas


Ampil nan moun ki vle pran e ekzèse pouvwa politik nan peyi dayiti parese ampil. Ampil ladan yo refize chita e reflechi sou kompleksite problèm ke peyi a ak pèp la ap viv . Yo refize chita e reflechi pou fè yon minimom de preparasyon k ap pèmèt yo dirije byen si pèp la bayo pouvwa leta nan eleksyon.

Ampil lidè peyi dayiti parese e enkonpetan
 Rezilta parès  sa a fè ke ampil nan moun k ap fè politik pa genyen okenn referans ideolojik. Program elektoral yo se yon pakèt slogan ki pa kanpe sou anyen serye an matyè de politik piblik. Akoz desa tout lajounen n ap obsève yon pakèt enprovizasyon, pale anpil nan radyo, san sibstans ki p ap mennen peyi a okenn kote.Yo champyon nan kritike e yo absan nan propoze solisyon. Paske pa gen preparasyon, planifikasyon e oganizasyon tout lajounen yo sètoblije ap entèvni e reponn sou kriz konjonktirèl paske popilasyon an nan yon zonn ou yon lòt pran lari e ap rele anmwe  e revandike pou yon problèm ke yo genyen. Dirijan politik toutbon pa fonksyone konsa. Dirijan politik toutbon toujou òganize pati politik pa yo, planifye alavans pou aji, antisipe problèm yo e solisyone yo. Lidè peyi dayiti ki parese e enkonpetan refize fèsa. Se pou rezon sa kifè ke lidè politik pa kapab genyen eleksyon paske yo pa genyen anyen pou ofri pèp la. Politik la se menmjan ak ekonomi, jwèt òf e demand ekziste ladanl tou. Demand la soti nan mitan pèp la e wol pâti politik yo se pou yo ofri bon machandiz solisyon. Pati politik yo pa fèssa. Se pousa ampil lidè politik anakopopilis toujou nan konplo pou pran pouvwa san eleksyon.

Jesyon leta : bouba won, pete kare
Pou nou mete koze sa a sou po tanbou, jesyon leta koute yon pakèt lajan pa rapò ak kèk minis ak direktè jeneral k ap regle zafè pèsonèl yo e kèk palmantè k ap menase tout lajounen , paske yo bezwen pozisyon nan ekzekitif la ak lajan. Reyalite sa fè ke yon pâti nan lajan leta ki ta dwe ale solisyone problèm pèp la depanse nan regle zafè pèsonèl. Kansè sa a ekziste nan leta a depi kèk jou. Leta pa kapab kontinye jere konsa paske  lè w rantre nan lojik sa a p ap gen ni mwayen ni resous ki rete pou reponn a bezwen pèp la e retire peyi a nan mizè e mennen l nan devlopman. Rezilta reyalite a  fè leta absan nan yon pakèt zonn nan peyi dayiti. Lè’w analize pifon ou dekouvri tou ke leta pa gen mwayen finansye pou peye pou tout pos e strikti ke konstitisyon an kreye. Se pousa moun k ap réfléchi yo pa sezi wè ke gen de fwa plizyè biwo leta konn pase ampil mwa san leta pa ka peye yo. Reyalite a sèke depi kèk tan nou gen yon leta bounda won, pete kare. Men pèsonn pa vle manyen e solisyone problèm sa a.  Depi plizyè ane pase yo solisyone problèm sa a, dirijan yo pito rantre nan defisi bidjetè ak yon seri de manèv ki foure nou pifon nan trou a.

Yon seri de nouvo lougawou
Kanta pou koripsyon se yon kansè ki rive jis nan zo. Akizasyon kont Prezidan, Premye Minis, Minis, Direktè Jeneral ki vòlè fè kenken tout lajounen nan radyo. Men pi gro vòlè k ap piye leta yo pa janm pale de yo. Radyo pè pèdi piblisite nan men yo. Yon pati nan sektè prive tradisyonèl la ansanm ak nèg sosyete sivil ap piye leta  depi plis ke 40 an, san yo pa gen pozisyon ofisyèl. Ekip lougarou sa a ki nan prive e nan sosyete sivil sou woulman e trafik infliyans tout lajounen nan palè nasyonal, nan primati, nan ministè yo, nan direksyon jeneral yo elatrye. Yo toupatou tankou sansi k ap pede souse leta. Leta se chwal papa yo. Lè yo pa mete moun pa yo nan kabinè ministeryèl ou nan lot pozisyon pou fè pou yo, fok ou maton ampil pou jwen tras dega ke yo fè andedan leta a travè kontra ou acha bidon.

Minotri, Petrokaribe, Gwoup de Boudon, Gwoup Blakawout, lougawou deyò
 Gade sakpase a Minotri, PL-480, biwo ak pwosesis monetizasyon nan achte e vann gaz, Varreux 1, 2 e 3, Petrokaribe wa komprann. Kom lougarou sayo ki nan prive e nan sosyete sivil pa gen pozisyon ofisyèl, tankou soumaren anba dlo lanmè, ou pa ka wè yo si ou pa maton. Kanta jesyon 1 milya 700 milyon Petrokaribe sou 3 Prezidan e 6 Premye Minis li malfèt. Menmsi genyen bagay kifèt lè ou konsidere projè ki komanse ki pa fini e projè kote lajan an depanse e projè yo pafèt, ou konstate ke gen problèm e jesyon an te kafèt pibyen. Fòk nou di tou te gen enkonpetans tou ladan l. Pandan 10 zan ke program saa ekziste genyen otorite leta ki asosye ak kèk nèg sektè prive kinan Gwoup de Boudon, Gwoup Blakawout elatrye melanje ak kèk blan ki mete ansanm pou volè yon pâti nan lajan petrokaribe. Si’w onèt w ap rekonèt ke genyen bagay kifèt toutbon ak lajan petrokaribe, te genyen enkonpetans e genyen tou volè ladan l. Pou nou wè klè nou dwe pran san nou pou nou separe diferan kategori sa yo. Moun serye gen dwa aprann pa dako sou strateji nan itilizasyon resous sa yo. Malerezman politik patizan anakopopilis melanje ak enkonpetans politik nèg ki vle pouvwa san eleksyon, ampeche peyi dayiti jwen laverite sou program sa. Sanble se lè bagay yo ranje Venezuela ke Ayiti pral jwen laverite sou kesyon sa a. Moun ki nan piye leta yo fonksyone byen ak moun ki nan trafik dwòg, moun k ap pote bwat lajan bayo e moun ki nan sistèm bankè e finansye kap ede yo blanchi lajan dwòg. Yo mete tèt ansanm pou kenbe sistèm nan anplas.

Yon gro krim kont pèp Ayisien
Depi 30 an, amplis de koripsyon anndan leta e pon ki ekziste ak dwòg dilè ki nan Johnson & Johnson, genyen tou jesyon èd entènasyonal la, ki genyen ampil koripsyon, trafik infliyans ak gaspiyaj sistematik k ap fèt. Jan blan yo kraze lajan èd bilatéral, miltilateral e donasyon prive pou Ayiti apre 12 Janvye 2010, bagay sa reprezante yon gro krim kont pèp Ayisien. Anakopopilis ki pè blan pa pale de sa ditou. Poutan se plis pase 13 milya dola ameriken ke sa reprezante. Wap remake tou nan dosye trafik dwòg Johnson & Johnson, blan yo de tanzantan ranmasse ti trafikan men gwo bankye kap blanchi yo pa enkyete. Okontrè gro pot politik louvri pou yo nan kapital peyi etranje yo e yo toujou chita nan tout reyinyon ak resepsyon ofisyèl. Dosye ipokrit sa merite analize.

Kase ren koripsyon an
Tout bagay sa yo merite pou ranje, men se pa yon travay fasil. Fòk ou gen ampil kouraj, karaktè, metòd, konpetans ak detèminasyon, fòk ou pa yon ti visye ki renmen lajan e pare pou sakrifye tèt ou pou kase ren koripsyon sa yo nan peyi dayiti. Lè ou komanse kase ren koripsyon an ou dwe metodik, disipline e fè atansyon pou’w pa mouri tankou Robert Marcelo oubyen pran koudeta tèlman kowompi yo awogan e pwuisan.

Eritaj 30 an lavaj sèvo
Sa nap viv la depi  apeprè 30 an, se pa yon aksidan ke li ye. Se eritaj yon ideoloji ki reyalize yon lavaj sèvo nan tèt pèp la e ki tabli tou yon sistèm jesyon ki gen pou l koule nou tout si nou pa chanje sa. Premye faz lavaj sèvo sa fèt de 1986 a 1990. Nan premye faz la, anakopopilis yo kraze tout valè tradisyonèl ke pèp la te kwè ladan l, ansanm ak kèk enstitisyon. Yo kraze kwayans relijye, valè moral nou ak valè ke travay e edikasyon te reprezante. Granmoun, jènn, fanm, gason, tout sosyete a te kwè nan travay kom zouti, mwayen kap pèmèt ou ateri ak rèv ke ou genyen nan lavi’w. Sosyete a te kwè nan travay ak konsyans latè, travay ak konsyans lekol, travay ak konsyans nan inivèsite, travay ak konsyans kom profesè, kom pè, kom pastè, kom peyizan elatrye. Depi 1986 ideolog anakopopilis chanje sa e kraze valè sa ke yo rele travay. Yo fè ampil malere kwè ke san edikasyon, san konpetans, san yo pa travay yo ka rive nenpot ki kote ke yo vle nan lavi. Se konsa anakopopilis yo pral kreye e kalé granmanjè, chimè, militan elatrye. Yo pral fòse tout moun konpetan retire kò yo, travayè pral fè revandikasyon san travay, elèv pral mande promosyon san etidye e san konpetans e eksperyans tout moun pral vle prezidan, premye minis, minis, direktè jeneral, senatè, depite, majistra, casec, delegue, elatrye. Pou kore koze sa yo, anako yo lage nan radyo chak jou yon kilti deba ki chita sou otodenigreman de tout sak Ayisien. Nan lavaj sèvo sa, anako fè ampil Ayisien pèdi konfyans nan tèt yo e fè kwè tou ke se blan ki ka fè. Anako yo tankou yon kansè kraze konsyans nasyonal la ampil kote. Fòk patriyòt levekanpe kont sa anvan pita pitris.

Ideoloji anakopopilis la fè peyi a fè bak
Rezilta :  lè’w chita pale ak majorité lidè pâti politik e yon pâti nan gro otorite leta pou poze problèm e chache solisyon ou mande kisa moun sa yo ap fè nan pozisyon sa yo tèlman yo enkonpetan e pa gen kalifikasyon pou pòs ke yo okipe. Se konsa leta anakopopilis tabli e fonksyone depi 30 an. Nan demokrasi pou leta a mache byen  e pou gen progrè fòk pati politik yo fonksyonèl e fòk tou lè 3 branch leta yo genyen ampil moun ki gen kompetans ak eksperyans landan yo ke pati politik mete. Nan nivo sa a, nou fè ampil bak òz de ideoloji anakopopilis la. Si pati politik yo pa solid e fonksyonèl sa pral genyen yon enpak negatif dirèk sou 3 branch pouvwa leta yo e sou sosyete sivil la. Nou dwe travay pou remambre pâti yo pou nou rive genyen 6 pati politik solid nan peyi dayiti.

Dezyèm faz lavaj sèvo
Dezyèm faz lavaj sèvo a sa fèt a pati de 1992. Li komanse ak anbago ke Aristide ak lavalas mete sou peyi dayiti e sou pèp la an 1992. Anbago sa a pral kraze kolònn vètebral ekonomik peyi a e l ap kraze tou anviwonman peyi dayiti. Pa genyen ekriven ayisien ki ekri vrèman sou katastròf ekonomik e anviwonmantal sa e analize siyifikasyon li sou avni peyi dayiti ak pèp la e mizè nap viv jodia. Dezyèm faz sa a pral kontinye ak Aristide ki mande 2 debakman solda etranje nan peyi dayiti. Aristide fè 22 mil solda ameriken debake an 1994. Lè ameriken yo deside retounen lakay yo an 1995, Aristide pral fè 17 mil solda nasyonzini debake an 1995. Prezans 20 an solda etranje nasyonzini nan peyi dayiti pral gen yon empak katastrofik sou mantal Ayisien. Prezans militè nasyonzini yo pral kreye yon empwuisans alalfwa senbolik e reyèl nan mitan yon pati nan pèp la. Prezans militè blan yo pral devlope yon filozofi nan mitan yon pati nan nouvo e ansyen jenerasyon Ayisien ka pral kwè se blan an ki kapab e ki dwe pran tout afè nou anchaj. Nan desizyon konze sa yo anakopopilis lavalas yo lage pouvwa reyèl nan men blan yo pandan ke tankou popetwèl yo kenbe pozisyon leta yo e fè makak ak machin ofisyèl,  sirènn nan lari a. Desizyon krakè anakopopilis yo reprezante yon gro kou nan mantal anpil nan jènn yo e reprezante yon fom de lavaj sèvo.

Kansè anakopopilis la
Tankou nou te di l piwo, toujou nan dezyèm faz la, ideoloji anakopopilis yo apre ke yo fè anpil Ayisien pèdi konfyans nan tèt yo, anako yo tabli nan radyo yon kilti otodenigreman pèmanan de tout sa ki Ayisien. Kòm rezilta politik otodenigreman anako yo, ampil granmoun tankou jènn pral pèdi konfyans nan Ayiti e avni nasyon an. Anako yo fè ampil moun kwè ke nasyon an pa kapab jere tèt li. Nan filozofi anako a kelkeswa inisyativ, projè, solisyon ke yon Ayisien propoze, anako yo kritike l e detrui l.  Anako yo toujou vle montre ke Ayisien pa kapab e Ayisien pa gen solisyon. Anako yo  pa janm ka gade aspè pozisitf Ayisien. Ideoloji otodenigreman anakopopilis yo afebli konsyans nasyonal la, kreye ampil divizyon e demanbre anviwonman sosyal ki te konn pèmèt Ayiti lontan nan tèt ansanm kanpe anfas tout danje ki te menase l e menase pèp la. Kòm rezilta de ideoloji kansè sa a ke anakopopilis yo simaye pandan 20 an, konsyans nasyonal ki te ekziste kay majorité Ayisien vle disparèt. Eritaj Aristide ak lavalas kite pou nou se yon kansè ki ka detrui nou tout si anyen pafèt.

Pou fini…
Se pousa moun ki pa kontamine pa kansè ideoloji otodenigreman anakopopilis yo dwe leve tèt yo, kanpe, goumen kont lavaj sèvo sa pou remambre konsyans nasyonal nou. Fok nou reaprann viv ansanm toutbon. Aprann viv ansanm, chita ansanm, dialogue ansanm pa kapab yon taktik pou jwen moso pouvwa politik san eleksyon. Li dwe yon mouvman reyèl pou remambre konsyans nasyonal, poze problèm konplèks yo e inove e kreye solisyon toutbon ki pou pèmèt nou soti nan trou ke ideoloji anakopopilis la lage nou. Se la petèt, si eta jenero yo byen oganize e reyisi nou ka kreye yon fenèt pou yon avni miyò pou peyi dayiti. Sa dwe komanse ak chanjman règ jwèt politik la ki se konstitisyon an, kreyasyon yon ideoloji ki remambre konsyans nasyonal peyi a e yon vizyon nasyonal klè pou 50 an kap vini la. Eske ou vle soti nan pyèj otodenigreman ke deba sal konjonktirèl yo ap ankouraje e ki ede ideloji kansè anakopopilis yo detrui Ayiti plis chak jou oubyen eske ou vle levekanpe travay pou chanje sa, pou ou bati konsyans nasyonal la?